BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • rj pati 1 p. 4-5
  • “M ap chèche mouton ki pèdi yo”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “M ap chèche mouton ki pèdi yo”
  • Retounen vin jwenn Jewova
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “Mouton m ap pran swen yo”
  • “Fè tout bagay vin jan yo te ye nan tan lontan”
  • Kote w ap jwenn konsolasyon
    Koute gran Anseyan an
  • Jezi pran swen mouton l yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • “Se mwen menm ki pral chèche mouton m yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Bon bèje a ak pak mouton l yo
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Retounen vin jwenn Jewova
rj pati 1 p. 4-5

PATI 1

“M ap chèche mouton ki pèdi yo”

Yon bèje ki oblije grenpe yon pant mòn pou l al chèche yon mouton ki pèdi.

Mouton an pa konn sa pou l fè. Pandan l t ap manje zèb nan patiraj la, li te vin separe ak lòt mouton yo. Kounye a, li pa wè ni twoupo a ni bèje a e l kòmanse fènwa. Mouton an san defans e l pèdi nan yon vale ki chaje ak bèt k ap chèche lòt bèt pou devore. Finalman, li tande yon vwa l konnen. Se vwa bèje a. Bèje a kouri vin jwenn li, li bese pran l, li vlope l nan rad li epi l pote l tounen lakay li.

JEWOVA pa janm sispann konpare tèt li ak yon bèje konsa. Men asirans li bay nan Pawòl li a: “Se mwen menm ki pral chèche mouton m yo e se mwen menm k ap pran swen yo.” — Ezekyèl 34:11, 12.

“Mouton m ap pran swen yo”

Kiyès ki mouton Jewova yo? Yon fason senp, se pèp ki renmen Jewova e k ap adore l la. Men sa Bib la di: “Annou adore Jewova, Sila a ki fè nou an, annou pwostène devan l, annou met ajenou devan l. Paske, li se Bondye nou e nou se pèp ki nan patiraj li, nou se mouton l ap pran swen.” ​(Sòm 95:6, 7). Menm jan ak mouton k ap suiv yon bèje, adoratè Jewova yo toujou chofe pou yo suiv Bèje yo a. Èske yo se moun ki pafè? Non. Pafwa, sèvitè Bondye yo konn tankou “mouton ki pèdi” oswa “mouton ki pèdi wout yo”. (Ezekyèl 34:12; Matye 15:24; 1 Pyè 2:25.) Aktout sa, lè yon moun kite twoupo a, Jewova toujou gen espwa l ap retounen vin jwenn li.

Èske w santi se Jewova ki toujou Bèje w? Ki fason Jewova montre l se yon Bèje jodi a? Ann egzamine twa fason l montre sa:

Li ban nou manje nan domèn espirityèl. Men sa Jewova fè konnen: “M ap ba yo manje nan yon bon patiraj [...]. Y ap kouche la nan yon bon patiraj e y ap manje nan pi bon patiraj.” ​(Ezekyèl 34:14). Jewova pa janm sispann ban nou bon manje espirityèl nan bon moman. Èske w ka sonje yon atik, yon diskou oswa yon videyo ki te reponn yon priyè w te fè pou w mande Jewova èd? Èske sa pa fè w gen konviksyon Jewova gen sousi pou ou?

Li pwoteje n e li ede n. Men ki pwomès Jewova fè n: “M ap fè sa ki gaye yo tounen, m ap met bandaj pou sa ki blese yo e m ap ede sa k fèb yo jwenn fòs.” ​(Ezekyèl 34:16). Jewova fè moun ki fèb oswa ki dekouraje akoz enkyetid yo rejwenn fòs. Li met bandaj pou mouton l yo, li ede yo geri si yo blese e l ka menm sèvi ak kwayan parèy nou yo pou l fè sa. Epi l fè moun ki te kite twoupo a e ki gendwa ap goumen ak santiman negatif yo retounen vin jwenn li.

Li santi l responsab nou. Men sa Jewova di: “M ap delivre yo tout kote yo t ale apre yo te fin gaye. M ap chèche mouton ki pèdi yo.” ​(Ezekyèl 34:12, 16). Pou Jewova, yon mouton ki pèdi pa yon ka pèdi. Lè yon mouton pa nan patiraj la, li konn sa, l al chèche l epi l kontan anpil lè l jwenn li (Matye 18:12-14). Dayè, anpalan de vrè adoratè l yo, li di yo se “mouton m yo, mouton m ap pran swen yo”. (Ezekyèl 34:31.) Ou se youn nan mouton sa yo.

Pou Jewova, yon mouton ki pèdi pa yon ka pèdi. Li kontan lè l jwenn mouton sa a.

“Fè tout bagay vin jan yo te ye nan tan lontan”

Poukisa Jewova ap chèche w epi l mande w retounen vin jwenn li? Se paske l vle w gen kè kontan. Li pwomèt l ap ‘vide benediksyon sou mouton l yo tankou lapli’. (Ezekyèl 34:26.) Pwomès sa a pa yon pwomès li fè met la. Ou te deja jwenn prèv sou sa.

Sonje eksperyans ou te fè lè w t ap aprann konnen Jewova. Pa egzanp, ki jan w te santi w premye fwa w te aprann kokennchenn verite ki gen rapò ak non Bondye ansanm ak objektif li gen pou lèzòm? Èske w sonje jan w te konn kontan lè w reyini ak kretyen parèy ou yo nan asanble ak nan kongrè yo? Lè w te konn pataje bon nouvèl la ak moun ki te montre yo vrèman enterese yo, èske w pa t konn retounen lakay ou ak kè kontan e ak anpil satisfaksyon?

Ou ka vin gen kè kontan ankò. Men ki jan sèvitè Bondye nan tan lontan yo te priye l: “Fè n retounen vin jwenn ou, o Jewova, e nou menm, n ap kontan retounen vin jwenn ou. Fè tout bagay vin jan yo te ye nan tan lontan.” ​(Lamantasyon 5:21). Jewova te reponn priyè sa a epi pèp li a te retounen sèvi l ak kè kontan ankò (Neyemi 8:17). Jewova ap fè menm bagay la pou ou tou.

Sepandan, li pi fasil pou w di w ap retounen vin jwenn Jewova pase pou w fè l. Ann wè kèk bagay ki ka anpeche w retounen ak fason w ka fè fas avè yo.

Foto ki sou kouvèti videyo Nou fòme yon fanmi ki ini an.

Pou w ka sonje lajwa pèp Bondye a jwenn lè yo reyini ansanm, gade videyo Nou fòme yon fanmi ki ini an. Li disponib sou sit Entènèt jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje