BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 4 p. 4-7
  • Sa Bib la di sou lavi ak lanmò

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa Bib la di sou lavi ak lanmò
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • BIB LA KLÈ SOU KESYON AN
  • YON FO ANSÈYMAN KI VIN GAYE TOUPATOU
  • “LAVERITE AP LIBERE NOU”
  • Ki kote mò yo ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki sa nanm nan ye?
    Repons Bib la bay
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 4 p. 4-7
Yon moun mouri ki nan yon tonm

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA BIB LA DI SOU LAVI AK LANMÒ?

Ki sa Bib la di sou lavi ak lanmò?

Nan istwa ki pale sou kreyasyon an nan liv Jenèz la, nou aprann Bondye te di Adan, premye gason an, pawòl sa yo: “Ou mèt manje nan fwi tout pyebwa ki nan jaden an jan w vle. Men, ou pa dwe manje nan fwi pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, paske jou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” (Jenèz 2:16, 17). Pawòl sa yo ki byen klè e ki tou senp montre Adan pa t ap mouri si l te obeyi kòmandman Bondye te ba li a, okontrè, li t ap kontinye viv nan jaden Edenn nan.

Adan ak Èv ki vin tigranmoun

Malerezman, olye Adan te chwazi obeyi Bondye epi viv pou toutan, li te pito dezobeyi kòmandman Bondye a e li te manje fwi Bondye te ba l lòd pou l pa manje a lè Èv, madanm li, te pote l ba li (Jenèz 3:1-6). Jis jounen jodi a, n ap peye konsekans dezobeyisans sa a. Men sa apot Pòl te esplike: “Se sa k fè, menm jan akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” (Women 5:12). Pa gen dout nan sa, “sèl moun” vèsè a ap pale de li a se Adan. Men, ki peche sa a li te fè a e poukisa sa lakòz nou mouri?

Sa Adan te fè a se peche, li te fè espre li dezobeyi lwa Bondye te ba l la (1 Jan 3:4). E jan Bondye te di Adan sa, konsekans peche se lanmò. Toutotan Adan ak desandan li t apral genyen yo t ap kontinye obeyi Bondye, yo pa t ap peche e yo pa t ap janm mouri. Bondye pa t kreye lèzòm pou yo mouri, men li te kreye yo pou yo viv pou toutan.

Jan Bib la di sa, li klè lanmò “blayi sou tout moun”. Sepandan, èske gen yon bagay nan nou ki kontinye viv apre nou fin mouri? Gen anpil moun ki t ap reponn wi, yo t ap di nou gen yon bagay ki rele nanm ki pa ka mouri. Men, si se ta sa, sa t ap vle di Bondye te bay Adan manti. Sa k fè n di sa? Paske si gen yon bagay nan nou ki ta al viv yon lòt kote lè nou mouri, lanmò pa t ap konsekans peche vre, jan Bondye te fè konn sa. Men sa Bib la di: “Li enposib pou Bondye bay manti.” (Ebre 6:18). Anfèt, se Satan ki te bay manti lè l te di Èv: “Nou pap mouri pyès.” — Jenèz 3:4.

Sa fè n poze yon lòt kesyon: Si ansèyman ki fè kwè moun gen yon nanm ki pa ka mouri a se yon manti, lè yon moun mouri, ki sa k rive l toutbonvre?

BIB LA KLÈ SOU KESYON AN

Men sa liv Jenèz la ki pale sou kreyasyon an fè konnen: “Jewova Dye te vin fè lòm ak pousyè ki sot nan tè a e li te vin soufle souf lavi a nan twou nen l e lòm vin tounen yon moun ki vivan.” Mo ebre nèfècha la lè yo tradui l, yo mete “yon moun ki vivan” pou li a vle di literalman “yon kreyati k ap respire”. — Jenèz 2:7, nòt.

Kidonk, Labib montre byen klè moun pa gen yon nanm nan yo ki pa ka mouri. Okontrè, chak moun se “yon moun ki vivan”. Se sa k fè, ou mèt chèche toutotan w kapab, ou pap janm jwenn yon kote nan Bib la yo itilize ekspresyon “nanm ki pa ka mouri” a.

Piske Bib la pa di moun gen yon nanm ki pa ka mouri, poukisa se sa anpil relijyon ap anseye? Repons kesyon sa a gen rapò ak Ejip tan lontan an.

YON FO ANSÈYMAN KI VIN GAYE TOUPATOU

Ewodòt, yon istoryen grèk nan senkyèm syèk anvan epòk nou an, te fè konnen Ejipsyen yo “te premye nasyon ki te kwè nan yon nanm ki pa ka mouri”. Babilónyen yo, yon lòt pèp ki te egziste nan tan lontan, te renmen ide ki fè kwè moun gen yon nanm ki pa ka mouri a. Distans pou Aleksann Legran te pran zòn Mwayenn Oryan an nan ane 332 anvan epòk nou an, filozòf grèk yo te gentan simaye ansèyman sa a, e byen vit ansèyman sa a te gaye nan tout Anpi grèk la.

Ou pap janm jwenn yon kote nan Bib la yo itilize ekspresyon “nanm ki pa ka mouri” a.

Nan premye syèk epòk nou an, gen de gwoup Juif anpil moun te konnen, anpalan de Esenyen yo ak Farizyen yo, ki te konn anseye moun gen yon nanm ki kontinye viv apre yo fin mouri. Men sa yon diksyonè (The Jewish Encyclopedia) fè konnen: “Ansèyman ki fè konnen yon nanm pa ka mouri a te rive jwenn Juif yo lè yo te kòmanse an kontak ak fason Grèk yo konprann kesyon an e sitou avèk rezònman Platon yo.” Epitou, Jozèf, yon istoryen juif ki t ap viv nan premye syèk la, te fè konnen ansèyman sa a pa t soti nan Ekriti sakre yo, okontrè, yo se “kwayans pitit gason Grèk yo”. Jozèf te konsidere ansèyman sa a kòm yon seri istwa moun ki te ekri yo te envante.

Tank kilti Grèk yo te kontinye ap vale teren, swadizan kretyen yo te vin aksepte ansèyman payen sa a tou. Gen yon istoryen ki rele Jona Lendering ki te di: “Rezònman Platon ki fè kwè nanm nou te yon pi bon kote yon lè, e kounye a, l ap viv nan yon monn ki kòwonpi, te fè l pi fasil pou yo melanje ansèyman Platon yo ak ansèyman kretyen yo.” Se konsa, swadizan legliz kretyen yo te vin aksepte ansèyman payen ki fè konnen moun gen yon nanm ki pa ka mouri a, e ansèyman sa a te vin gen yon plas enpòtan nan kwayans yo.

“LAVERITE AP LIBERE NOU”

Men ki avètisman apot Pòl te bay nan premye syèk la: “Pawòl Bondye enspire a di aklè, nan tan k ap vini yo, kèk moun ap abandone lafwa, y ap koute pawòl blòf ki sanble soti nan Bondye ak ansèyman demon.” (1 Timote 4:1). Se sa menm k ap fèt jodi a. Ansèyman ki fè konnen gen yon nanm ki pa ka mouri a se youn nan ansèyman ki soti nan “ansèyman demon” yo. Labib pa anseye sa, se relijyon payen ak filozofi tan lontan yo ki te vini avè l.

Men, nou vrèman kontan dèske Jezi te di: “N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” (Jan 8:32). Lè nou vin gen yon konesans egzak sou verite ki nan Bib la, nou libere anba ansèyman ak pratik anpil relijyon nan monn nan ap fè pwopagann pou yo k ap fè moun gen yon move pwennvi sou Bondye. Anplis de sa, verite ki nan Pawòl Bondye a libere nou anba yon seri tradisyon ak sipèstisyon moun genyen anrapò ak lanmò. — Gade kare ki gen tit: “Ki kote moun ki mouri yo ye?”

Kreyatè nou an pa t fè lèzòm pou yo te annik viv 70 oswa 80 an sou tè a epi apre sa pou y al viv yon lòt kote pou toutan. Objektif Bondye te genyen depi okòmansman, se te pou lèzòm viv pou toutan sou tè a antanke pitit li k ap obeyi l. Bèl objektif sa a montre jan Bondye renmen lèzòm, e anyen pap anpeche l atenn objektif sa a (Malachi 3:6). Gen yon moun ki te ekri nan Sòm yo ki te di pawòl ki vin annapre yo ki bay yon bèl asirans, men sa l te di: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sa Bib la di konsènan lavi ak lanmò, gade chapit 6 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a, li sou sit www.pr2711.com/ht a.

a Gen kèk tradiksyon Labib, tankou Labib Wa Jak (anglè) ak Labib Douay (anglè), yon tradiksyon katolik, ki mete “nanm vivan” pou yo tradui mo nèfèch la, alòske gen anpil tradiksyon jodi a ki mete lòt ekspresyon pou yo tradui l. Pa egzanp, Nouvo Bib anglè (anglè) mete “kreyati vivan”, Nouvo Bib entènasyonal (anglè) ak Bib Jerizalèm (fransè) mete “moun vivan” epi Bib anglè jodi a (anglè) annik mete “kòmanse viv”.

Èske lèzòm kapab viv pou toutan?

Sa gen kèk ane, gen kèk moun k ap fè rechèch ki te fè konnen yo dekouvri yon seri plant anba dlo, yo kwè ki gen plizyè milye ane depi y ap viv. Petèt yo viv plis tan pase tout sa k ap viv sou tè a. Plant sa yo soti nan espès yo rele Posidonia oceanica a, yon kalite plant nan dlo ki kouvri yon gwo pati kot Meditèrane a, ant Espay ak Chip.

Si gen plant ki rive viv tout tan sa a, e lèzòm yo menm? Gen kèk syantifik k ap etidye kesyon laj la ki kwè gen posiblite pou moun rive viv plis tan pase tan moun viv an jeneral. Pa egzanp, gen yon liv ki pale sou sijè sa a ki montre gen yon “pakèt nouvo dekouvèt lasyans ap fè” nan domèn nan. Kounye a, ann ret tann pou n wè si dekouvèt syantifik sa yo ap rive fè moun viv pi lontan vre.

Men, bonjan espwa pou moun viv pou toutan an pa gen anyen pou l wè ak lasyans. Men sa Bib la di konsènan Kreyatè nou an, anpalan de Jewova Dye: “Se ou menm ki sous lavi a.” (Sòm 36:9). Men sa Jezi Kris te di Jewova nan yon priyè: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” (Jan 17:3). Vrèmanvre, efò n ap fè pou nou konnen Jewova Dye ak Jezi Kris, Pitit li a, san wete efò n ap fè pou nou fè yo plezi ap pèmèt nou jwenn benediksyon pou toutan.

Plant ki viv nan dlo

Gen kèk moun k ap fè rechèch ki kwè gen yon seri plant anba dlo ki nan kategori plant sa yo ki gen plizyè milye ane depi y ap viv.

KI KOTE MOUN KI MOURI YO YE?

Jezi k ap resisite Laza

Bib la di tou senpleman moun ki mouri yo nan tonm, y ap tann rezirèksyon (Jan 5:28, 29). Yo pap soufri, ni yo pa nan okenn mizè, paske “moun ki mouri yo pa konn anyen ditou”. (Eklezyas 9:5.) Lè Jezi t ap anseye moun yo, li te konpare lanmò ak yon pwofon somèy (Jan 11:11-14). Se poutèt sa nou pa gen okenn rezon pou n pè mò yo oswa pou n chèche ba yo yon seri bagay pou yo pa fè nou mal. Yo pa ka ni ede nou ni fè nou mal, paske “pa gen ni travay, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm” nan (Eklezyas 9:10). Sepandan, grasa rezirèksyon an, Bondye pral elimine lanmò pou toutan. — 1 Korentyen 15:26, 55; Revelasyon 21:4.

Rezon ki fè n kapab kwè sa Bib la di

Nou kapab kwè nan sa Bib la di san pousan, e sa l di yo merite pou nou fè yo konfyans. Sa k fè sa? Ann egzamine rezon ki vin annapre yo.

  • Yon plim zwazo ak yon veso yo mete lank

    Se yon sèl moun ki Mèt Bib la: Labib gen 66 liv ladan l. Se anviwon 40 moun ki te ekri l sou yon peryòd ki te pran 16 syèk, soti nan ane 1513 anvan epòk nou an rive ozanviwon ane 98 epòk nou an. Aktout sa, Bib la gen amoni e li klè. Sa montre se Bondye Toupisan an ki te fè ekri l toutbonvre. Se li ki te bay mesye ki te ekri l yo enfòmasyon ki ladan l yo.

  • Yon poto

    Li egzak nan sa ki gen rapò ak listwa: Evènman Bib la rakonte yo byen mache ak enfòmasyon listwa rapòte yo. Gen yon liv ki rele Yon avoka k ap egzamine Bib la (A Lawyer Examines the Bible) ki di: “Natirèlman, moun ki ekri liv woman yo, liv lejann yo ak temwayaj ki pa chita sou laverite konn veye pou yo mete evènman y ap rakonte yo nonsèlman nan yon kote ki byen lwen, men tou, nan yon moman ki pa fin klè [...]. Moun ki rapòte istwa yo nan Bib la fè konnen dat ak kote evènman yo te pase e yo bay bonjan presizyon tou.”

  • Yon atòm

    Li egzak nan sa ki gen rapò ak lasyans: Labib pa yon liv lasyans, men lè l pale sou bagay ki gen rapò ak lasyans, sa l di yo vrèman egzak e yo vrèman ann avans sou epòk yo te ekri yo a. Pa egzanp, nan chapit 13 ak chapit 14 liv Levitik la, yo te bay Izrayelit yo yon seri lwa byen klè sou kesyon ijyèn ak sou kesyon mete moun apa a. Izrayelit yo te gen lwa sa yo byen lontan anvan yo te vin dekouvri zafè mikwòb ak fason moun transmèt yo youn bay lòt. Epitou, Bib la te gentan di tè a gen fòm yon boul e li pandye nan lespas, yon seri enfòmasyon lasyans te vin konprann toutbon plizyè syèk annapre. — Jòb 26:7; Ezayi 40:22.

Sa yo se jis kèk egzanp ki montre Bib la gen rezon pou l di: “Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil pou anseye, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat.” — 2 Timote 3:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje