Lis sijè yo
15 mas 2013
© 2013 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania. All rights reserved.
SA KI GEN ATIK ETID YO
29 AVRIL 2013–5 ME 2013
‘Pa gen anyen ki pou fè moun ki renmen Jewova yo bite’
PAJ 3 • KANTIK: 45, 32
6-12 ME 2013
Èske w gen ‘yon kè pou w konnen’ Jewova?
PAJ 8 • KANTIK: 62, 60
13-19 ME 2013
Piske n “vin aprann konnen Bondye”, ki sa n dwe fè kounye a?
PAJ 13 • KANTIK: 81, 135
20-26 ME 2013
PAJ 19 • KANTIK: 51, 95
27 ME 2013–2 JEN 2013
PAJ 24 • KANTIK: 27, 101
ATIK ETID YO
▪ ‘Pa gen anyen ki pou fè moun ki renmen Jewova yo bite’
Tout kretyen yo nan yon kous pou yo jwenn lavi etènèl. Men, nou tout bite akoz peche nou eritye a. Atik sa a pral ede nou idantifye senk obstak ki ka fè nou bite, e li pral esplike ki sa n ka fè pou n pa kite yo anpeche n genyen kous la.
▪ Èske w gen ‘yon kè pou w konnen’ Jewova?
Liv Jeremi an di nou anpil bagay konsènan kè a. Atik sa a pral ede nou wè ki sa yon ‘kè ki pa sikonsi’ ye (NW), e kòman yon kè konsa kapab yon danje pou kretyen yo. L ap montre nou tou kòman nou ka gen yon ‘kè pou nou konnen Jewova’. — Jer. 9:26; 24:7, NW.
▪ Piske n “vin aprann konnen Bondye”, ki sa n dwe fè kounye a?
Ki etap yon moun dwe suiv pou l vin konnen Bondye e pou Bondye vin konnen l? Poukisa, antanke kretyen, yon moun dwe kontinye grandi menm apre li fin gen matirite espirityèl, e kòman li ka fè sa? Atik sa a pral ede nou jwenn repons kesyon sa yo.
▪ Jewova se kay kote n abite
N ap viv nan yon monn kote moun yo rayi bagay espirityèl. Sepandan, nou pa bezwen pè. Atik sa a montre nou kòman nou gen pi bon kote pou n abite an sekirite a, anpalan de Jewova Dye.
▪ Ann onore gran non Jewova a
Ki sa vin fè pati pèp ki pote non Bondye a vle di? Ki sa mache nan non Bondye vle di? E kòman Bondye konsidere moun k ap derespekte non l yo? Atik sa a bay repons kesyon sa yo.
LÒT SIJÈ
29 Èske se Jozèf ki te ekri l toutbonvre?
FOTO KI SOU PAJ KOUVÈTI A: Fenlann gen yon lanmè ki gen yon kot ki long anpil e ki gen plizyè zile sou li. Li gen plizyè milye lak tou, sitou nan sant ak nan lès peyi a. Kèk pwoklamatè k al sèvi pou yon ti tan kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan kapab itilize bato pou yo preche.
FENLANN
POPILASYON:
5 375 276
POUSANTAJ:
1 Temwen pou 283 moun
PYONYE PÈMANAN:
1 824