BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp19 no 3 p. 3
  • Tout moun gen pou yo fè fas ak lanmò

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Tout moun gen pou yo fè fas ak lanmò
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Yon kasèt videyo ki merite pou nou reflechi sou li
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Kasèt videyo yo bay temwayaj avèk fòs
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Yon nouvo videyo pou n kòmanse etid Labib
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Temwen Jewova yo òganize pou yo preche bon nouvèl la
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
wp19 no 3 p. 3
Foto ki montre yon dam lè l te timoun, lè l t ap aprann jwe pyano, li avèk yon bouke flè, jou maryaj li, li ansanm ak mari l ak pitit gason l, li avèk mari l pandan yo vin granmoun, l ap jwe pyano epi kounye a li poukò l

Tout moun gen pou yo fè fas ak lanmò

IMAJINE w ap gade yon videyo sou yon fi ki se yon vedèt, petèt yon gwo mizisyen ou renmen anpil. Nan videyo a, yo kòmanse montre lè l te timoun, tan li te pase ap aprann jwe mizik ak tout tan li te fè ap pratike san pran souf. Apre sa, yo montre l k ap jwe nan konsè, k ap vwayaje toupatou, epi ki vin yon atis moun tout kote konnen. Men, yon ti tan apre sa, yo montre l ki vin granmoun epi finalman ki mouri. Se la videyo a fini.

Anfèt, videyo sa a montre yon istwa reyèl, se istwa lavi yon moun ki te egziste toutbonvre, men ki mouri kounye a. Kit moun sa a te yon mizisyen, kit li te yon syantifik, kit li te yon atlèt oswa yon lòt moun ki gen gwo renome, nan yon sans, istwa a t ap toujou pase menm jan an. Se vre, petèt moun nan te reyalize anpil bon bagay nan lavi l, men reflechi ak tout lòt bagay li te ka reyalize si l pa t vin granmoun epi mouri?

Nou ka tris lè n panse ak sa, men nou tout gen pou n pase menm jan an (Eklezyas 9:5). Malgre tout rechèch lèzòm fè, nou kontinye vyeyi epi mouri. San konte nou ka mouri sanzatann akoz yon maladi grav oswa yon aksidan. Jan Labib fè konn sa, nou sanble ak yon bwouya nan maten “ki parèt pou yon ti tan e apre ki disparèt”. — Jak 4:14.

Etandone nou ka mouri nenpòt ki lè, gen yon seri moun k ap viv selon ide ki di “ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri” a (1 Korentyen 15:32). Moun sa yo viv konsa paske yo konnen nonsèlman yo ka mouri nenpòt ki lè, men tou, yo pa gen okenn espwa pou lavni. Gen yon moman nan lavi a, sitou lè yon moun ap fè fas ak yon sitiyasyon ki difisil, li posib pou l mande tèt li: ‘Èske apre lavi sa a pa gen anyen ankò?’ Ki kote n ap jwenn repons kesyon sa a?

Nan epòk n ap viv la, anpil moun kwè syantifik yo ap rive jwenn repons lan. Grasa pwogrè ki fèt nan domèn lasyans ak lamedsin, gen moun ki rive viv pi lontan. E gen kèk syantifik k ap travay pou pèmèt moun viv pi lontan toujou. Malgre tout efò syantifik yo fè, yo poko janm ka bay repons pou kesyon tankou: Poukisa nou vyeyi epi nou mouri? Èske gen espwa yon jou lanmò, ènmi nou an, ap disparèt? Atik ki vin apre yo ap reponn kesyon sa yo. Anplis de sa, y ap bay repons kesyon sa a tou: Èske apre lavi sa a pa gen anyen ankò?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje