BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 15/6 p. 18-19
  • “Si Kingsley ka fè l, m ka fè l tou!”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Si Kingsley ka fè l, m ka fè l tou!”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ASISTANS AK PATISIPASYON NAN REYINYON
  • Lekòl ministè teyokratik pou lan 2001
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Yon lekòl ki ekipe nou pou aktivite ki pi enpòtan nan lavi a
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Yon dam avèg jwenn repons priyè l
    Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
  • Yo te jwenn lanmou nan kongregasyon an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 15/6 p. 18-19
Kingsley k ap batize.

“Si Kingsley ka fè l, m ka fè l tou!”

KINGSLEY te kòmanse fè lekti Labib la lè yo te ba l yon ti tap sou zepòl, se te premye asiyasyon l nan Lekòl ministè teyokratik. Li te byen pwononse chak mo, e li pa t menm sote yon silab. Men, fè yon ti tann! Poukisa l pa gade nan bib li?

Kingsley se yon moun ki avèg e k ap viv nan peyi Srilanka. Li te gen difikilte pou l tande byen e l te bezwen yon chèz woulant pou l te ka deplase. Ki jan mesye sa a te fè vin aprann konnen Jewova epi pou l enskri nan Lekòl ministè teyokratik? Kite m esplike nou.

Lè m te fèk rankontre Kingsley, m te sezi wè jan l te swaf aprann verite ki nan Bib la. Li te deja etidye Labib ak plizyè Temwen epi liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la an bray li te genyen an te chifonnen anpila. Li te dakò rekòmanse etid la, men, nou te gen de pwoblèm.

Toudabò, Kingsley t ap viv ak anpil lòt moun nan yon kay yo fè pou granmoun ak moun ki gen andikap fizik. Etandone te toujou gen anpil bri epi Kingsley pa t ka tande byen, m te oblije pale pi fò. Anfèt, tout moun nan kay la te ka tande etid nou te konn fè chak semèn nan!

Mete sou sa, Kingsley pa t ka li anpil epi se yon tikras enfòmasyon sèlman l te ka kenbe nan chak etid. Kingsley te konn byen prepare yon fason pou l te ka byen pwofite etid la. Li te konn li sijè yo plizyè fwa alavans, li te konn chèche vèsè yo nan bib an bray li a epi l te konn eseye reponn kesyon yo nan tèt li. Metòd sa a te bay bon rezilta. Pandan etid la, li te konn chita sou yon tapi epi l kwaze janm li, li t ap bat pye l atè a toutpandan l ap pale byen fò pou l esplike sa l aprann yo. Sa pa t pran lontan pou n fè etid la de fwa pa semèn epi chak etid te konn dire dezèdtan!

ASISTANS AK PATISIPASYON NAN REYINYON

Kingsley ak Paul

Kingsley ak Paul.

Kingsley te vrèman anvi asiste reyinyon yo nan Sal Wayòm nan, men, sa pa t fasil ditou. Li te bezwen yon moun ede l chita epi leve l nan chèz woulant lan, mete l nan machin epi mennen l nan Sal Wayòm nan. Sepandan, gen anpil moun nan kongregasyon an ki te chwazi ede l pa relèv e yo te konsidere sa kòm yon privilèj. Pandan reyinyon yo, Kingsley te konn kenbe yon opalè bò zòrèy li, li te konn suiv ak anpil atansyon e l te menm konn fè kòmantè!

Apre Kingsley te fin fè kèk tan ap etidye, li te deside enskri nan Lekòl ministè teyokratik. De semèn anvan l te fè premye lekti Labib li, m te mande l si l te byen repete. Avèk asirans, li te di m: “Wi frè m, m repete anviwon 30 fwa.” M te felisite l pou efò l te fè e m te mande l pou l fè lekti a pou mwen. Li te ouvri bib an bray li, li met dwèt li sou vèsè yo epi l kòmanse li. Sepandan, m te remake l pa t deplase dwèt li sou paj la jan sa te dwe fèt nòmalman. Li te aprann tout lekti a pakè!

Dlo t ap koule nan je m pandan m t ap gade bagay sa a m pa t ka kwè a. M te mande Kingsley ki sa k fè l kapab sonje lekti a byen konsa alòske se sèlman 30 fwa li te repete. Li te reponn: “Non, m te repete anviwon 30 fwa pa jou.” Pandan plis pase yon mwa, Kingsley te konn chita sou tapi l e l te konn li tèks la plizyè fwa jiskaske l konnen l pakè.

Apre sa, jou a te rive pou l fè patisipasyon l lan nan Sal Wayòm nan. Lè Kingsley te fin fè lekti a, tout kongregasyon an te pran bat bravo tèlman yo te kontan e anpil nan yo te kriye anpil lè yo te wè jan nouvo etidyan sa a te gen detèminasyon. Gen yon pwoklamatè ki te sispann bay diskou nan lekòl la akoz li te pè ki te mande pou l enskri ankò. Sa k fè sa? Li te di: “Si Kingsley ka fè l, m ka fè l tou!”

Nan jou ki te 6 septanm 2008 la, Kingsley te batize pou l senbolize ve l te fè bay Jewova a apre l te fin fè twazan ap etidye. Li te kontinye sèvi Jewova fidèlman pou jis li mouri nan jou ki te 13 me 2014 la. Kingsley te gen konfyans, nan Paradi ki pral gen sou tè a li pral kontinye sèvi Jewova fidèlman ak tout fòs li e ak yon sante pafè (Iza. 35:5, 6). — Dapre Paul McManus.

a Yo te pibliye l an 1995, men yo pa enprime l ankò.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje