BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w06 1/11 p. 3
  • “ Espè ” monte, “ espè ” tonbe

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Espè ” monte, “ espè ” tonbe
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Edikasyon timoun grasa konsèy ki nan liv
  • Konsèy ki fyab pou nou elve pitit nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Enstwi pitit ou depi l toupiti
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Paran ak pitit: Pale youn ak lòt avèk lanmou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
w06 1/11 p. 3

“ Espè ” monte, “ espè ” tonbe

SI W t ap fè yon rechèch sou fason pou w elve timoun, kantite enfòmasyon ou t ap jwenn t ap anpil anpil. Pou w ta annik li tout enfòmasyon ou jwenn yo, sa t ap tèlman pran tan, pitit ou a t ap gentan grandi, li kite kay la, ou pa t ap menm gen tan fini.

Anvan pedyat, sikològ pou timoun ak lòt sous enfòmasyon, tankou Entènèt, te egziste, ki bò paran yo te konn ale pou yo jwenn konsèy ? An jeneral, yo te konn al kot fanmi yo. Manman, papa, matant ak tonton te dispoze bay konsèy, èd finansye e yo te dispoze voye je sou timoun yo, e yo te anmezi fè bagay sa yo. Men nan anpil peyi, akoz anpil moun ki kite pwovens yo pou al viv nan gran vil yo, sa fè relasyon sere ki te genyen nan mitan fanmi yo prèske disparèt nèt. Kounye a, byen souvan, manman ak papa k ap elve pitit yo twouve yo poukont yo devan travay difisil sa a.

Asireman, se youn nan rezon ki fè endistri pou pran swen timoun ki vin gen kounye a pran pye rapidman konsa. Yon lòt rezon ankò se paske toupatou moun kwè nan lasyans. Depi nan fen ane 1800 yo, pèp ameriken an te deja vin konvenki lasyans kapab amelyore tout aspè nan lavi lèzòm. Poukisa pou lasyans pa ta fè sa nan domèn edikasyon timoun ? Se sa k fè, lè Kongrè nasyonal ameriken pou manman yo (American National Congress of Mothers), avèk regrè, te rekonèt piblikman an 1899 “ paran yo enkonpetan ”, te gen yon bann “ espè nan elve timoun ” ki te vin parèt sou sèn nan. Yo te pwomèt pou yo ede manman ak papa k ap lite yo pou yo konn sa pou yo fè.

Edikasyon timoun grasa konsèy ki nan liv

Toutfwa, ki rezilta espè sa yo bay ? Èske paran yo jodi a gen mwens enkyetid e yo pi byen ekipe pou elve pitit yo pase paran ki te la anvan yo ? Gen yon ankèt yo te fè tou dènyèman nan Grann Bretay ki revele lekontrè. Selon ankèt sa a, anviwon 35 pousan paran ki gen timoun piti toujou ap chèche konsèy yo ka fè konfyans. Gen lòt ki santi sèl chwa yo genyen se suiv ensten yo.

Yon ekriven ki rele Ann Hulbert te egzamine piblikasyon pwofesyonèl yo te ekri sou edikasyon timoun pandan plizyè ane, nan yon liv li ekri ki rele Raising America : Experts, Parents, and a Century of Advice About Children. Hulbert, ki gen de pitit, montre se kèk grenn nan konklizyon espè yo tire yo ki te baze sou bonjan syans lan. An reyalite, konsèy yo bay yo sanble plis baze sou pwòp eksperyans yo fè nan vi yo, olye yo ta baze sou enfòmasyon ki objektif. Lè w byen konsidere, sanble pifò nan sa yo te ekri yo pa gen yon valè reyèl, yo an kontradiksyon youn ak lòt, e pafwa yo parèt vrèman dwòl.

Si se sa, nan ki sa paran yo ye la a ? Franchman, anpil ladan yo nan konfizyon, paske yo devan plis konsèy, plis opinyon, plis deba pase nenpòt ki lè. Sepandan, se pa tout paran ki santi yo pèdi kap yo menm jan an. Anpil paran nan lemonnantye tire pwofi nan yon ansyen sous sajès ki pwouve jiska prezan li se yon sous konsèy moun ka fè konfyans, jan atik ki vin apre a pral montre sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje