BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 37 p. 90-p. 91 par. 1
  • Jewova pale ak Samyèl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova pale ak Samyèl
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Samyèl te kontinye fè sa ki byen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Li “te kontinye jwenn favè Jewova”
    Annou imite lafwa yo
  • Samyèl te kontinye fè sa ki dwat
    Anseye pitit ou
  • Yon tigason k ap sèvi Bondye
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 37 p. 90-p. 91 par. 1
Samyèl k ap ouvri pòt tabènak la.

LESON 37

Jewova pale ak Samyèl

Gran prèt Eli te gen de pitit gason, Ofni ak Fineyas, ki t ap sèvi kòm prèt nan tabènak la. Yo pa t obeyi lwa Jewova yo e yo t ap maltrete pèp la. Lè Izrayelit yo te konn pote bèt kòm sakrifis pou Jewova, Ofni ak Fineyas te konn pran pi bon moso vyann yo. Eli te tande sa pitit gason l yo t ap fè, men, li pa t fè anyen pou sa. Èske Jewova t ap kite bagay yo kontinye konsa?

Byenke Samyèl te pi jèn lontan pase Ofni ak Fineyas, li pa t fè menm jan avèk yo. Samyèl te fè kè Jewova kontan. Yon jou swa, pandan Samyèl t ap dòmi, li tande yon vwa ki rele l. Li leve, li kouri al jwenn Eli, epi li di l: ‘Men mwen wi!’ Men, Eli di: ‘M pa rele w. Retounen al dòmi.’ Samyèl te retounen nan kabann li. Epi, menm bagay la rive ankò. Samyèl te tande vwa a yon twazyèm fwa e li t al kot Eli ankò. Lè sa a, Eli vin konprann se Jewova ki t ap rele Samyèl. Li di Samyèl si l tande vwa a ankò, se pou l di: ‘Pale Jewova. Sèvitè w la ap koute w.’

Samyèl k ap rakonte Eli ki sa Jewova te di l.

Samyèl te retounen nan kabann li. Apre sa, li tande: ‘Samyèl! Samyèl!’ Li reponn: ‘Ou mèt pale, sèvitè w la ap koute w.’ Jewova di l: ‘Di Eli mwen pral pini l ansanm ak fanmi l. Li konnen pitit gason l yo ap fè sa ki mal nan tabènak la, men li pa fè anyen pou sa.’ Nan demen, Samyèl ouvri pòt ki mennen nan tabènak la, jan l te toujou fè sa. Li te pè di gran prèt la sa Jewova te di a. Men, Eli rele l, epi li mande l: ‘Pitit gason m, ki sa Jewova di w? Di m tout bagay.’ Se konsa, Samyèl te di Eli tout bagay.

Toutpandan Samyèl t ap grandi, Jewova te toujou avè l. Toupatou nan peyi a, tout Izrayelit yo te konnen Jewova te chwazi Samyèl kòm pwofèt e kòm jij.

“Se poutèt sa, sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan.” — Eklezyas 12:1.

Kesyon: Ki sa k fè Samyèl te diferan ak Ofni ak Fineyas? Ki mesaj Jewova te bay Samyèl?

1 Samyèl 2:12-17, 22-26; 3:1-21; 7:6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje