BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • od chap. 3 p. 17-23
  • “Sonje moun k ap dirije nou yo”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Sonje moun k ap dirije nou yo”
  • Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ANNOU IDANTIFYE “ESKLAV FIDÈL KI PREVWAYAN AN”
  • POUKISA NOU DWE “SONJE MOUN K AP DIRIJE NOU YO”?
  • FASON NOU DEMONTRE NOU FÈ ÒGANIZASYON AN KONFYANS
  • “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Yo kontinye “ mache dèyè ti Mouton an ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Yon “ esklav ” ki alafwa fidèl e prevwayan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Entandan fidèl la ak Kolèj santral li a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
od chap. 3 p. 17-23

CHAPIT 3

“Sonje moun k ap dirije nou yo”

PAWÒL sa yo apot Pòl te ekri yo parèt nan Ebre 13:7. Men, yo te kapab tradui yo konsa tou: “Sonje gouvènè ki sou tèt nou yo.” Depi Pannkòt ane 33 epòk nou an, se apot fidèl Jezi Kris yo ki t ap jwe wòl kolèj santral la e ki t ap dirije kretyen yo (Tra. 6:2-4). Ozanviwon ane 49 epòk nou an, kolèj santral la te vin gen plis moun ladan l. Lè kolèj santral nan epòk sa a te pran desizyon sou kesyon sikonsizyon an, kolèj la te gen “apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm” ladan l. (Tra. 15:1, 2.) Se te responsablite yo pou yo pran desizyon sou tout sa k te gen rapò ak kretyen yo. Yo te konn voye lèt ak enstriksyon bay kongregasyon yo. Lèt sa yo te fòtifye frè ak sè yo e yo te pèmèt yo panse menm jan epi aji menm jan. Kongregasyon yo te obeyisan e yo te soumèt yo anba direksyon kolèj santral la. Se sa k fè Jewova te beni yo e l te fè vin gen plis moun nan kongregasyon yo. — Tra. 8:1, 14, 15; 15:22-31; 16:4, 5; Ebre 13:17.

2 Apre lanmò apot yo, gwo apostazi a te vin parèt (2 Tes. 2:3-12). Jan Jezi te anonse sa nan parabòl ble ak move zèb la, ble a (kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo) te vin anvayi ak move zèb (fo kretyen yo). Pandan syèk ki pase yo, de gwoup sa yo te grandi kòtakòt pou rive jis nan moman rekòt la, sa vle di “fen sistèm nan”. (Mat. 13:24-30, 36-43.) Pandan syèk sa yo, pa t gen yon kolèj santral, sa vle di pa t gen yon òganizasyon Jezi t ap sèvi avè l pou l bay disip li yo enstriksyon, men, chak kretyen Bondye te chwazi pou al nan syèl la te gen favè Jezi (Mat. 28:20). Men, Jezi te fè konnen gen yon chanjman ki t ap fèt nan moman rekòt la.

3 “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an?” Se ak kesyon sa a Jezi te kòmanse yon parabòl li te bay ki gen rapò ak “siy fen sistèm nan”. (Mat. 24:3, 42-47.) Jezi te fè konnen esklav fidèl sa a t ap okipe nan bay pèp Bondye a manje espirityèl “nan bon moman”. Nan premye syèk la, Jezi pa t sèvi ak yon sèl moun pou l dirije kongregasyon an, men li te sèvi pito ak yon gwoup gason. Nan fen sistèm nan tou, esklav fidèl Jezi ap sèvi avè l la se yon gwoup gason, se pa yon sèl moun.

ANNOU IDANTIFYE “ESKLAV FIDÈL KI PREVWAYAN AN”

4 Kiyès Jezi mete la pou nouri disip li yo? Li nòmal pou se kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki sou tè a li mete la pou sa. Labib pale de yo kòm “yon klas prèt k ap sèvi kòm wa”, ki jwenn asiyasyon pou yo “‘fè konnen kalite estrawòdinè’ Sila a ki te rele [yo] sot nan fènwa a pou [yo] vin nan bèl limyè l la”. (1 Pyè 2:9; Mal. 2:7; Rev. 12:17.) Èske se tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ki sou tè a ki fòme esklav fidèl la? Non. Lè Jezi te fè yon mirak e li te bay 5 000 gason manje, san wete fi ak timoun, li te bay disip li yo manje a e yo menm yo te pote l bay moun ki nan foul la (Mat. 14:19). Li te sèvi ak kèk moun pou l bay anpil moun manje. Jodi a tou, se menm jan an li bay manje espirityèl la.

5 Kidonk, nan epòk prezans Jezi a, se yon ti gwoup frè Bondye chwazi pou al nan syèl la ki fòme “entandan fidèl ki prevwayan” an e ki gen responsablite pou yo prepare manje espirityèl la e pou yo distribye l (Lik 12:42). Pandan peryòd dènye jou sa yo, frè Bondye chwazi pou al nan syèl la, ki fòme “esklav fidèl ki prevwayan an”, toujou sèvi Bondye ansanm nan syèj mondyal la. Jodi a, se frè sa yo ki fòme Kolèj santral Temwen Jewova yo.

6 Kris sèvi ak ti gwoup sa a pou l bay enfòmasyon konsènan pwofesi ki nan Bib la, pou l bay konsèy ki vini nan bon moman e ki montre fason nou kapab aplike prensip ki nan Bib la nan lavi nou chak jou. Yo distribye manje espirityèl la pa mwayen kongregasyon Temwen Jewova yo (Eza. 43:10; Gal. 6:16). Nan epòk biblik yo, si yon moun te gen yon esklav li fè konfyans, li t ap ba l responsab kay li. Menm jan an tou, esklav fidèl ki prevwayan an gen responsablite pou l pran swen kongregasyon moun ki gen lafwa yo. Mete sou sa, esklav fidèl la responsab byen materyèl òganizasyon an, travay predikasyon an, pwogram asanble yo ak pwogram kongrè yo. Anplis de sa, li responsab pou l nome siveyan pou yo fè divès travay nan òganizasyon an e pou l prepare piblikasyon ki esplike Bib la. Li fè tout bagay sa yo nan enterè ‘sèvitè ki lakay mèt la’. — Mat. 24:45.

7 Men, kiyès ki ‘sèvitè ki lakay mèt la’? Tou senpleman, se moun k ap manje manje espirityèl la. Okòmansman, se moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki te fè pati sèvitè ki lakay mèt la. Annapre, moun ki fòme “lòt mouton” yo vin fè pati ‘sèvitè ki lakay mèt la’. (Jan 10:16.) Ni moun ki pral nan syèl yo, ni lòt mouton yo manje nan manje espirityèl esklav fidèl la ap bay la.

8 Pandan gwo tribilasyon an, lè Jezi vini pou l pwononse jijman l sou sistèm sa a ki mechan e pou l detwi l, l ap mete esklav fidèl la “responsab tout byen l yo”. (Mat. 24:46, 47.) Lè sa a, moun ki fòme esklav fidèl la ap resevwa rekonpans yo nan syèl la. Yo menm ansanm ak lòt moun ki fè pati 144 000 moun yo pral resevwa otorite nan syèl la tou bò kote Jezi. Menmsi pap gen yon esklav fidèl ki prevwayan sou tè a ankò, Jewova ak Jezi ap nome moun ki pou sèvi kòm “prens” sou tè a, e se pa mwayen prens sa yo yo pral dirije lèzòm ki pral viv anba dominasyon Wayòm nan. — Sòm 45:16.

POUKISA NOU DWE “SONJE MOUN K AP DIRIJE NOU YO”?

9 Gen plizyè rezon ki fè nou dwe “sonje moun k ap dirije nou yo” e pou nou fè yo konfyans. Poukisa sa nan enterè nou pou nou fè sa? Men sa apot Pòl te di: “Yo toujou ap veye sou nou antanke moun ki gen kont pou yo rann, dekwa pou yo fè sa ak kè kontan, pou yo pa fè l nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou.” ​(Ebre 13:17). Li enpòtan anpil pou nou obeyisan e pou nou soumèt devan moun k ap dirije nou yo paske y ap veye sou nou pou tout bagay ale byen pou nou e pou nou pa pèdi bon relasyon nou ak Jewova.

10 Jan apot Pòl te di sa nan 1 Korentyen 16:14, “tout sa n ap fè, se pou nou fè l ak lanmou”. Tout desizyon moun k ap dirije nou yo pran pou nou chita sou lanmou. Men sa Bib la di nan 1 Korentyen 13:4-8: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun, li pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li, li pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l, li pa fè kòlè fasil. Li pa note bagay mal yo fè l. Li pa pran plezi nan sa ki mal, men li pran plezi nan sa ki verite. Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi.” Lefètke se lanmou ki pouse moun k ap dirije sèvitè Jewova yo pran tout desizyon y ap pran nan enterè nou, nou gen bonjan rezon pou n santi nou an sekirite anba direksyon yo. Lè yo aji konsa, yo imite Jewova, Bondye lanmou an.

Li enpòtan anpil pou nou soumèt devan moun k ap veye sou nou yo pou byen nou.

