BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jl leson 11
  • Poukisa n al asiste kongrè?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa n al asiste kongrè?
  • Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Sou menm sijè a
  • Reyinyon ki la “pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
jl leson 11

LESON 11

Poukisa n al asiste kongrè?

Yon kongrè rejyonal Temwen Jewova yo nan peyi Meksik.

Meksik

Y ap prezante yon piblikasyon nan yon kongrè rejyonal nan peyi Almay.

Almay

Temwen Jewova yo k ap asiste yon kongrè rejyonal nan peyi Botswana.

Botswana

Yon jèn gason k ap batize nan peyi Nikaragwa.

Nikaragwa

Yon dram kote moun yo abiye selon epòk la nan yon kongrè rejyonal ann Itali.

Itali

Poukisa moun sa yo kontan konsa? Y ap asiste yon kongrè Temwen Jewova yo. Menm jan ak sèvitè Jewova nan tan lontan yo ki te resevwa lòd pou yo rasanble twa fwa chak ane, nou chofe pou n al asiste kongrè nou yo (Detewonòm 16:16). Chak ane, nou gen twa gwo evènman espesyal nou asiste: De asanble sikonskripsyon, yo chak dire yon jou, ak yon kongrè rejyonal ki dire twa jou. Ki byenfè nou jwenn lè n asiste asanble sa yo?

Yo fè relasyon n gen ak kretyen parèy nou yo vin pi solid. Menm jan Izrayelit nan tan lontan yo te kontan louwe Jewova “nan asanble yo”, nou menm tou, nou kontan adore Jewova ansanm nan evènman espesyal sa yo (Sòm 26:12, nòt; 111:1). Asanble yo pèmèt nou rankontre Temwen ki nan lòt kongregasyon oswa ki nan lòt peyi epi fè zanmi avè yo. A midi, nou manje nan lokal yo fè asanble a, sa fè anbyans lan vin pi amikal nan moman sa yo (Travay 2:42). Nan asanble sa yo nou wè lanmou ki ini “tout frè nou yo” sou tè a ak je nou. — 1 Pyè 2:17.

Yo fè n gen pi bon relasyon ak Bondye. Izrayelit yo te jwenn anpil byenfè lè “yo te konprann pawòl” yo t ap esplike yo ki soti nan Ekriti yo (Neyemi 8:8, 12). Nou menm tou, nou bay enstriksyon nou resevwa nan asanble nou yo anpil valè. Chak asanble gen yon tèm ki baze sou Bib la. Nou aprann fason pou n fè volonte Bondye nan lavi nou grasa diskou ki enteresan yo bay ak demonstrasyon yo fè. Nou jwenn ankourajman lè n tande jan kèk kretyen rive rezoud pwoblèm yo rankontre nan lavi yo nan epòk difisil n ap viv la. Nan kongrè rejyonal yo, gen dram kote moun yo abiye jan moun te konn abiye nan tan lontan, sa fè istwa biblik yo vin pi vivan e sa pèmèt nou aprann leson ki itil nou. Nan chak asanble, gen moun ki batize pou yo montre yo vwe lavi yo bay Bondye.

  • Poukisa asanble yo se evènman ki bay kè kontan?

  • Ki byenfè w ap jwenn lè w asiste yon asanble?

CHÈCHE KONN PLIS

Si w vle pi byen konn frè ak sè yo, tanpri, al nan pwochen asanble ki pral fèt la. Moun k ap fè etid ou a ka montre w yon pwogram k ap ede w wè de ki sa yo pale nan asanble yo. Make dat pwochen asanble a ak kote l ap fèt nan kalandriye w. Epi, fè tout efò pou w la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje