Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
ÈSKE gen yon moun tout moun ap dakò moun sa a se moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a? Ki sa k pèmèt ou wè nan ki pwen yon moun se yon moun enpòtan? Èske se sa l reyalize nan domèn militè? Èske se fòs li genyen? Èske se gwo bagay li reyalize grasa entèlijans li?
Istoryen ki rele H. G. Wells la te di sa k pèmèt yo ka wè nan ki pwen yon moun se yon moun ki enpòtan se ‘sa l kite dèyè l ak si l fè lòt moun vin reflechi sou yon seri nouvo ide ki tèlman gen fòs, menm lè l pa la ankò, ide sa yo kontinye rete’. Byenke Wells pa t di li se yon kretyen, men sa l te rekonèt: “Nan domèn sa a, se Jezi ki premye.”
Aleksann Legran, Chalmay (yo te rele Chalmay “Legran” menm lè li te vivan) ak Napoleyon Bonapat se te yon seri dirijan ki te pisan. Piske yo te gen bèl prestans, yo te gen gwo enfliyans sou moun yo t ap dirije yo. Epoutan, men sa Napoleyon te di selon sa yo rapòte: “Jezi Kris enfliyanse moun ki anba dominasyon l yo e li dirije yo san l pa la an pèsòn.”
Grasa ansèyman Jezi yo ki gen anpil fòs e grasa fason li t ap viv ann amoni ak ansèyman l yo, li egzèse gwo enfliyans sou lavi moun depi prèske de mil an. Men sa yon ekriven te di avèk rezon: “Menm lè yo konsidere tout lame ki te mobilize yo nèt, tout bato de gè yo te konstwi yo nèt, tout palman ki te reyini yo nèt ak tout wa ki t ap dirije yo nèt, e yo mete yo tout ansanm, yo pa rive enfliyanse lavi moun sou tè a yon fason ki pisan konsa.”
Yon pèsonaj istorik
Epoutan, sa k parèt dwòl, sèke gen moun ki di Jezi pa t janm egziste. Selon sa yo di, an reyalite, se kèk moun ki t ap viv nan premye syèk la ki te gen pèsonaj sa a nan imajinasyon yo. Men sa yon istoryen ki gen renome ki rele Will Durant reponn moun ki gen dout sa yo: “Pou yon ti gwoup mesye ki fè pati yon sèl jenerasyon ta rive envante yon pèsonaj ki tèlman pisan e ki tèlman atiran konsa, pou yo ta rive etabli prensip moral ki tèlman elve konsa e pou yo ta rive imajine yon fratènite ki ka pouse moun alaksyon konsa, se t ap yon mirak ki pi estrawòdinè pase tout lòt mirak yo rapòte nan Evanjil yo.”
Mande tèt ou: Èske yon moun ki pa t janm egziste ka rive enfliyanse istwa lèzòm nan pwen sa a? Men remak yon ouvraj referans fè: “Aktivite [Jezi] te fè yo gen pi gwo enpòtans istorik pase aksyon estrawòdinè nenpòt lòt pèsonaj istorik te akonpli, menm selon yon pwennvi ki toutafè òdinè. Prensipal sivilizasyon yo nan monn nan rekonèt gen yon nouvo epòk ki kòmanse lè l te fèt.” — The Historians’ History of the World.
Fè yon ti reflechi. Menm almanak yo jodi a baze sou ane moun panse Jezi te fèt la. Men sa yon ansiklopedi esplike: “Dat ki vin anvan ane sa a, yo rele yo anvan Kris. Dat ki vin apre ane sa a, yo rele yo anno Domini (nan ane Seyè nou an).” — The World Book Encyclopedia.
Sepandan, moun k ap fè kritik yo fè remake tout sa nou konnen vrèman sou Jezi, se nan Bib la nou jwenn yo. Yo di pa gen okenn lòt bagay yo ekri nan epòk li a ki pale de li. Menm H. G. Wells ekri: “Ansyen istoryen women yo pa t pale de Jezi ditou. Li pa kite okenn tras nan sa listwa rapòte konsènan epòk li a.” Men, èske se vre?
Se vre pa gen anpil kote istoryen ki t ap viv nan premye syèk yo pale de Jezi Kris, men, kote yo pale de li yo egziste. Men sa Tasit, yon istoryen women ki gen renome ki t ap viv nan premye syèk la, ekri: “Non [kretyen] yo genyen an soti nan non Kris, li menm gouvènè Pons Pilat te egzekite sou rèy Tibè.” Syetòn ak Plin Pi Jèn nan, de lòt ekriven women nan epòk la, pale de Kris tou. Anplis de sa, Flaviyis Jozèf, yon istoryen juif ki t ap viv nan premye syèk la, pale de Jak kòm “frè Jezi, li menm yo te rele Kris”.
Men ki konklizyon yon ansiklopedi fè: “Sa yo te ekri yo demontre nan tan lontan menm moun ki te opoze ak krisyanis la pa t janm gen dout sou Jezi antanke yon moun ki te egziste toutbonvre. Premye fwa yo te kòmanse gen dout sou sa, yon dout ki te baze sou agiman ki pa solid, se nan fen 18yèm syèk la, pandan 19yèm syèk la ak nan kòmansman 20yèm syèk la.” — The New Encyclopædia Britannica.
Sepandan, an reyalite, tout sa moun konnen sou Jezi, se disip li yo ki t ap viv nan premye syèk la ki rapòte yo. Sa yo te rapòte yo, se nan Bib la yo ye, nan Evanjil Matye, Mak, Lik ak Jan te ekri yo. Ki sa istwa sa yo di konsènan kiyès Jezi te ye?
An reyalite, kiyès li te ye?
Moun ki te konn ansanm ak Jezi nan premye syèk la te poze tèt yo kesyon sa a. Lè yo te wè Jezi fè yon mirak pou l kalme lanmè a ki te move anpil, yo te sezi e yo t ap mande tèt yo: “Kiyès misye ye menm?” Annapre, nan yon lòt okazyon, Jezi te mande apot li yo: “Kiyès nou di mwen ye?” — Mak 4:41; Matye 16:15.
Si yo ta poze w kesyon sa a, ki jan w t ap reponn? Anfèt, èske Jezi se te Bondye? Jodi a, anpil moun di wi. Epoutan, moun ki te konn avè l yo pa t janm kwè li se Bondye. Men sa apot Pyè te reponn lè Jezi te poze kesyon an: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.” — Matye 16:16.
Jezi pa t janm pretann li se Bondye, men li te rekonèt li se Mesi Bondye te pwomèt la, oubyen Kris la. Li te di tou li se “Pitit Bondye”, li pa Bondye (Jan 4:25, 26; 10:36). Epoutan, Labib pa di Jezi se te yon moun tankou nenpòt moun. Li te yon moun trè espesyal, paske Bondye te kreye l anvan tout bagay (Kolosyen 1:15). Pandan plizyè milya ane, menm anvan Bondye te kreye linivè, Jezi te egziste antanke espri nan syèl la e li te gen relasyon sere sere ak Papa l, Jewova Dye, Gran Kreyatè a. — Pwovèb 8:22, 27-31.
Ansuit, sa gen anviwon de mil an, Bondye te transfere lavi Pitit li a nan vant yon fi, e Jezi te vin yon moun, yon pitit Bondye gen sou tè a. Li te fèt yon fason nòmal, li te soti nan vant yon fi (Galat 4:4). Pandan Jezi t ap devlope nan vant Mari e pandan li t ap grandi lè l te timoun, li te depann de moun Bondye te chwazi pou vin paran l sou tè a. Rive yon lè, Jezi te vin gran, e Bondye te pèmèt li sonje tout ti detay sou relasyon li te gen avè l nan syèl la. — Jan 8:23; 17:5.
Rezon ki fè se li ki pi enpòtan
Jezi se moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a, paske li te byen imite Papa l ki nan syèl la. Antanke Pitit ki fidèl, Jezi te tèlman byen imite Papa l li te ka di disip li yo: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” (Jan 14:9, 10). Nan kèlkeswa sitiyasyon Jezi te ye lè l te sou tè a, li te aji egzakteman menm jan Papa l, Bondye Toupisan an, t ap aji. Men sa l te di: “Se pa mwen poukont mwen ki deside fè anyen, men, se sa Papa a anseye m mwen di.” (Jan 8:28). Konsa, lè nou egzamine lavi Jezi Kris, nou kapab wè aklè kiyès Bondye ye.