11 Menm jan sa te ye nan premye syèk la, moun Jewova ap itilize pou l dirije pèp li a jodi a se moun ki enpafè. Jewova te konn itilize moun enpafè anvan epòk kretyen yo pou yo fè volonte l. Pa egzanp, Noye te bati yon lach e li te preche moun yo nan epòk li a konsènan destriksyon Bondye t apral fè a (Jen. 6:13, 14, 22; 2 Pyè 2:5). Jewova te chwazi Moyiz pou l fè pèp li a soti nan peyi Ejip (Egz. 3:10). Bondye te enspire yon seri gason ki te enpafè pou l fè ekri Bib la (2 Tim. 3:16; 2 Pyè 1:21). Jodi a tou, lefètke Jewova sèvi ak yon seri moun enpafè pou yo dirije travay predikasyon an ak travay fè disip la, se pa yon rezon pou n pa fè òganizasyon Jewova a konfyans. Olye de sa, nou santi nou ankouraje lefètke nou konnen se paske Jewova ap soutni òganizasyon an ki fè òganizasyon an rive fè tout sa l ap fè yo. Esklav fidèl la montre aklè se lespri sen Bondye k ap dirije bagay yo malgre tout difikilte yo jwenn ak tout eksperyans yo fè. Pati nan òganizasyon Jewova a ki sou tè a jwenn anpil benediksyon jodi a. Se sa k fè nou fè l konfyans e nou soutni l ak tout kè nou.

FASON NOU DEMONTRE NOU FÈ ÒGANIZASYON AN KONFYANS

12 Moun yo nome e yo bay gwo responsablite nan kongregasyon an montre yo fè òganizasyon an konfyans lè yo fè travay yo fidèlman (Tra. 20:28). Antanke pwoklamatè Wayòm nan, nou chofe nan travay predikasyon an, nan fè vizit e nan fè etid ak moun yo lakay yo (Mat. 24:14; 28:19, 20). Pou nou kapab byen pwofite manje espirityèl esklav fidèl la ap bay la, nou prepare reyinyon yo, nou patisipe ladan yo e nou asiste asanble yo ak kongrè yo. Lè n al nan rasanbleman sa yo e nou rankontre frè ak sè n yo, ankourajman nou jwenn nan moman sa yo fè nou byen anpil. — Ebre 10:24, 25.

13 Lè nou fè ofrann pou n ede òganizasyon an, nou montre aklè nou fè òganizasyon an konfyans (Pwo. 3:9, 10). Lè nou wè frè ak sè n yo nan nesesite, nou fè sa n kapab pou n ede yo san pèdi tan (Gal. 6:10; 1 Tim. 6:18). Nou fè sa avèk lanmou, e nou toujou ap veye okazyon pou nou montre Jewova ak òganizasyon l lan jan nou apresye tout byen yo fè pou nou. — Jan 13:35.

14 Yon lòt fason nou montre nou fè òganizasyon Jewova a konfyans, se lè nou soutni desizyon li pran yo. Sa mande tou pou nou suiv avèk imilite enstriksyon moun ki gen responsablite pou yo pran desizyon yo ban nou, tankou siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen yo. Frè sa yo fè pati “moun k ap dirije nou yo” tou. Kidonk, nou dwe obeyi yo epi soumèt devan yo (Ebre 13:7, 17). Menmsi nou pa fin byen konprann pou ki rezon yo pran tèl ou tèl desizyon, nou konnen si nou soumèt nou, se pou nou l ap bon. Konsa, Jewova ap beni nou poutèt nou obeyi Pawòl li a ak òganizasyon l lan. Lè nou aji konsa, nou montre nou soumèt devan Mèt la, anpalan de Jezi Kris.

15 Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou nou fè esklav fidèl ki prevwayan an konfyans. Satan, dye sistèm sa a, ap fè tout sa l kapab pou l sal non Jewova ak òganizasyon l lan (2 Kor. 4:4). Pinga w pran nan manèv malveyan Satan ap fè yo (2 Kor. 2:11)! Li konnen se “yon tikras tan” li rete anvan yo lage l nan twou san fon an, e li detèmine pou l fè plis moun posib nan pèp Jewova a vire do bay Jewova (Rev. 12:12). Ofiramezi Satan ap ogmante presyon l ap fè sou nou, se pou nou pwoche pi pre Jewova toujou. Se pou nou met konfyans nou nan Jewova e nan òganizasyon l ap itilize pou l dirije pèp li a jodi a. Si nou fè sa, n ap rete ini antanke yon sèl fanmi.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje