Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann oktòb : Abònman La Tour de Garde ak Réveillez-vous! Novanm : La Connaissance qui mène à la vie éternelle. Desanm : La Connaissance qui mène à la vie éternelle ansanm ak Les Saintes Écritures : Traduction du monde nouveau. Janvye : Nenpòt liv 192 paj yo te pibliye anvan 1985, e ki nan stòk kongregasyon an. Kongregasyon ki pa gen liv sa yo kapab ofri La paix et la sécurité véritables: comment est-ce possible ? Paj mitan Ministère du Royaume sa a se “ Programme de l’École du ministère théocratique pour 1999. ” Nou dwe konsève l pou nou ka konsilte l tanzantan toutolon ane 1999 la.
◼ Si orè reyinyon kongregasyon nou ap chanje premye janvye, li kapab nesesè pou nou kòmande lòt fich envitasyon ki gen nouvo orè a.
◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande Examinons les Écritures chaque jour —1999 nan kòmann piblikasyon y ap fè pou mwa oktòb. N ap jwenn bwochi sa a nan lang angle, espayòl ak franse. Jiskaske bwochi sa a disponib, e jiskaske yo voye l, n ap toujou wè “ Commande à l’avance ” make sou fakti yo voye ba nou. Bwochi Examinons les Écritures se yon atik estoke an kantite limite.