Sijesyon
An sektanm, sa ap fè setyèm fwa nou va ofri liv Connaissance la nan predikasyon. Se vre nou gen tout rezon pou nou konsantre atansyon nou sou zouti efikas sa a, ki pèmèt nou fè anpil etid biblik ak moun. Men nou pap bliye Lasosyete gen lòt piblikasyon ki gen anpil lòt ranseyman detaye se yon ti pase senpman liv Connaissance la fè sou yo. Nou kapab amelyore ministè nou lè nou bat pou nou familyarize ak tout piblikasyon Lasosyete gen nan estòk kongregasyon an, e lè nou toujou prèt pou nou pwopoze yo bay tout moun k ap etidye Labib ak tout moun ki enterese nan yon sijè an patikilye.