BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w19 mas p. 29-31
  • Lè nou di “amèn”, Jewova bay sa anpil valè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè nou di “amèn”, Jewova bay sa anpil valè
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “TOUT PÈP LA AP DI: ‘AMÈN!’”
  • “TOUT PÈP LA DI: ‘AMÈN!’ EPI, YO FÈ LOUWANJ POU JEWOVA”
  • REZON KI FÈ “AMÈN” OU DI A ENPÒTAN
  • Annou apresye wòl san parèy Jezi jwe nan objektif Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • “ Fè Bondye konnen demann nou yo ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
w19 mas p. 29-31
Frè ak sè nan yon kongregasyon ki bese tèt yo pou yon priyè.

Lè nou di “amèn”, Jewova bay sa anpil valè

JEWOVA bay adorasyon n ap ba li a anpil valè. ‘Jewova ap suiv sèvitè l yo, li koute sa y ap di’ e li wè tout louwanj yo fè pou li, menmsi se toupiti (Mal. 3:16). Pa egzanp, ann egzamine yon mo petèt nou abitye di anpil. Se mo “amèn” nan. Èske Jewova bay menm mo tou senp sa a anpil enpòtans? Wi! Pou n konn rezon an, ann egzamine sa mo sa a vle di ak fason yo itilize l nan Bib la.

“TOUT PÈP LA AP DI: ‘AMÈN!’”

An kreyòl, “amèn” vle di “se konsa pou sa ye” oswa “se sèten”. Mo sa a soti nan yon mo ebre ki vle di “fidèl”, “ki merite pou yo fè l konfyans”. Pafwa, yo te konn itilize l lè y ap fè jijman nan tribinal. Apre yon moun fin fè yon sèman, li te dwe di “amèn” pou yo ka wè si sa l sot di a egzak e pou l montre li aksepte konsekans sa ap genyen (Nonb 5:22). Lè l te di “amèn” devan tout moun, sa te ba l plis detèminasyon pou l kenbe pawòl li. — Ney. 5:13.

Nou jwenn yon bèl egzanp nan Detewonòm chapit 27 sou fason yo te itilize “amèn”. Apre Izrayelit yo te fin antre nan Peyi Bondye te pwomèt la, yo te dwe rasanble ant Mòn Ebal ak Mòn Gerizim pou yo tande lekti Lalwa. Se pa t tande sèlman yo te dwe tande, men yo te dwe deklare yo aksepte Lalwa. Yo te fè sa lè yo te reponn “Amèn!” apre yo fin tande rezilta sa bay lè yon moun dezobeyi (Det. 27:15-26). Imajine son vwa plizyè milye gason fi ak timoun ki t ap reponn byen fò (Joz. 8:30-35)! Se sèten yo pa t janm bliye pawòl yo te di jou sa a. E Izrayelit sa yo te kenbe pawòl yo, paske, men sa ki ekri: “Pèp Izrayèl la te kontinye sèvi Jewova pandan tout tan Jozye te vivan e pandan tout tan ansyen ki te kontinye viv apre Jozye yo te la. Ansyen sa yo te konnen tout aksyon Jewova te fè pou pèp Izrayèl la.” — Joz. 24:31.

Jezi te konn sèvi ak mo “amèn” nan tou pou l sètifye pawòl li di se laverite, men, li te fè sa yon fason espesyal. Olye li te itilize mo “amèn” nan (an kreyòl yo mete “anverite” pou yo tradui l) pou l te reponn sa yon lòt moun di, li te konn kòmanse yon verite l ap di avèk “amèn”. Pafwa, li te konn menm repete mo a, li te konn di “amèn amèn”. (Mat. 5:18; Jan 1:51.) Konsa, moun ki t ap koute l yo te gen asirans pawòl li te di yo se te laverite toutbonvre. Jezi te kapab pale avèk yon asirans konsa paske se li menm ki te gen otorizasyon pou fè tout pwomès Bondye yo reyalize. — 2 Kor. 1:20; Rev. 3:14.

“TOUT PÈP LA DI: ‘AMÈN!’ EPI, YO FÈ LOUWANJ POU JEWOVA”

Izrayelit yo te konn sèvi ak “amèn” tou lè y ap bay Jewova louwanj e lè y ap priye l (Ney. 8:6; Sòm 41:13). Lè moun ki t ap koute yo te di “amèn” nan fen yon priyè, sa montre yo te dakò ak priyè ki te fèt la kòmsi se te priyè pa yo. Sa te bay tout moun ki te la yo posiblite pou yo patisipe nan priyè a e yo te pran plezi adore Jewova fason sa a. Se sa k te rive lè wa David te pote Lach Jewova a vin Jerizalèm. Nan fèt yo te fè apre a, li te fè bèl priyè ki nan 1 Kwonik 16:8-36 la sou fòm yon chante. Pawòl li te di yo te tèlman touche moun ki te la yo sa te pouse “tout pèp la di: ‘Amèn!’ Epi, yo fè louwanj pou Jewova”. Vrèmanvre, fason yo te reponn ansanm nan te fè yo vin pi kontan jou sa a.

Menm jan an tou, kretyen nan premye syèk yo te konn di “amèn” lè y ap fè louwanj pou Jewova. Byen souvan, gen moun ki te patisipe nan ekri Bib la ki te konn mete mo sa a nan lèt yo te ekri yo (Wom. 1:25; 16:27; 1 Pyè 4:11). Liv Revelasyon an pale konsènan yon seri espri ki nan syèl la k ap bay Jewova glwa toutpandan y ap di: “Amèn! Louwe Ja!” (Rev. 19:1, 4). Premye kretyen yo te gen abitid di “amèn” nan fen priyè yo te konn fè nan reyinyon yo (1 Kor. 14:16). Sepandan, se pa yon mo yo te konn annik repete san reflechi.

REZON KI FÈ “AMÈN” OU DI A ENPÒTAN

Apre n fin egzamine fason sèvitè Jewova yo te konn sèvi ak mo “amèn” nan, nou ka wè se yon bon fason pou nou fini yon priyè n ap fè. Lè nou di l nan fen priyè pa nou, nou montre nou vrèman konprann sa nou di a. Epitou, lè nou santi fòk nou di “amèn”, menmsi se nan kè nou, nan yon priyè ki fèt an piblik, nou montre nou dakò ak sa yo di nan priyè a. Ann egzamine lòt rezon ki fè “amèn” nou di a enpòtan.

Nou aktif e nou vijilan nan adorasyon n ap bay Jewova a. Nou adore Jewova pandan n ap priye. Nou pa fè sa sèlman nan pawòl n ap di yo, men tou nan fason nou konpòte nou. Lefètke nou vle di yon “amèn” ki sensè, sa ede nou gen yon atitid ki kòrèk epi pou nou kite lespri nou fikse sou priyè k ap fèt la.

Nou ini antanke adoratè Jewova. Lè y ap fè priyè an piblik, nou konsantre sou sa tout kongregasyon an ap tande (Tra. 1:14; 12:5). Lè nou reponn ansanm ak frè n ak sè n yo, nou vin pi ini toujou. Kit nou di “amèn” byen fò, kit nou di l nan kè nou, “amèn” nou di a bay Jewova yon lòt rezon pou l reponn priyè nou fè ansanm nan.

Yon sè k ap asiste reyinyon nan telefòn, li bese tèt li pandan l ap koute yon priyè.

Lè nou di “amèn” se yon fason nou bay Jewova louwanj.

Nou fè louwanj pou Jewova. Jewova wè tout sa nou fè nan adorasyon n ap ba li a (Lik 21:2, 3). Li wè ki sa k motive nou e li wè sa k nan kè nou. Menm lè n oblije suiv reyinyon nan telefòn, nou mèt gen asirans li tande ti “amèn” nou di a. Sa vin ajoute nan tout louwanj y ap fè pou li a.

“Amèn” nou di a ka pa sanble gen anpil valè, men, li pa raz ditou. Gen yon ansiklopedi biblik ki di: “Grasa yon sèl mo [sèvitè Bondye] yo itilize”, yo ka fè konnen “asirans, konfyans ak bonjan esperans yo gen nan kè yo”. Se pou chak “amèn” nou di fè Jewova plezi. — Sòm 19:14.

ÈSKE NOU OBLIJE TOUJOU DI “AMÈN”?

“Amèn” se pa yon mo nou itilize konsa konsa. Men, ki sa n ap fè si moun k ap priye a di yon bagay ki pa kòrèk? Èske se yon rezon pou n pa di “amèn”? Non. Dayè, Jewova rekonèt nou tout konn fè erè nan sa n ap di, e li pase sou erè sa yo. Donk, olye n ap plede kritike, nou ka wè nou ka toujou di “amèn” nan fen priyè a si nou eseye konprann sa moun nan vle di a.

Yon lòt bò, nou pap di “amèn”, kit se awotvwa kit se nan kè nou, nan yon priyè yon moun ki pa kwayan fè. Ki sa n ap fè si nou la nan moman yon priyè konsa ap fèt? Pa egzanp, nou ka ap asiste yon evènman kote yo mande yon moun pou l priye. Oubyen nou ka ap viv nan yon kay kote moun nan kay la pa nan menm relijyon e moun ki chèf fanmi an, ki pa kwayan, ta deside priye pou fanmi an. Ki sa nou dwe fè?

Si nou ta twouve n nan yon sitiyasyon konsa, nou ka ret an silans avèk respè. Nou pa ta dwe patisipe lè n di “amèn”. Epitou, nou pa ta dwe nan kenbe men lòt moun pandan priyè a, paske sa t ap montre n ap patisipe nan priyè a. Nou ka chwazi fè priyè pa nou nan kè nou, men nou ta dwe evite di “amèn” byen fò pou n pa bay lòt moun enpresyon n ap patisipe nan priyè k ap fèt la. Si gwoup moun nan kanpe, se nou k ap deside si n ap kanpe tou. Lè nou kanpe oswa nou bese tèt nou, se pa yon jès ki vle di n ap adore. Se chak kretyen ki pou deside ki konpòtman li ta dwe genyen nan yon sitiyasyon konsa, e nou pa dwe kritike okenn moun pou chwa li fè nan yon okazyon konsa.

Sitiyasyon nou sot dekri pi wo yo montre lòt rezon ki fè lè nou di “amèn” Jewova bay sa anpil valè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje