Lis sijè yo
15 oktòb 2011
Toudegad ki gen atik etid yo
ATIK N AP ETIDYE NAN SEMÈN:
28 novanm 2011–4 desanm 2011
Èske aktivite w fè pou w detann ou yo bon?
PAJ 8
KANTIK: 70, 74
5-11 desanm 2011
Konsèy ki saj pou moun ki selibatè ak moun ki marye
PAJ 13
KANTIK: 85, 36
12-18 desanm 2011
Fè “Bondye tout konsolasyon an” konfyans
PAJ 23
KANTIK: 75, 115
19-25 desanm 2011
‘Konsole tout moun ki nan lafliksyon’
PAJ 27
KANTIK: 68, 42
Objektif atik etid yo
ATIK 1 PAJ 8-12
Kèlkeswa kote n ap viv, si nou aplike prensip biblik yo, sa ap ede nou chwazi detant k ap bon pou nou. Atik sa a pral ede nou wè si detant nou chwazi yo bon.
ATIK 2 PAJ 13-17
Desizyon yon moun pran pou l rete selibatè oubyen pou l marye gen enpak ni sou lavi l ni sou relasyon l ak Jewova. Atik sa a pral montre ki jan sèvitè Bondye yo kapab aplike konsèy yo jwenn nan 1 Korentyen chapit 7 la pou byen yo, kit yo selibatè, kit yo marye.
ATIK 3, 4 PAJ 23-31
Nan dènye jou sa yo n ap viv la, gen anpil sitiyasyon ki fè ni sèvitè Jewova yo ni lòt moun ap soufri. Ki sitiyasyon konsa ki kapab fè nou soufri? Ki kote moun k ap soufri yo kapab jwenn konsolasyon yo bezwen an? De atik sa yo pral montre ki jan Jewova ansanm ak Temwen l yo pote konsolasyon pou moun k ap soufri nan tan sa yo ki difisil.
LÒT SIJÈ
3 “Kontinye veye” — Poukisa sa enpòtan?
18 Mwen pran plezi sèvi Jewova
[Liy kredi pou foto nan paj 2]
Glòb: Koutwazi Replogle Globes