Fason pou n sèvi ak bwochi sa a
Nan bwochi sa a, n ap jwenn yon vèsè pou chak jou ak yon kòmantè sou vèsè a. Byenke nou ka li vèsè a ansanm ak kòmantè yo fè sou li a nenpòt ki lè, gen anpil moun ki twouve l pi bon pou yo egzamine yo nan maten. Konsa, yo ka reflechi sou yo pandan tout jounen an. Li pi pwofitab pou n egzamine tèks la an fanmi. Toupatou sou tè a, fanmi Betèl yo fè sa lè y ap manje nan maten.
Yo pran kòmantè yo nan Toudegad (w) ki te parèt ant avril 2023 ak mas 2024. Apre dat Toudegad la, toudabò n ap jwenn paj Toudegad la apre sa n ap jwenn paragraf kote yo pran kòmantè a. (Gade kare ki pi ba a.) Nan atik la n ap ka jwenn plis enfòmasyon sou sijè a.