Se sa k fè, menm lè apot Jan te rekonèt “okenn moun pa janm wè Bondye”, li te ka ekri: “Bondye se lanmou.” (Jan 1:18; 1 Jan 4:8). Jan te ka ekri sa paske l te wè lanmou Bondye grasa lanmou li te wè Jezi genyen, li menm ki te sanble ak Papa l yon fason ki pafè. Jezi te gen konpasyon, li te gen bonte, li te gen imilite e li te abòdab. Moun ki fèb ak moun yo te konn toupizi te santi yo alèz avè l. Konsa tou, tout kalite moun te santi yo alèz avè l, anpalan de gason, fi, timoun, moun rich, moun pòv, moun ki gen pouvwa, e menm moun ki te konn fè gwo peche. Se sèlman moun ki te gen mechanste nan kè yo ki pa t renmen l.
Anfèt, Jezi pa t annik anseye disip li yo pou youn renmen lòt, men li te montre yo jan pou yo fè sa. Li te di yo: “Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt.” (Jan 13:34). Men sa youn nan apot li yo te esplike: “Konnen lanmou Kris demontre a [...] depase konesans.” (Efezyen 3:19). Wi, lanmou Kris te demontre a depase tout konesans entèlektyèl e lanmou sa a fè lòt moun “oblije” reyaji (2 Korentyen 5:14). Donk, se sitou lanmou estrawòdinè Jezi te demontre a ki fè li se moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a. Lanmou li te demontre a touche kè plizyè milyon moun syèk apre syèk e lanmou sa a gen bon enfliyans sou vi yo.
Epoutan, gen moun ki ka di: ‘Gade tout krim yo te fè nan non Kris, pa egzanp te gen yon seri gè relijyon ki te konn fèt ki rele kwazad, te gen Enkizisyon e te gen yon pakèt gè kote yo te wè plizyè milyon moun ki di yo se kretyen k ap touye youn lòt sou liy batay ki opoze youn ak lòt.’ Men, alaverite, moun sa yo ki di yo se disip Jezi aji yon fason ki demanti sa yo di yo ye a. Ansèyman Jezi yo ak fason li te viv kondane aksyon yo fè yo. Menm Mohandas Gandhi, yon endou, te santi l pouse pou l di: ‘Mwen renmen Kris, men mwen meprize kretyen yo paske yo pa viv jan Kris te viv la.’
Byenfè moun jwenn lè yo aprann konnen l
Se sèten, jodi a pa gen anyen ki ka pi enpòtan pase egzamine lavi Jezi Kris ak aktivite li te konn mennen. Men konsèy apot Pòl te bay: “Fikse je nou sou Jezi [...]. Wi, reflechi seryezman sou moun sa a.” E Bondye li menm te bay lòd konsènan Pitit li a. Li te di: “Koute l.” Se sa liv sa a ki gen tit Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a pral ede nou fè. — Ebre 12:2, 3; Matye 17:5.
Nou fè efò pou nou prezante tout evènman ki te pase nan lavi Jezi lè l te sou tè a, jan yo rapòte sa nan kat Evanjil yo, san wete diskou ak egzanp li te bay yo ansanm ak mirak li te fè yo. Otank posib, nou rapòte tout bagay nan lòd yo te pase yo. Nan fen chak chapit, gen yon lis vèsè biblik, e se sou yo chapit la baze. Nou ankouraje w li vèsè sa yo e nou ankouraje w reponn kesyon yo poze yo.
Sa pa gen twò lontan, gen yon biblis nan inivèsite Chikago ki te deklare: “Yo te ekri plis bagay sou Jezi nan ven dènye ane sa yo pase nan de mil an ki te pase anvan yo.” Epoutan, li enpòtan anpil pou nou chak egzamine sa ki nan Evanjil yo. Paske, jan yon ansiklopedi di l la, “jodi a, anpil etidyan tèlman pran tan ap egzamine teyori ki an kontradiksyon youn ak lòt sou Jezi ak sou Evanjil yo, yo pa egzamine Evanjil yo ki se prensipal sous enfòmasyon yo.” — The Encyclopædia Britannica.
Apre w fin byen egzamine sa ki nan Evanjil yo san prejije, nou panse w ap dakò pi gwo evènman ki pase nan tout listwa limanite se evènman ki te rive sou rèy Seza Ogis, lè Jezi, moun Nazarèt, te vini pou l bay lavi l pou nou.