BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp19 no 2 p. 12-13
  • Lè w pa anvi viv ankò

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè w pa anvi viv ankò
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI KOTE W KAPAB JWENN ÈD?
  • ÈSKE GEN YON SOLISYON K AP DIRE NÈTALE?
  • Anpil jèn fè depresyon. Sa k fè sa? Ki sa k ka ede yo?
    Reveye n! — 2017
  • Ki jan m ka fè fas ak depresyon?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Mwen vle mouri — Èske Bib la ka ede m lè m anvi touye tèt mwen?
    Repons Bib la bay
  • 2 | “Konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
wp19 no 2 p. 12-13
Yon dam ki chita bò yon tab, ki met men l sou yon Bib ki ouvè toutpandan l ap gade byen lwen

Lè w pa anvi viv ankò

Men sa Adriana, ki soti nan peyi Brezil, di: “Mwen te tèlman pa t ka sispann santi m jan m santi m nan, finalman, mwen te vin panse l ap pi bon pou m touye tèt mwen.”

ÈSKE sa deja rive ou santi w tèlman ap soufri ou pa anvi viv ankò? Si sa rive w deja, ou konprann jan Adriana te santi l. Adriana soufri fòm depresyon ki pi grav la, sa ki fè l toujou ap enkyete l depase limit, li santi l sanzespwa e li tris toutan.

Ann fè yon ti pale tou de Kaoru, yon Japonè, k ap pran swen paran l yo ki granmoun e ki malad. Men sa l di: “Nan menm peryòd la, mwen te gen anpil presyon nan travay mwen. Rive yon lè, mwen te pèdi apeti, e se apèn si m te ka dòmi. Mwen te vin panse pwoblèm mwen yo t ap disparèt si m te annik mouri.”

Ojebode se yon mesye ki moun Nijerya. Men sa l fè konnen: “Mwen tèlman te konn tris toutan, mwen te konn menm kriye. Se sa k fè, mwen te chèche jwenn yon mwayen pou m touye tèt mwen.” Erezman, ni Ojebode, ni Kaoru ak Adriana pa t touye tèt yo. Sepandan, se chak ane gen plizyè santèn milye moun ki fè sa.

KI KOTE W KAPAB JWENN ÈD?

Se gason yo sitou ki plis touye tèt yo, paske anpil nan yo konn santi yo wont mande èd. Jezi te di se moun ki malad ki bezwen doktè (Lik 5:31). Donk, si w santi w pa kapab ankò e w anvi touye tèt ou, tanpri, pa wont chèche èd. Doktè konn ede anpil nan moun ki soufri depresyon yo. Ojebode, Kaoru ak Adriana te chèche èd nan men doktè, e yo santi yo byen kounye a.

Doktè ka preskri w medikaman oswa kèk tretman k ap mande pou yo fè ti pale avè w, oubyen tou yo ka fè toule de bagay sa yo pou yo ede w soti anba depresyon an. Moun ki soufri depresyon bezwen fanmi yo ak zanmi yo konprann yo, pran pasyans avè yo, pran ka yo epi ba yo bonjan sipò. Jewova Dye se pi bon zanmi yon moun ka genyen. Li vrèman ede nou pa mwayen Labib, Pawòl li a.

ÈSKE GEN YON SOLISYON K AP DIRE NÈTALE?

Souvan, moun ki soufri depresyon konn bezwen suiv tretman doktè pandan yon bon tan e yo oblije aprann fè chanjman nan fason yo viv pou yo ka kenbe tèt ak maladi a. Men si w fè depresyon, ou gendwa vrèman swaf pou w wè jan lavni pral bèl, menm jan ak Ojebode. Men sa l di: “Se pa ti anvi mwen anvi viv pwomès ki nan Ezayi 33:24 la! Li fè konnen, gen yon jou k ap vini kote pa gen okenn moun sou tè a k ap di ‘Mwen malad.’” Menm jan ak Ojebode, pran kouraj nan pwomès Bondye fè nou pou n viv sou “yon tè tounèf” kote pap gen “doulè” ankò (Revelasyon 21:1, 4). Pwomès sa a fè n konprann tou Bondye pral met fen nan tout sa ki konn fè n soufri, ki boulvèse lespri nou e ki ban nou tètchaje. Donk, ou pap janm gen santiman ki pou boulvèse w ankò. Santiman w genyen k ap fè w soufri yo pap janm “vin nan lespri [w], e [w] pap gen bagay konsa nan kè [w]” ankò. — Ezayi 65:17.

Kèk vèsè nan Bib la ki kapab ede w

Bondye konprann sa w santi.

“Mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen kenbe men dwat ou, [...] Sila a k ap di w: ‘Ou pa bezwen pè, m ap ede w.’” — Ezayi 41:13.

Jewova konprann sa n santi pi byen pase kèlkeswa moun nan, e li vle ede nou.

Medite sou Pawòl Bondye a.

“[Eli] mande Bondye pou l mouri. Men sa l te di: ‘[...] O Jewova, se pou w pran lavi m kounye a’.” — 1 Wa 19:4.

Ojebode di: “Sa ede m lè m medite sou Pawòl Bondye a. Mwen rann mwen kont pwofèt Eli te santi l menm jan avè m yon lè.”

Suiv egzanp moun Labib pale de yo.

“Mwen [Jezi] sipliye Bondye pou ou [Pyè] pou lafwa w pa febli.” — Lik 22:32.

Apre apot Pyè te fin nye Jezi pandan twa fwa, sa te tèlman fè l mal, li te kriye anpil. Kaoru di: “Eksperyans Pyè te viv la te ede m wè Jewova ak Jezi te bay santiman Pyè anpil enpòtans. E sa te ankouraje m.”

Santiman w genyen k ap fè w soufri yo pap janm “vin nan lespri [w], e [w] pap gen bagay konsa nan kè [w]” ankò. — Ezayi 65:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje