BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 19 p. 48-p. 51 par. 3
  • Li anseye yon Samaritèn

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li anseye yon Samaritèn
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ANPIL SAMARITEN VIN KWÈ
  • Li anseye yon Samaritèn
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Dam ki te bò pi a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Rankont ak yon dam bò yon pi
    Liv istwa biblik mwen an
  • Adorasyon ki moun Bondye asepte ?
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 19 p. 48-p. 51 par. 3
Jezi ap pale ak yon Samaritèn bò yon pi.

CHAPIT 19

Li anseye yon Samaritèn

JAN 4:3-43

  • JEZI ANSEYE YON SAMARITÈN AK LÒT MOUN

  • ADORASYON BONDYE AKSEPTE

Pandan Jezi ak disip li yo kite Jide pou y al Galile, yo travèse tèritwa Samari pou y al nan nò. Piske vwayaj la fè yo fatige, vè midi, yo rete bò yon pi ki toupre vil Sicha pou yo pran yon ti repo. Sanble se Jakòb ki te fouye pi sa a oswa ki te peye pou fouye l sa gen plizyè syèk, e li la jis kounye a, toupre yon vil jodi a ki rele Naplouz.

Pandan Jezi rete bò pi a pou l repoze, disip li yo al achte manje nan vil ki toupre a. Yo potko tounen, gen yon Samaritèn ki vin tire dlo nan pi a. Jezi di l: “Ban m yon ti dlo pou m bwè.” — Jan 4:7.

Jezi al pran repo bò yon pi, disip li yo kite l, e yon Samaritèn vin pran dlo.

An jeneral, Juif yo ak Samariten yo pa gen bon relasyon akoz prejije yo gen nan fon kè yo youn kont lòt. Se poutèt sa dam nan sezi, li di Jezi: “Kòman fè ou menm ki Juif, ou mande m dlo pou w bwè, alòske mwen se yon Samaritèn?” Jezi reponn li, li di l: “Si w te konnen kado Bondye bay la, e si w te konnen ki moun sa a ki di w: ‘Ban m yon ti dlo pou m bwè’ a, se ou menm ki ta mande l dlo, e li ta ba w dlo lavi a.” Dam nan di l: “Mesye, ou pa menm gen yon veso pou w tire dlo, e pi a fon. Ki kote w jwenn dlo lavi sa a? Pi sa a se Jakòb, zansèt nou an, ki te ban nou l e ki te konn bwè ladan l ak tout pitit li yo ak tout bèt li yo. Èske w pi enpòtan pase Jakòb?” — Jan 4:9-12.

Jezi reponn li: “Tout moun ki bwè dlo sa a ap swaf ankò. Men, moun ki bwè dlo m ap ba li a pa gendwa janm swaf ankò, okontrè, dlo m ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li, yon sous dlo k ap ponpe pou l bay lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 4:13, 14). Wi, malgre Jezi te fatige, li te dispoze pataje pawòl verite k ap bay lavi a ak Samaritèn nan.

Kidonk, dam nan di: “Mesye, ban m dlo sa a non, dekwa pou m pa swaf e pou m sispann vin tire dlo la a.” Kounye a, sanble Jezi chanje sijè a epi li di: “Al rele mari w, epi tounen vin la a.” Dam nan di l: “Mwen pa gen mari.” Men, se pa ti sezi li dwe sezi lè Jezi di l: “Ou gen rezon di ou pa gen mari. Paske, ou pase senk mari, e moun w avè l kounye a, se pa mari w li ye.” — Jan 4:15-18.

Sa Jezi di a ede dam nan konprann yon bagay aklè, li di: “Mesye, mwen wè w se yon pwofèt.” Epi li montre l enterese nan bagay espirityèl yo. Sa k fè nou di sa? Men sa dam nan di ankò: “Zansèt nou yo [Samariten yo] te konn adore sou mòn sa a [Mòn Gerizim]. Men nou menm [Juif yo], nou di se Jerizalèm moun dwe al adore.” — Jan 4:19, 20.

Sepandan, Jezi esplike l se pa kote n ap adore a ki enpòtan. Men sa l di dam nan: “Lè a ap rive kote se pa ni sou mòn sa a, ni Jerizalèm nou pral adore Papa a.” Men sa Jezi di l ankò: “Lè a rive kounye a kote vrè adoratè yo pral adore Papa a avèk lespri ak laverite, paske, vrèmanvre, se moun konsa Papa a ap chèche pou adore l.” — Jan 4:21, 23, 24.

Sa Papa a ap chèche nan men vrè adoratè yo se pa kote y ap sèvi l la men se fason y ap sèvi l la. Dam nan sezi. Li di Jezi: “Mwen konnen Mesi a ap vini, li menm yo rele Kris la. Kèlkeswa lè l vini an, l ap di nou tout bagay aklè.” — Jan 4:25.

Epi Jezi fè l konnen yon verite enpòtan, li di: “Se li menm k ap pale avè w la a.” ​(Jan 4:26). Fè yon ti reflechi: Dam nan vin chèche dlo vè midi, epoutan Jezi onore l yon fason ki estrawòdinè! Li di l yon bagay sanble li potko janm fè lòt moun konn sa: li fè l konnen se li menm ki Mesi a.

ANPIL SAMARITEN VIN KWÈ

Disip Jezi yo retounen sot nan vil Sicha avèk manje. Yo jwenn Jezi bò pi Jakòb la kote yo te kite l la, men, kounye a l ap pale ak yon Samaritèn. Pandan disip li yo ap vini, dam nan kite veso dlo a, li kouri al nan vil la.

Disip Jezi yo bò pi a e Samaritèn nan ale.

Yonfwa dam nan rive nan vil Sicha, li rakonte moun yo bagay Jezi te di l yo. Avèk konviksyon, li di: “Vin wè yon mesye ki di m tout sa m fè.” Apre sa, petèt pou dam nan ankouraje yo vini, li di: “Èske se pa ta li menm ki Kris la?” ​(Jan 4:29). Se yon kesyon enpòtan ki enterese moun depi nan epòk Moyiz la (Detewonòm 18:18). Sa pouse moun yo nan vil la vin wè Jezi ak de je yo.

Samaritèn nan di moun ki nan vil Sicha yo bagay Jezi te di l yo.

Pandan tan sa a, disip yo ankouraje Jezi pou l manje nan manje yo te pote a. Men, Jezi di yo: “Mwen gen yon manje pou m manje, e manje sa a, nou pa konnen l.” Disip yo ap poze tèt yo kesyon sou sa l sot di a, youn ap mande lòt: “Pèsonn pa t pot anyen ba l pou l manje, pa vre?” Jezi reponn yo avèk jantiyès lè l te di yo pawòl ki vin annapre yo ki gen anpil siyifikasyon pou tout moun k ap suiv li: “Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a.” — Jan 4:32-34.

Travay Jezi ap pale a se pa travay rekòt ki gen pou rive nan kat mwa a. Olye de sa, Jezi t ap pale konsènan yon rekòt espirityèl, jan li t apral montre sa nan pawòl sa yo: “Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la. Depi kounye a, y ap peye moun k ap rekòlte a sa yo dwe peye l, e l ap ranmase fwi pou lavi ki pap janm fini an, dekwa pou moun k ap simen an ka rejwi ansanm ak moun k ap rekòlte a.” — Jan 4:35, 36.

Petèt, Jezi deja konprann efè ti pale l te fè a te genyen sou Samaritèn nan. Anpil moun nan vil Sicha mete lafwa yo nan li grasa sa dam nan di yo a, paske li di moun yo: “Li di m tout sa m fè.” ​(Jan 4:39). Kidonk, yo soti nan vil Sicha pou y al kot Jezi bò pi a, yo mande l pou l rete Samari avè yo pou li ka aprann yo plis bagay. Jezi aksepte envitasyon an epi li rete Samari pandan de jou.

Tank Samariten yo ap koute Jezi, anpil ladan yo vin gen lafwa nan li. Yo di dam nan: “Se pa sa w te di yo sèlman ki fè nou kwè kounye a, paske nou tande ak zòrèy nou, e nou konnen mesye sa a se sovè monn nan li ye toutbon.” ​(Jan 4:42). Se sèten Samaritèn nan bay yon bèl egzanp sou fason nou ka bay temwayaj konsènan Kris, lè nou fè moun yo anvi konnen yon fason pou yo ka chèche jwenn plis enfòmasyon.

Sonje rete kat mwa anvan sezon rekòt la rive, anpalan de rekòt lòj la, ki konn fèt nan sezon prentan nan zòn sa a. Kounye a, petèt nou nan mwa novanm oswa desanm. Sa vle di apre fèt Pak ane 30 epòk nou an, Jezi ak disip li yo te pase pou pi piti uit mwa ap anseye moun yo nan Jide epi batize yo. Kounye a, yo met tèt yo nan direksyon nò pou y al nan tèritwa kote yo abite a, anpalan de Galile. Ki sa k ap tann yo la?

KIYÈS SAMARITEN YO TE YE?

Zòn yo rele Samari a twouve l ant sid peyi Jide ak nan nò Galile. Apre lanmò wa Salomon, dis tribi Izrayèl ki nan nò yo te separe ak tribi Jida ansanm ak tribi Benjamen an.

Moun ki fè pati dis tribi yo al nan adorasyon ti bèf la. Se sa k fè nan ane 740 anvan epòk nou an, Jewova te pèmèt Asiryen yo pou yo anvayi Samari. Moun ki te anvayi Samari yo te mennen pifò nan pèp la nan peyi yo, e yo te ranplase yo ak lòt pèp ki soti lòt kote nan Anpi asiryen an. Adoratè sa yo ki soti nan peyi etranje te marye ak Izrayelit ki te rete nan peyi a. Pi devan, moun nan zòn sa a vin devlope yon fòm adorasyon ki melanje ak kwayans ansanm ak pratik ki gen nan Lwa Bondye a, tankou kesyon sikonsizyon an. Men, sa yo t ap pratike yo pa t gen rapò ak vrè adorasyon an. — 2 Wa 17:9-33; Ezayi 9:9.

Nan epòk Jezi a, Samariten yo te aksepte liv Moyiz yo men yo pa t konn al adore nan tanp Jerizalèm nan. Pandan plizyè ane, yo te konn itilize yon tanp ki te bati sou Mòn Gerizim, ki pa twò lwen vil Sicha, e yo te kontinye adore sou mòn sa a menm apre tanp lan te fin detwi. Gwo hèn ki te egziste ant Samariten yo ak Juif yo te parèt aklè pandan aktivite Jezi sou tè a. — Jan 8:48.

  • Poukisa Samaritèn nan te sezi lè Jezi te pale avè l?

  • Ki sa Jezi anseye dam nan konsènan dlo ki bay lavi a ak konsènan kote pou moun adore Bondye?

  • Ki fason Jezi fè Samaritèn nan konnen kiyès li ye, e ki jan de adorasyon Jezi ankouraje?

  • Ki sa Samaritèn nan te vin rive konprann konsènan Jezi, e ki sa li te fè apre sa?

  • Ki sa Jezi ak disip li yo te fè apre fèt Pak ane 30 epòk nou an?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje