BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yp2 p. 193
  • Egzanp: Ezekyas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Egzanp: Ezekyas
  • Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Sou menm sijè a
  • Bondye pote wa Izkiya sekou
    Liv istwa biblik mwen an
  • Sèt bèje, uit dik: Ki sa sa vle di pou nou jodi a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Ann imite bon zanmi Jewova yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • “O Jewova [...] Mwen fè w konfyans”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
Gade plis
Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
yp2 p. 193

Egzanp: Ezekyas

Ezekyas te gen yon gwo chwa pou l fè. Li te gen 25 an sèlman lè l te vin wa peyi Jida. Ki kalite wa li t ap ye? Èske l t ap kite move egzanp papa l, wa Ahaz, enfliyanse l? Ahaz te yon aposta e pou jis li mouri li pa t janm repanti. Li te fè pwomosyon pou fo adorasyon e li te menm boule omwen youn nan frè Ezekyas yo bay yon fo dye (2 Kwonik 28:1-4). Men, Ezekyas pa t kite move konduit papa l fè l vire do bay vrè adorasyon an, nitou li pa t santi li te kondane pou l fè menm erè papa l te fè yo. Olye de sa, Ezekyas te kontinye rete “fidèl ak Jewova”. — 2 Wa 18:6.

Èske gen youn nan paran w yo k ap pase adorasyon w ap bay Jewova a nan jwèt? Èske li maltrete w oswa li esklav yon vye defo? Si se sa, ou pa oblije fè menm bagay avè l! Ezekyas pa t kite fanmi kote l soti detwi lavi l. Anfèt, li te tèlman yon bon wa sa fè “pa t gen pèsonn tankou l pami tout moun ki te wa nan Jida yo, ni anvan l, ni apre l”. (2 Wa 18:5.) Menm jan ak Ezekyas, ou ka reyisi lavi w malgre sitiyasyon difisil fanmi w ladan l lan. Ki jan? Lè w kontinye rete “fidèl ak Jewova”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje