BYOGRAFI
Senkant an nan sèvis aplentan toupre Sèk Atik la
Yon lè, nou te di yon zanmi nou ki te nan sèvis aplentan: “Li fasil pou w sèvi antanke pyonye. Ni manman w, ni papa w nan laverite, e yo ka ede w.” Li te reponn nou: “Nou konn yon bagay, nou tout gen menm Papa!” Repons sa a li te ban nou an te gen yon leson enpòtan ladan l: Papa nou ki nan syèl la pran swen moun k ap sèvi l yo e li ba yo fòs. Anfèt, eksperyans nou fè nan lavi nou konfime verite ki nan pawòl sa yo.
NOU fèt nan nò yon zòn nan peyi Fenlann ki rele Ostrobothnia e fanmi nou, ki te gen 10 timoun, te konn travay latè. Dezyèm Gè mondyal la te afekte nou anpil lè n te timoun. Byenke nou t ap viv plizyè santèn kilomèt parapò ak kote gè a te pi rèd la, bagay terib ki t ap fèt nan gè a te fè gwo enpresyon sou nou. Apre yo te fin bonbade vil Oulu ak Kalajoki, de vil ki te toupre kote n te rete a, nou te wè yon limyè tou wouj nan syèl la. Manman n ak papa n te toujou di n, nou menm timoun yo, pou n kouri kache depi nou wè avyon ap pase sou tèt nou. Se sa k fè, lè Tauno, pi gran frè nou an, te pale avè n konsènan yon paradi ki pral gen sou tè a kote pap gen enjistis ankò, kè nou te touche anpil.
Lè Tauno te gen 14 an, li te aprann laverite grasa piblikasyon Etidyan Labib yo. Lè Dezyèm Gè mondyal la te eklate, yo te mete l nan prizon paske l te refize fè sèvis militè akoz konsyans li ki te fòme grasa Labib. Pandan l te nan prizon an, yo te maltrete l anpil. Men, sa te ranfòse detèminasyon l te pran pou l sèvi Jewova, e apre yo te fin libere l, li te menm vin pi zele nan ministè a. Bèl egzanp frè nou an te bay te ankouraje n pou n al nan reyinyon Temwen yo te konn òganize nan yon vilaj ki te toupre kote n rete a. Nou te konn asiste kongrè yo tou, men, nou te dwe fè anpil efò pou n ekonomize kantite lajan nou te bezwen pou n fè vwayaj la. Pou n te jwenn lajan an, nou te konn koud rad pou vwazen nou yo e n te konn vann zonyon ansanm ak yon fwi ki rele bè. Piske n te gen anpil travay pou n fè nan fèm nou an, nou pa t konn asiste kongrè yo ansanm. Donk, nou chak te gen lè pa nou pou n asiste yo.
Soti sou bò goch: Matti (papa), Tauno, Saimi, Maria Emilia (manman), Väinö (bebe), Aili ak Annikki nan ane 1935.
Verite nou te aprann konsènan Jewova ak objektif li yo te fè nou vin gen plis lanmou pou li, e nou te deside vwe lavi n ba li. An 1947, nou toule de te batize nan dlo pou n senbolize ve n te fè a (Lè sa a, Annikki te gen 15 an epi Aili te gen 17 an). Saimi, gran sè nou an, te batize menm ane a tou. Nou te etidye Labib tou ak Linnea, yon lòt gran sè nou ki te gentan marye. Li menm ak fanmi l te vin Temwen Jewova tou. Apre batèm nou, nou te fikse objektif pou n vin pyonye, sa vle di pou n sèvi antanke pyonye pandan vakans (oswa oksilyè) detanzantan.
NOU ANTRE NAN SÈVIS APLENTAN
Soti sou bò goch: Eeva Kallio, Saimi Mattila-Syrjälä, Aili, Annikki ansanm ak Saara Noponen nan ane 1949.
An 1955, nou t al viv nan vil Kemi, yon vil ki pi lwen nan zòn nò a. Byenke nou toule de t ap travay aplentan, nou te toujou vle vin pyonye, men, nou te pè pou n pa t gen ase lajan pou n pran swen tèt nou. Nou te panse nou ta dwe fè kèk ekonomi anvan. Se lè sa a nou te gen konvèsasyon nou te mansyone pi wo a avèk sè pyonye a. Konvèsasyon sa a te ede n konprann sèvi Jewova aplentan pa depann sèlman de lajan nou genyen oswa èd fanmi n ban nou. Sa k pi enpòtan an se konte sou Papa nou ki nan syèl la.
Sou wout pou n al nan Kongrè Kuopio nan ane 1952. Soti sou bò goch: Annikki, Aili ak Eeva Kallio.
Nan moman sa a, nou te gentan sanble ase lajan pou n pran swen tèt nou pandan de mwa. Se sa k fè, nan mwa me 1957, aktout nou te pè, nou te fè aplikasyon pou n sèvi antanke pyonye pandan de mwa nan yon komin nan zòn Lapland, ki rele Pello, ki pa anlè Sèk Atik la. Apre de mwa yo, nou te toujou gen menm kantite kòb nou te gen anvan an, donk, nou te fè aplikasyon pou de mwa ankò. Apre lòt de mwa yo, nou te toujou gen menm kantite kòb la ankò. Lè sa a, nou te gen asirans Jewova t ap pran swen nou toutbonvre. Apre 50 an nan sèvis pyonye, nou toujou gen menm kantite kòb la! Lè n ap reflechi ak lavi n, nou santi se kòmsi Jewova te pran men nou epi l di n: “Nou pa bezwen pè. M’ap ede nou!” — Eza. 41:13.
Apre 50 an nan sèvis pyonye, nou toujou gen menm kantite kòb la!
Kaisu Reikko ansanm ak Aili nan travay predikasyon an.
An 1958, siveyan sikonskripsyon nou an te mande n pou n al sèvi antanke pyonye espesyal nan yon vil ki rele Sodankylä, ki nan zòn Lapland. Nan moman sa a, te gen sèlman yon sè ki te Temwen nan zòn sa a. Fason sè sa a te aprann laverite te vrèman enteresan. Pitit gason l lan t al nan yon vwayaj lekòl li a te òganize nan Helsinki, kapital peyi Fenlann. Pandan elèv yo t ap mache nan vil la, gen yon sè aje ki te lonje yon Toudegad bay ti gason an, ki te an dènye nan liy nan, epi sè a di l pou l bay manman l Toudegad la. Ti gason an te fè sa vre, e byen vit, manman l te rekonèt sa l te li yo se laverite.
Nou te lwe yon chanm anlè tèt yon izin kote yo konn siye bwa pou fè planch. Nou te konn fè reyinyon yo nan chanm nan. Okòmansman, sèl moun ki te konn asiste reyinyon yo se te nou de a, sè ki te nan zòn nan ansanm ak pitit fi sè a. Nou te li sijè pou etid yo ansanm. Annapre, gen yon mesye ki te etidye Labib ak Temwen yo ki te vin travay nan izin nan. Mesye sa a ak fanmi l te kòmanse asiste reyinyon ak gwoup nou an. Apre kèk tan, ni li menm ni madanm li te vin batize. Frè sa a te kòmanse dirije reyinyon yo. Anplis de sa, gen kèk lòt mesye ki t ap travay nan izin nan ki te kòmanse asiste reyinyon yo e ki te vin aksepte laverite. Kèk ane apre, gwoup nou an te tèlman grandi li te vin tounen yon kongregasyon.
DIFIKILTE NOU JWENN
Lefètke n te konn preche byen lwen, sa te fè n jwenn kèk difikilte nan travay predikasyon nou an. Pandan sezon ete, nou te konn mache apye, nou te konn monte bisiklèt e nou te konn menm pran kannòt pou n te ka jwenn moun nan tèritwa nou an. Bisiklèt nou yo te ede n anpil. Nou te konn sèvi avè yo tou lè n pral nan kongrè ak lè n pral vizite paran nou ki t ap viv plizyè santèn kilomèt parapò ak kote n te ye a. Pandan sezon ivè a, nou te konn pran yon bis byen bonè nan maten pou n al nan yon vilaj nan zòn nan, e apre sa, nou mache kay an kay. Apre nou fin preche nan tout kay ki nan yon vilaj, nou mache pou n al nan yon lòt vilaj. Li pa t toujou fasil pou n wè wout la tèlman te konn gen nèj. Souvan, nou te konn suiv tras cheval k ap rale charyo yo te konn kite nan nèj la. Pafwa, nèj la te konn kouvri tras moun ki pase anvan yo, e nan kòmansman sezon prentan an, nèj la te konn tèlman mou epi mouye, li te konn difisil pou n pase ladan l.
Nou de a k ap preche yon jou pandan sezon ivè.
Etandone l te konn fè frèt anpil e te konn gen nèj, nou te aprann met rad ki pou kenbe nou cho. Nou te konn met ba ki fèt an lèn nan pye nou ansanm ak de oswa twa pè chosèt san wete bòt ki ban n nan jenou. Byen souvan, bòt nou yo konn chaje ak nèj. Lè n rive sou galri yon kay, nou retire yo nan pye n pou n retire nèj ladan yo. Anmenmtan tou, ke manto nou te konn mouye anpil tèlman nou mache nan nèj. Apre sa, lè fredi a rèd anpil, ke manto nou yo konn fè glas epi yo vin tankou fèy tòl. Gen yon dam nou te rankontre lakay li ki te di n: “Nou dwe gen bonjan lafwa pou n chwazi soti deyò nan kalite tan sa a.” Nou te mache plis pase 11 kilomèt pou n al nan kay sa a.
Byen souvan, akoz distans yo ki te long, nou te konn ret dòmi lakay moun nan zòn n al preche yo. Lè l kòmanse fè ta, nou te mande moun yo si yo ka ban n yon kote pou n dòmi. Kay yo te byen senp, men, moun yo te konn byen akeyi nou e yo te janti. Nonsèlman, yo te konn ban nou yon kote pou n dòmi, men, yo te konn ban n kichòy pou n manje tou. Souvan, nou te konn dòmi sou po bèt. Dèfwa, nou te konn jwenn yon ti liks. Pa egzanp, gen yon dam ki t ap viv nan yon gwo kay ki te ban n dòmi nan yon chanm envite ki te aletaj, e te gen yon bèl kabann ki kouvri ak dra blan ki t ap tann nou. Plizyè fwa, nou te konn rete byen ta nan aswè ap pale sou Bib la ak mèt kay yo. Gen yon kote nou te rive, koup ki t ap viv nan kay la te dòmi nan yon bò nan chanm nan epi nou menm, nou te dòmi nan lòt bò a. Nou te rete byen ta ap pale avèk yo sou Bib la, e konvèsasyon an te kontinye pou jis demen maten. Mesye a ak madanm li te kontinye poze plis kesyon youn apre lòt.
NOU JWENN REKONPANS NAN MINISTÈ A
Lapland se yon bèl peyi menmsi l pa ka fè jaden, e bote peyi a chanje selon sezon an. Sepandan, pou nou menm, moun ki apresye Jewova yo pi bèl toujou. Pami moun sensè nou te preche bon nouvèl la, te gen moun ki gen metye koupe bwa yo, ki te vin tabli kan yo nan Lapland. Dèfwa, nou te konn antre nan yon ti kay kote gen plizyè douzèn gason e nou te toupiti devan yo. Mesye sa yo ki te kosto anpil te byen akeyi mesaj ki nan Bib la e yo te kontan aksepte piblikasyon yo.
Nou te konn fè anpil bèl eksperyans. Yon jou, nou te rate bis nou t apral pran an paske revèy nan estasyon bis la te gen senk minit anplis. Nou te deside pran yon lòt bis pou n al nan yon lòt vilaj. Nou potko janm preche nan zòn sa a anvan. Nan premye kay nou te rive a, nou te rankontre yon jèn fi ki te di: “Se nou sa medam, janm t ap ret tann nou!” Nou te deja etidye Labib ak yon gran sè l. Jèn fi sa a te mande gran sè l la pou l fè aranjman yon fason pou n vin vizite l jou sa a. Sepandan, nou pa t janm jwenn mesaj la. Nou te kòmanse etidye Labib avè l ansanm ak moun nan fanmi l ki te abite nan yon kay ki toupre a. Sa pa t pran lontan pou n te fè tout etid sa yo vin fè yon sèl, e te gen anviwon yon douzèn moun ki te konn asiste. Depi lè sa a, anpil moun nan fanmi sa a te vin Temwen Jewova.
An 1965, yo te asiyen nou nan kongregasyon nou ye kounye a ki anba Sèk Atik la. Lè sa a, kongregasyon an te gen sèlman kèk pwoklamatè. Okòmansman, nouvo tèritwa nou an te parèt yon ti jan difisil. Moun yo te atache ak relijyon yo anpil e yo te gen prejije kont nou. Malgre sa, anpil nan yo te gen respè pou Bib la, sa ki te ban n opòtinite pou n pale avèk yo. Konsa, tikras pa tikras nou te eseye aprann konnen moun yo, e aprè anviwon dezan, li te vin pi fasil pou n kòmanse kèk etid biblik.
NOU TOUJOU AKTIF NAN MINISTÈ A
Kèk moun nou te etidye Labib avèk yo.
Jodi a, nou pa gen ase fòs ankò pou n pase plizyè jounen byen long nan travay predikasyon an, men, nou toujou preche prèske chak jou. An 1987, neve nou an, pitit Tauno, te ankouraje Aili ki te gen 56 an lè sa a pou l aprann kondui epi fè yon lisans. Konsa, li te vin pi fasil pou n gaye bon nouvèl la nan tèritwa nou an ki gwo anpil. Nou te jwenn plis èd toujou lè yo te konstwi yon nouvo Sal Wayòm e nou t al abite nan yon apatman ki kole avè l.
Gen anpil pwogrè ki te fèt devan je nou, e sa fè nou jwenn anpil jwa. Lè n te fèk antre nan sèvis aplentan nan nò peyi Fenlann, te gen sèlman kèk pwoklamatè ki te epapiye nan tout gwo zòn sa a. Kounye a, gen plizyè kongregasyon ki fòme yon sikonskripsyon. Byen souvan, pandan nou nan asanble yo ak kongrè yo, sa konn rive yon moun vin salye nou epi l mande n si nou sonje l. Nan kèk ka, se yon moun nou te konn fè etid lakay li pandan l te timoun. Semans ki te simen pandan plizyè ane oswa menm plizyè dizèn ane anvan sa te pwodui fwi! — 1 Kor. 3:6.
Nou pran plezi preche menm lè lapli ap tonbe.
Ane 2008 te fè nou 50 an depi n ap sèvi antanke pyonye espesyal. Nou di Jewova mèsi dèske n te kapab ankouraje youn lòt pou n andire nan travay li a ki gen anpil valè. Nou te mennen yon vi senp, men, nou pa t janm manke anyen (Sòm 23:1). Nou rann nou kont ezite n te ezite pou n antre nan sèvis pyonye a pa t itil anyen! Pandan tout ane sa yo, nou kontan dèske Jewova te ban n fòs nou bezwen ann amoni ak pwomès li fè nan Izayi 41:10 (NW) la ki di: “M ap fòtifye w. M ap ede w toutbon. Vrèmanvre, m ap kenbe w fèm avèk men dwat jistis mwen an.”