Lis sijè yo
15 janvye 2015
© 2015 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
SA KI GEN ATIK ETID YO
2-8 MAS 2015
Di Jewova mèsi e w ap jwenn benediksyon
PAJ 8 • KANTIK: 2, 75
9-15 MAS 2015
Rezon ki fè n selebre soupe Seyè a
PAJ 13 • KANTIK: 8, 109
16-22 MAS 2015
Bati yon maryaj ki solid e ki bay kè kontan
PAJ 18 • KANTIK: 36, 51
23-29 MAS 2015
Kite Jewova pwoteje maryaj ou epi kite l fè l vin djanm
PAJ 23 • KANTIK: 87, 50
30 MAS 2015–5 AVRIL 2015
Èske lanmou ka dire pou toutan?
PAJ 28 • KANTIK: 72, 63
ATIK ETID YO
▪ Di Jewova mèsi e w ap jwenn benediksyon
Lè n medite sou benediksyon nou jwenn yo epi n di Jewova mèsi pou sa, nou ka vin rekonesan anvè l epi n ka kontinye demontre rekonesans sa a. Lè n gen yon kè ki rekonesan sa ap ede n pou n pa vin engra e sa ap ede n fè fas ak eprèv. Tèks pou ane 2015 lan pral fè n sonje sa pandan tout ane a.
▪ Rezon ki fè n selebre soupe Seyè a
Yon fason klè, atik sa a montre rezon ki fè n komemore lanmò Jezi. Li esplike ki sa pen ak diven yo itilize nan Memoryal la reprezante e l montre ki jan yon moun fè konnen si wi ou non li kapab manje nan pen an epi bwè nan diven an. Anplis de sa, atik sa a pral ede n wè kòman nou ka prepare n pou Soupe Seyè a.
▪ Bati yon maryaj ki solid e ki bay kè kontan
▪ Kite Jewova pwoteje maryaj ou epi kite l fè l vin djanm
Moun marye yo ap fè fas ak presyon ansanm ak tantasyon ki pa sispann ogmante. Sepandan, grasa èd Jewova, li posib pou yo rete djanm epi pou yo gen yon maryaj ki solid e ki bay kè kontan. Premye atik la pral pale konsènan senk blòk espirityèl k ap ede n konstwi yon maryaj solid k ap dire e l pral pale konsènan mòtye nou ka itilize pou n kole blòk sa yo. Dezyèm atik la pral egzamine fason nou ka pwoteje yon maryaj nan domèn espirityèl.
▪ Èske lanmou ka dire pou toutan?
Ak ki sa n ka konpare vrè lanmou ki egziste ant yon gason ak yon fi? Èske lanmou ka dire pou toutan? Ki jan yon moun ka demontre yon lanmou konsa? Aprann ki sa liv Chan Salomon an di nou sou lanmou ki dire pou toutan an.
LÒT SIJÈ
FOTO KI SOU PAJ KOUVÈTI A: Yon frè ak yon sè ki kenbe Bib yo nan men yo toutpandan y ap bay temwayaj nan yon bèl zòn ki rele Grindelwald. Nou ka wè mòn Alp Bènwaz yo dèyè a.
SWIS
POPILASYON
7 876 000
KANTITE PWOKLAMATÈ
18 646
ASISTANS MEMORYAL (2013)
31 980