Lis sijè yo
15 out 2014
© 2014 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
SA KI GEN ATIK ETID YO
29 SEPTANM 2014–5 OKTÒB 2014
Ki wòl medam yo jwe nan objektif Jewova?
PAJ 6 • KANTIK: 86, 104
6-12 OKTÒB 2014
Sèvi ak Pawòl Bondye a: Li vivan!
PAJ 11 • KANTIK: 114, 101
13-19 OKTÒB 2014
Fason Jewova pwoche bò kote nou
PAJ 16 • KANTIK: 51, 91
20-26 OKTÒB 2014
Koute vwa Jewova kèlkeswa kote w ye
PAJ 21 • KANTIK: 26, 89
ATIK ETID YO
▪ Ki wòl medam yo jwe nan objektif Jewova?
Aprann ki sa rebelyon ki te fèt kont Bondye nan jaden Edenn nan te vle di pou gason yo ak medam yo. Konsidere egzanp kèk medam ki t ap viv nan tan lontan ki te gen lakrentif pou Bondye. Anplis de sa, chèche wè ki wòl medam kretyèn yo jwe nan objektif Bondye jodi a.
▪ Sèvi ak Pawòl Bondye a: Li vivan!
Tout moun k ap preche mesaj Wayòm nan ta renmen vin maton nan travay predikasyon an. Ann egzamine kèk sijesyon pratik sou fason pou n sèvi ak Bib la ansanm ak feyè yo pou n ka ankouraje moun yo pale epi pou n chèche touche kè yo grasa Pawòl Jewova a ki vivan.
▪ Fason Jewova pwoche bò kote nou
Nou dwe vin gen pwòp relasyon nou ak Kreyatè nou an. Chèche wè ki fason dispozisyon Jewova pran pou l ban nou ranson an ansanm ak Pawòl li te fè ekri a bay prèv ki montre Jewova te gentan pran inisyativ pou l ede n pwoche kote l.
▪ Koute vwa Jewova kèlkeswa kote w ye
Pou n ka mache nan chemen verite a, nou dwe koute sa Jewova di. Aprann kòman nou ka rive koute vwa Jewova malgre tout manèv Satan yo e malgre pwòp tandans peche nou gen lakay nou. Atik sa a pral ede n wè jan l enpòtan pou n gen bon kominikasyon ak vrè Dye a.
FOTO KI SOU PAJ KOUVÈTI A: De sè k ap preche nan lang ris yon kote moun konn fè pwomnad nan vil Tel Aviv. Nan do yo a, nou ka wè kolin Jaffa a, yon kote ki chaje ak wòch e se la ansyen waf Jope a te ye.
IZRAYÈL
POPILASYON
8 050 000
MAKSIMÒM PWOKLAMATÈ POU ANE 2013
1 459
ASISTANS MEMORYAL POU ANE 2013
2 671