Lis sijè yo
15 me 2015
© 2015 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
SA KI GEN ATIK ETID YO
29 JEN 2015–5 JIYÈ 2015
Montre w veyatif — Satan vle devore w!
PAJ 9 • KANTIK: 54, 43
6-12 JIYÈ 2015
Ou ka lite ak Satan — E w ka genyen!
PAJ 14 • KANTIK: 60, 100
13-19 JIYÈ 2015
Yo te “wè” bagay yo te pwomèt yo
PAJ 19 • KANTIK: 81, 134
20-26 JIYÈ 2015
Imite Moun ki pwomèt lavi ki pap janm fini an
PAJ 24 • KANTIK: 12, 69
ATIK ETID YO
▪ Montre w veyatif — Satan vle devore w!
▪ Ou ka lite ak Satan — E w ka genyen!
Bib la konpare Satan ak yon lyon k ap gwonde ki pare pou l atake. Li gen anpil pisans, li san pitye e l ap twonpe moun. Atik sa yo pral ede n wè rezon ki fè n dwe kenbe tèt ak ènmi sa a ki mechan anpil. Anplis de sa, yo pral montre n kòman nou ka pwoteje tèt nou kont taktik l ap itilize pou l twonpe moun yo.
▪ Yo te “wè” bagay yo te pwomèt yo
▪ Imite Moun ki pwomèt lavi ki pap janm fini an
Nou ka swa byen sèvi ak kapasite n genyen pou n imajine bagay nou pa janm wè oswa nou pa t janm viv yo swa n ka mal sèvi avè l. Nan atik sa yo, nou pral pale konsènan anpil moun Bib la pale de yo. Nou pral aprann kòman kapasite n genyen pou n imajine bagay nou pa wè yo ka ede n demontre lafwa ak kòman l ka ede n imite kèk kalite Jewova genyen tankou lanmou, bonte, sajès ak lajwa.
FOTO KI SOU PAJ KOUVÈTI A: De frè k ap kondui yon etid biblik ak yon moun lakay li.
AMENI
POPILASYON
3 026 900
KANTITE PWOKLAMATÈ
11 143
KANTITE PYONYE PÈMANAN
2 205
23 844
Kantite moun ki te asiste Memoryal ki te fèt 14 avril 2014 la te plis pase de fwa kantite pwoklamatè ki aktif yo.