BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 4 p. 3
  • Yon kesyon ki lage moun nan konfizyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon kesyon ki lage moun nan konfizyon
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Sa Bib la di sou lavi ak lanmò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 4 p. 3
Yon dam k ap priye ak yon chaplè nan men l devan anpil balèn

Fidèl ki nan pifò gwo relijyon yo kwè moun gen yon nanm ki pa ka mouri.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA BIB LA DI SOU LAVI AK LANMÒ?

Yon kesyon ki lage moun nan konfizyon

GEN yon pil ak yon pakèt opinyon sou lavi ak lanmò. Gen kèk moun ki panse y ap kontinye viv apre yo fin mouri, petèt sou yon lòt fòm oubyen yon lòt kote. Gen lòt moun ki panse y ap refèt pou y al mennen yon lòt vi. Sepandan, gen lòt ankò ki panse lè yon moun mouri, tout bagay fini.

Petèt fason w te leve oswa kote w te leve fè w gen pwòp kwayans pa w sou sijè sa a. Kòm moun yo gen yon pakèt opinyon sou sa k rive apre yon moun fin mouri, èske gen yon moun oswa yon kote nou ka jwenn repons nou ka fè konfyans pou kesyon sa a ki lage moun nan konfizyon an?

Chèf relijye yo gen plizyè syèk depi y ap anseye moun doktrin sa a: Moun gen yon nanm ki pa ka mouri. Fidèl ki nan pifò gwo relijyon yo, anpalan de kretyen, endou, juif, mizilman ak nan lòt relijyon ankò, kwè moun gen yon nanm ki pa ka mouri. Yo fè konnen lè kò a mouri, nanm nan soti kite kò a pou l al viv nan monn envizib la. Boudis yo, bò kote pa yo, kwè apre yon moun fin refèt yon kantite fwa moun pa ka konte, fòs li oswa enèji ki nan lespri l la ka rive nan yon eta yo rele Nivana, yon eta kote moun nan pa gen okenn soufrans e li pa ka santi anyen.

Moun k ap mete manje pou moun pa yo ki mouri

Ansèyman sa yo fè pifò moun nan monn nan vin kwè lè yon moun mouri, l al viv nan yon lòt monn. Kidonk, selon anpil nan moun sa yo, lanmò se yon etap enpòtan nan lavi a, e yo panse se volonte Bondye pou moun mouri. Men, ki sa Bib la di sou sa? Tanpri, li atik ki vin apre a. Repons w ap jwenn nan ka fè w sezi.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje