BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 36 p. 88-p. 89 par. 1
  • Pwomès Jefte te fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwomès Jefte te fè a
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Yifta fè pwomès
    Liv istwa biblik mwen an
  • Li te fè kè papa l ak kè Jewova kontan
    Anseye pitit ou
  • N ap jwenn favè Bondye si nou fidèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Jefte te yon gason ki kite lespri Bondye gide l
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 36 p. 88-p. 89 par. 1
Jefte k ap chire rad sou li lè l wè se pitit fi la ki vin rankontre l.

LESON 36

Pwomès Jefte te fè a

Izrayelit yo te sispann sèvi Jewova e yo te kòmanse adore fo dye. Lè desandan Amon yo te vin atake Izrayelit yo e yo te goumen avèk yo, fo dye sa yo pa t kapab ede yo. Izrayelit yo te fè plizyè ane ap soufri. Alafen, yo te di Jewova: ‘Nou peche. Tanpri, delivre nou anba men ènmi nou yo.’ Izrayelit yo te kraze tout zidòl yo te genyen yo e yo te kòmanse adore Jewova ankò. Jewova pa t vle wè yo ap soufri ankò.

Bondye te chwazi yon sòlda ki rele Jefte pou mennen pèp li a al batay ak desandan Amon yo. Jefte di Jewova: ‘Si w ede nou genyen batay la, mwen pwomèt ou, lè m tounen lakay mwen, m ap ba w premye moun lakay mwen ki vin rankontre m.’ Jewova te koute priyè Jefte a e l te fè l genyen batay la.

Lè Jefte retounen lakay li, premye moun ki te vin rankontre l se te pitit fi l la, sèl pitit li te genyen an. Li t ap danse e li t ap bat yon tanbouren. Ki sa Jefte t apral fè menm? Li sonje li te fè yon pwomès, epi li di: ‘O non, pitit fi m nan! Kè m ap dechire. Mwen te fè Jewova yon pwomès. Pou m respekte pwomès sa a, fò m voye w Silo, nan tabènak la.’ Men, pitit fi l la di l: ‘Papa, si w te fè Jewova yon pwomès, se pou w kenbe pwomès ou. Sèl sa m ap mande w, kite m pase de mwa nan mòn nan ak ti medam ki zanmi m yo. Apre sa m prale.’ Pitit fi Jefte a te fidèl nan travay li t ap fè nan tabènak la pou tout rès vi l. Chak ane, zanmi l yo te konn al wè l Silo.

Kèk zanmi pitit fi Jefte a k al wè l nan tabènak la.

“Moun ki gen plis afeksyon pou pitit gason l oswa pou pitit fi l pase m, pa merite pou l disip mwen.” — Matye 10:37.

Kesyon: Ki pwomès Jefte te fè? Ki jan pitit fi Jefte a te reyaji lè l tande pwomès papa l te fè a?

Jij 10:6–11:11; 11:29-40; 1 Samyèl 12:10, 11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje