CHAPIT 7
Reyinyon ki la “pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”
PANDAN syèk ki pase yo, pèp Jewova a te konn reyini ansanm yon fason ki òganize. Nan Izrayèl tan lontan an, tout gason yo te konn al Jerizalèm pou yo fete twa gwo fèt (Det. 16:16). Nan premye syèk la, kretyen yo te konn reyini ansanm regilyèman, e souvan se lakay youn nan yo yo te konn reyini (Flm. 1, 2). Jodi a, nou kontan lè nou nan reyinyon, nan asanble ak nan kongrè. Poukisa sèvitè Jewova yo reyini ansanm? Rezon prensipal la sèke reyinyon sa yo enpòtan nan adorasyon n ap bay Bondye a. — Sòm 95:6; Kol. 3:16.
2 Moun ki la nan reyinyon yo jwenn byenfè tou. Men sa Bondye te di Izrayelit yo pou yo fè chak setyèm ane yo t ap fete fèt Tonèl la: “Nou dwe rasanble tout pèp la, ni gason, ni fi, ni timoun, ni etranje k ap viv anndan vil nou yo, pou yo ka koute, pou yo ka aprann konnen Jewova, Bondye nou an, pou yo ka gen lakrentif pou li e pou yo ka byen suiv tout sa li mande nan Lwa sa a.” (Det. 31:12). Yon bagay ki klè sèke li enpòtan pou nou reyini ansanm pou ‘Jewova ka anseye nou’. (Eza. 54:13.) Mete sou sa, reyinyon yo fè li posib pou nou aprann konnen youn lòt, pou nou jwenn ankourajman e pou nou fòtifye lafwa nou lè nou ansanm ak frè ak sè n yo.
REYINYON KONGREGASYON YO
3 Disip ki te reyini ansanm apre fèt Pannkòt la te pran tan pou yo koute ansèyman apot yo, e “toule jou, yo te reyini ansanm nan tanp lan”. (Tra. 2:42, 46.) Annapre, lè kretyen yo te konn reyini pou yo adore Bondye, yo te konn li Ekriti sakre yo, san wete lèt apot yo ak lòt disip te ekri kongregasyon yo (1 Kor. 1:1, 2; Kol. 4:16; 1 Tes. 1:1; Jak 1:1). Te konn gen priyè ki fèt nan kongregasyon yo (Tra. 4:24-29; 20:36). Pafwa, misyonè yo te konn rakonte eksperyans yo te fè (Tra. 11:5-18; 14:27, 28). Yo te konn egzamine ansèyman ki nan Bib la ak pwofesi ki nan Bib la. Nan reyinyon sa yo, yo te jwenn enstriksyon sou ki kalite konduit kretyen yo dwe genyen e sou enpòtans pou yo devwe nan sèvis y ap bay Bondye a. Tout moun te jwenn ankourajman pou yo chofe nan preche bon nouvèl la. — Wom. 10:9, 10; 1 Kor. 11:23-26; 15:58; Efe. 5:1-33.
Nan dènye jou sa yo ki difisil pou moun sipòte, nou bezwen jwenn ankourajman lè nou reyini ansanm regilyèman.
4 Nan epòk pa nou an, reyinyon nou yo fèt selon fason reyinyon yo te konn fèt nan epòk apot yo. Nou suiv konsèy Bondye ban nou nou jwenn nan Ebre 10:24, 25 ki di: “Annou voye je youn sou lòt [...], san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” Nan dènye jou sa yo ki difisil pou moun sipòte, nou bezwen jwenn ankourajman lè nou reyini ansanm regilyèman yon fason pou nou ka fòtifye lafwa nou e pou nou kenbe fidelite nou (Wom. 1:11, 12). Antanke kretyen, n ap viv nan mitan yon jenerasyon ki kwochi e ki kòwonpi, men, nou rejte konduit ki dezonore Bondye ak dezi ki nan monn nan (Flp. 2:15, 16; Tit 2:12-14). Vrèmanvre, èske nou pa pi pito reyini ansanm ak moun ki fè pati pèp Jewova a (Sòm 84:10)? Ki lòt bagay ki plis itil nou pase lè nou reyini ansanm pou nou etidye Pawòl Bondye a e pou nou pale sou li? Kounye a, ann fè yon ti pale sou reyinyon nou yo ki la pou ede nou.
REYINYON WIKENN YO
5 Nan premye pati reyinyon ki fèt nan wikenn yo, yo bay yon diskou ki baze sou Bib la sitou pou moun ki pa Temwen Jewova, petèt gen ladan yo se premye fwa yo asiste reyinyon yo. Diskou piblik sa a ki enpòtan pèmèt ni moun ki fèk ap vin nan kongregasyon an, ni pwoklamatè yo jwenn bonjan manje espirityèl. — Tra. 18:4; 19:9, 10.
6 Kris Jezi, apot li yo ansanm ak lòt kretyen ankò te konn bay diskou piblik menm jan sa fèt nan mitan pèp Jewova a jodi a. Se sèten Jezi se pi gwo oratè ki te gen sou tè a. Men sa kèk moun te di apre yo te fin tande l k ap anseye: “Pa janm gen yon moun ki pale konsa.” (Jan 7:46). Jezi te konn pale avèk otorite, e moun ki te konn koute l te rete bouch ouvè (Mat. 7:28, 29). Moun ki te apresye mesaj li a te jwenn anpil byenfè (Mat. 13:16, 17). Apot yo te suiv egzanp li. Nan Travay 2:14-36, nou jwenn yon kokennchenn diskou apot Pyè te bay nan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an. Plizyè milye moun ki te la te aji sou baz sa yo te tande yo. Annapre, gen moun ki te vin kwayan apre yo te tande yon diskou apot Pòl te bay nan Atèn. — Tra. 17:22-34.
7 Menm jan an tou, nan epòk nou an, gen plizyè milyon moun ki jwenn byenfè grasa diskou piblik ki fèt chak semèn nan kongregasyon yo ak diskou piblik ki fèt nan asanble yo ak kongrè yo. Diskou sa yo ede nou jwenn ansèyman ki enpòtan pou nou antanke kretyen e yo ede nou rete tennfas nan travay Wayòm nan. Si nou envite moun ki enterese yo ak lòt moun an jeneral, n ap kapab ede yo konnen ansèyman de baz ki nan Bib la.
8 Nan diskou piblik yo, yo pale sou diferan sijè. Gen diskou ki pale sou kwayans nou oswa sou pwofesi, sou prensip ki nan Bib la, sou konsèy pou fanmi oswa pou moun ki marye. Gen lòt diskou ki pale sou sitiyasyon jèn yo ap rankontre, sou sa ki byen ak sa ki mal, sou bèl bagay Jewova kreye yo, sou lafwa kèk moun yo pale de yo nan Bib la, sou kouraj yo ak fidelite yo. Nan diskou sa yo, oratè a ede moun ki la yo wè ki leson yo kapab aprann pou epòk nou an.
9 Pou nou byen pwofite diskou piblik yo, li enpòtan anpil pou nou rete konsantre pandan y ap bay diskou a, pou nou chèche vèsè oratè a pral li yo, pou nou suiv li byen pandan l ap li yo e l ap esplike yo (Lik 8:18). Si nou aji konsa, n ap byen konprann enfòmasyon l ap prezante yo e n ap detèmine pou nou aplike yo. — 1 Tes. 5:21.
10 Si gen plizyè oratè ki disponib, y ap bay yon diskou piblik chak semèn. Souvan, sa rive fèt paske yo envite oratè ki nan kongregasyon ki nan zòn nan vin bay diskou nan kongregasyon an. Si pa gen ase oratè ki disponib, yo bay diskou sa yo pi souvan posib.
11 Dezyèm pati reyinyon wikenn nan se Etid Toudegad la. Se yon etid ki fèt ak kesyon repons e li baze sou yon atik ki gen nan Toudegad ki gen atik etid yo. Jewova ban nou manje espirityèl nan bon moman pa mwayen peryodik Toudegad la.
12 Souvan, atik n ap etidye yo montre ki jan pou nou aplike prensip ki nan Bib la nan lavi nou chak jou, yo ede kretyen yo reziste kont “lespri monn nan” e yo ede yo pou yo pa tonbe nan move konduit (1 Kor. 2:12). Nan Toudegad nou jwenn plis limyè sou kwayans nou yo ak pwofesi yo, sa ki ede nou konprann Bib la pi byen e ki ede nou rete nan chemen moun ki dwat yo (Sòm 97:11; Pwo. 4:18). Lè nou asiste Etid Toudegad la e nou patisipe ladan l, sa ka ede nou rejwi nan esperans nou genyen konsènan monn nouvo Jewova pwomèt nou an (Wom. 12:12; 2 Pyè 3:13). Lè nou gen abitid pase tan ak frè ak sè n yo, sa ede nou devlope fwi lespri a e sa fè nou gen plis detèminasyon pou nou chofe nan sèvis n ap bay Jewova a (Gal. 5:22, 23). Konsa, nou jwenn fòs pou nou andire devan pwoblèm e pou nou bati “yon bon baz pou lavni”, yon fason pou nou ka “kenbe lavi toutbon an fèm”. — 1 Tim. 6:19; 1 Pyè 1:6, 7.
13 Ki jan nou kapab byen pwofite dispozisyon sa a Bondye pran pou ban nou manje espirityèl la? Nou dwe prepare atik yo alavans, swa poukont nou swa an fanmi, e nou dwe li vèsè yo bay yo. Lè nou nan reyinyon an, nou dwe fè efò pou nou bay repons nan pwòp mo pa nou. Sa ap fè verite ki nan Bib la antre fon nan kè nou, e lòt moun ap jwenn byenfè lè yo tande kòmantè nou fè ki demontre lafwa nou. Lè nou pran san nou pou nou koute kòmantè lòt moun yo ap fè, n ap byen pwofite atik yo chak semèn.
REYINYON KI FÈT LASEMÈN YO
14 Chak semèn, tout moun nan kongregasyon an reyini nan Sal Wayòm nan pou yo asiste yon reyinyon ki rele Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen. Reyinyon sa a gen twa pati ladan l ki fèt yon fason pou ede nou “vin kalifye kòmsadwa” antanke sèvitè Bondye (2 Kor. 3:5, 6). Pwogram pou reyinyon sa a ak enfòmasyon n ap bezwen pou reyinyon sa a parèt nan yon piblikasyon ki rele Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen: Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri. Gen kèk modèl konvèsasyon tou yo bay pou travay predikasyon an nan Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a.
15 Premye pati nan reyinyon sa a, ki rele Trezò ki nan Pawòl Bondye a, ap ede nou konprann nan ki kontèks istwa ki nan Bib la t ap dewoule e l ap ede nou wè ki jan nou kapab aplike leson nou aprann nan istwa sa yo nan lavi nou. Nan reyinyon sa a, gen yon diskou, yon lekti ak yon patisipasyon ki baze sou lekti Labib pou semèn nan. Nan Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a, gen yon seri foto ak espas pou nou ekri k ap pèmèt nou pi byen konprann istwa yo. Lè nou egzamine Labib konsa, sa ede nou nan lavi nou chak jou ak nan fason nou anseye, yon fason pou nou ‘vin kalifye nèt, pou n vin gen tout sa n bezwen pou n fè tout bon travay’. — 2 Tim. 3:16, 17.
16 Dezyèm pati nan reyinyon sa a, ki rele Byen prepare w pou travay predikasyon an, bay tout moun posiblite pou yo fè pratik pou travay predikasyon an e pou yo amelyore kapasite yo genyen pou yo preche ak anseye. Anplis patisipasyon elèv yo, yo egzamine videyo modèl konvèsasyon yo. Pati sa a nan reyinyon an ede nou jwenn “fòmasyon” pou nou ka konnen ‘ki jan pou n di pawòl ki kòrèk pou n reponn moun ki fatige a’. — Eza. 50:4.
17 Nan twazyèm pati nan reyinyon sa a, ki rele Lavi nou antanke kretyen, yo montre ki jan nou kapab aplike prensip ki nan Bib la nan lavi nou chak jou (Sòm 119:105). Yon aspè enpòtan nan twazyèm pati sa a se Etid biblik kongregasyon an. Menm jan ak Etid Toudegad la, Etid biblik la fèt sou fòm kesyon repons.
18 Chak mwa, lè kongregasyon an resevwa Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a, kowòdonatè gwoup ansyen an, oubyen yon ansyen k ap ede l, byen egzamine tout patisipasyon yo e li fè yon pwogram. Chak semèn, yon ansyen ki se yon bon anseyan gwoup ansyen an chwazi, ap sèvi kòm prezidan reyinyon an. Li gen responsablite pou l felisite epi konseye elèv yo e pou l veye pou reyinyon an kòmanse alè epi l fini alè.
19 Lè nou prepare reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a regilyèman, nou asiste l e nou patisipe ladan l regilyèman, n ap vin konn Bib la byen, n ap konnen prensip ki nan Bib la, n ap santi nou pi alèz nan travay predikasyon bon nouvèl la e n ap vin pi maton nan fè disip. Moun ki poko batize ki asiste reyinyon sa a ap jwenn byenfè tou grasa sijè yo prezante nan reyinyon an e lefètke yo pase tan ak frè ak sè yo. Pou nou kapab prepare reyinyon sa a ak lòt reyinyon ankò, nou kapab sèvi ak Watchtower Library, JW Library®, BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower™ (si l disponib nan lang pa w) ak bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan. Nan bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan, n ap jwenn piblikasyon Temwen Jewova yo, Index des publications des Témoins de Jéhovah, Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch, diferan tradiksyon Labib, yon konkòdans, yon diksyonè ak lòt liv ankò. Nenpòt moun kapab itilize bibliyotèk sa a anvan oswa apre reyinyon yo.
REYINYON PREDIKASYON
20 Nan diferan jou nan semèn nan e pandan wikenn yo, gen pwoklamatè ki reyini ansanm pandan yon ti tan pou yo soti nan predikasyon. Nòmalman, reyinyon sa yo fèt lakay yon frè oswa yon sè oubyen lòt kote ankò ki apwopriye pou sa. Yo kapab itilize Sal Wayòm nan tou pou reyinyon sa yo. Lefètke gen plizyè kote nan tèritwa a pou yon ti gwoup frè ak sè rankontre pou y al preche, li pi fasil pou frè ak sè yo ale nan reyinyon predikasyon yo e pou y al nan tèritwa yo pral preche a. Moun k ap kondui reyinyon sa a ap òganize frè ak sè yo byen rapid pou yo kapab ale nan tèritwa a san pèdi tan. Reyinyon sa a fè li pi fasil tou pou siveyan gwoup predikasyon yo ede frè ak sè ki nan gwoup yo a. Menmsi li pi bon pou gwoup predikasyon yo reyini apa, sikonstans yo ka fè plizyè gwoup reyini ansanm. Pa egzanp, si pa gen anpil pwoklamatè ki soti nan jou semèn yo, li ka pi bon pou plizyè gwoup reyini ansanm oswa pou tout gwoup predikasyon yo reyini nan Sal Wayòm nan oswa yon lòt kote ki apwopriye. Konsa, pwoklamatè yo ap gen moun pou preche ak yo. Li kapab bon tou pou gwoup predikasyon yo reyini nan Sal Wayòm nan nan jou fèt yo. Apre Etid Toudegad la, li ka bon pou gwoup predikasyon yo reyini nan Sal Wayòm nan.
21 Si gwoup predikasyon yo reyini apa, siveyan gwoup yo ap kondui reyinyon predikasyon an. Detanzantan, yon siveyan gwoup kapab mande adjwen l lan oswa yon lòt frè ki kapab pou l kondui reyinyon sa a. Li dwe fè preparasyon pou l pale sou kèk enfòmasyon k ap itil frè ak sè yo lè yo rive nan tèritwa a. Apre sa, moun k ap kondui reyinyon an ap fè aranjman pou frè ak sè yo al preche e yon moun ap fè lapriyè. Apre sa, gwoup la ap deplase tousuit pou l al nan tèritwa a. Reyinyon sa a dire ant 5 a 7 minit, men li ta dwe pi kout toujou si l fèt tousuit apre yon lòt reyinyon. Nan reyinyon sa a, frè ak sè yo dwe jwenn ankourajman, yo dwe resevwa kèk enfòmasyon k ap itil yo nan tèritwa a ak enstriksyon konsènan ak ki moun y ap preche e ki kote y ap preche. Nouvo yo ak lòt moun ki bezwen èd kapab travay ak pwoklamatè ki gen plis eksperyans pou yo ka jwenn fòmasyon.
ARANJMAN POU REYINYON POU NOUVO KONGREGASYON AK TI KONGREGASYON
22 Ofiramezi plis moun ap vin disip Jezi, kantite kongregasyon yo ap vin pi plis. An jeneral, siveyan sikonskripsyon an ranpli yon fòmilè pou yon nouvo kongregasyon kapab fòme. Men, nan kèk ka, li ka pi bon pou ti gwoup yo depann de kongregasyon ki pi pre a.
23 Pafwa, gen kèk ti kongregasyon ki gen sè sèlman ladan yo. Nan ka sa yo, selon sa Bib la di, sè k ap priye oswa k ap kondui reyinyon yo dwe kouvri tèt yo (1 Kor. 11:3-16). Nan pifò ka, sè sa yo ap rete chita anfas gwoup la. Sè yo pa dwe bay diskou nan reyinyon yo. Olye de sa, yo li enfòmasyon òganizasyon an bay pou reyinyon yo e yo fè kòmantè sou enfòmasyon an. Oubyen tou, yo kapab prezante enfòmasyon an sou fòm yon konvèsasyon oswa yon demonstrasyon. Biwo filyal la ap mande youn nan sè yo pou l responsab korespondans ak biwo a e pou l òganize reyinyon yo. Lè vin gen frè ki kalifye, se frè sa yo k ap gen responsablite sa yo.
ASANBLE SIKONSKRIPSYON
24 Chak ane, gen aranjman ki fèt pou kongregasyon ki nan yon sikonskripsyon reyini ansanm pou yo asiste de asanble sikonskripsyon ki dire yon jou. Okazyon sa yo bay kè kontan e yo bay tout moun ki la yo posiblite pou yo “ouvri kè [yo]” pandan y ap pase tan ak frè ak sè yo (2 Kor. 6:11-13). Òganizasyon Jewova a chwazi tèm yo ki baze sou Bib la e li prepare diferan patisipasyon ki gen nan pwogram chak asanble sa yo nan objektif pou l fè fas ak yon pwoblèm byen presi. Yo prezante enfòmasyon yo sou fòm diskou, sou fòm demonstrasyon, sou fòm eksperyans yo repwodui, sou fòm monològ ak entèvyou. Enstriksyon sa yo ki vini nan bon moman fòtifye lafwa tout moun ki la yo. Nan asanble sa yo, gen posiblite pou nouvo disip yo batize pou yo montre yo vwe tèt yo bay Jewova.
KONGRÈ REJYONAL
25 Yon fwa chak ane a, gen lòt pi gwo rasanbleman toujou ki fèt. An jeneral, gwo rasanbleman sa yo dire twa jou, anpalan de kongrè rejyonal yo. Lè konsa, kongregasyon ki fè pati plizyè sikonskripsyon rasanble ansanm. Filyal ki piti anpil yo kapab twouve li pi bon pou yo fè tout kongregasyon ki nan tèritwa ki sou kont filyal sa yo reyini yon sèl kote. Nan kèk peyi, aranjman ki fèt pou kongrè sa yo varye selon sikonstans yo oswa selon enstriksyon òganizasyon an bay. Detanzantan, yo òganize kongrè entènasyonal oswa kongrè espesyal, e plizyè dizèn milye Temwen Jewova ki soti nan plizyè peyi konn asiste yo. Pandan ane ki pase yo, gen anpil moun ki vin tande pale de bon nouvèl konsènan Wayòm nan grasa piblisite ki te fèt pou gwo rasanbleman sa yo Temwen Jewova yo òganize.
26 Pou Temwen Jewova yo, kongrè yo se okazyon ki bay kè kontan kote yo kapab adore Jewova ansanm. Nan kongrè yo, yo konn pote plis limyè sou laverite. Nan kèk kongrè, konn gen nouvo piblikasyon ki parèt pou nou etidye pèsonèlman, pou nou etidye nan kongregasyon an, oswa pou nou bay moun nan travay predikasyon an. Nan kongrè yo tou, yo batize moun. Kongrè yo gen yon wòl enpòtan nan ede moun ki vin asiste yo fè pwogrè nan relasyon yo ak Bondye. Yo montre aklè, antanke kretyen ki vwe lavi yo bay Jewova e ki fè pati pèp li a, nou fòme yon sèl fanmi sou tout tè a ki gen mak ki idantifye nou kòm vrè disip Jezi Kris la. — Jan 13:35.
27 Lè nou asiste reyinyon ki fèt nan kongregasyon yo, nou asiste asanble ak kongrè pèp Bondye a òganize yo, nou jwenn fòs pou nou fè volonte Jewova. Mete sou sa, nou pwoteje kont move enfliyans monn nan ki ka kraze lafwa nou antanke kretyen. Rasanbleman sa yo fè Jewova jwenn glwa e yo fè moun fè louwanj pou li (Sòm 35:18; Pwo. 14:28). Nou dwe rekonesan dèske Jewova òganize rasanbleman sa yo pou pèp li a ki devwe nan sèvis l ap ba li a, sa ki pèmèt moun ki fè pati pèp sa a jwenn fòs yo bezwen nan epòk n ap viv la, kote lafen an toupre.
SOUPE SEYÈ A
28 Yon fwa chak ane, nan jou nou komemore lanmò Jezi Kris la, tout kongregasyon Temwen Jewova yo sou tè a selebre Memoryal lanmò Kris la, oswa Soupe Seyè a (1 Kor. 11:20, 23, 24). Pandan ane a, se reyinyon sa a ki gen plis enpòtans pou pèp Jewova a. Nou jwenn lòd fòmèl nan Bib la pou n selebre Memoryal la. — Lik 22:19.
29 Dat Memoryal la koresponn ak dat fèt Pak la, yon dat yo pale de li nan Bib la (Egz. 12:2, 6; Mat. 26:17, 20, 26). Fèt Pak la se yon fèt Izrayelit yo te konn selebre chak ane pou yo sonje jan Bondye te fè yo soti ann Ejip nan ane 1513 anvan epòk nou an. Nan epòk sa a, Jewova te chwazi 14yèm jou nan premye mwa nan kalandriye Juif yo kòm dat pou Izrayelit yo manje ti mouton Pak la e pou yo kite peyi Ejip (Egz. 12:1-51). Yon moun kapab jwenn dat sa a si l konte 13 jou apati dat nouvèl lin ki pi pre ekinòks prentan an parèt Jerizalèm. An jeneral, jou Memoryal la tonbe nan jou lalin nan plenn pou premye fwa apre ekinòks prentan an.
30 Pawòl Jezi nou jwenn nan Matye 26:26-28 yo montre ki jan kretyen yo dwe selebre Memoryal la. Fèt sa a se pa yon seremoni mistik, men se yon repa senbolik kretyen ki pral nan syèl yo pataje ansanm. Kretyen sa yo pral nan syèl la pou y al dirije ak Jezi Kris antanke moun ki eritye Wayòm li an ansanm avè l (Lik 22:28-30). Tout lòt kretyen ki vwe tèt yo bay Bondye ak moun ki enterese nan laverite jwenn ankourajman pou yo la nan Soupe Seyè a antanke obsèvatè. Lè yo la, yo montre yo apresye sa Jewova Dye fè nan enterè limanite pa mwayen Pitit Gason l lan, Jezi Kris. Anvan Memoryal la, gen yon diskou espesyal yo bay pou fè moun yo anvi vin asiste evènman sa a e pou yo vin pi enterese nan etidye Bib la.
31 Antanke Temwen Jewova, nou toujou kontan pou nou reyini ansanm nan reyinyon yo, e nou toujou ap tann moman sa yo ki pèmèt nou “voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”. (Ebre 10:24.) Esklav fidèl ki prevwayan an veye pou l prepare rasanbleman k ap ban nou manje espirityèl nou bezwen nan bon moman. Tout sèvitè Jewova yo, san wete moun ki enterese nan laverite yo, dwe fè tout sa yo kapab pou yo byen pwofite dispozisyon ki pran pou yo reyini ansanm regilyèman. Antanke sèvitè Bondye, lefètke nou apresye ak tout kè nou tout sa Jewova ban nou pa mwayen òganizasyon l lan, nou rete ini nan sèvis li. Sa k pi enpòtan, sèke nou fè louwanj pou li e nou fè l jwenn glwa. — Sòm 111:1.