Reyinyon sèvis mwa oktòb
Semèn 5 oktòb
Kantik 199
10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministère du Royaume.
15 min : “ Nou tire pwofi nan asanble ‘ Chemen Bondye se chemen lavi ” Kesyon/repons. Montre nouvo liv ak nouvo bwochi a, e montre ki jan nou kapab byen sèvi ak yo.
20 min : “‘ Ann simen semans Wayòm nan ’ grasa wout peryodik. ” Fè oditwa a patisipe. Mande yon pwoklamatè ki gen esperyans pou li esplike ki jan li fè pou l kòmanse yon wout peryodik, e pou li toujou kenbe l. Lèfini prevwa yon demonstrasyon kote aranjman fèt pou retounen avèk nouvo peryodik. Ensiste sou nesesite pou chak pwoklamatè gen yon kòmann pèsonèl fiks, dekwa pou yo ka genyen yon kantite apwopriye.
Kantik 133 e lapriyè final.
Semèn 12 oktòb
Kantik 42
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : “Siveyan k ap dirije nou yo : Sekretè. ” Sekretè a fè yon diskou pou li pale de travay li akonpli nan kongregasyon an. Li ensiste sou enpòtans pou tout moun kolabore nan remèt rapò aktivite yo rapid rapid.
20 min : “ Èske nou li peryodik yo ? ” Kesyon/repons. Revizyon sou sijesyon pratik nou jwenn nan liv Manuel pour l’École du ministère théocratique, etid 4 paragraf 5 ak 6, ki mande pou nou gen yon pwogram lekti pèsonèl.
Kantik 107 e lapriyè final.
Semèn 19 oktòb
Kantik 16
10 min : Anons lokal. Fè yon revizyon sou pwen ki te parèt nan dènye peryodik yo, pwen nou gen pou pale sou yo. Rakonte kèk eksperyans yo rapòte nan Annuaire 1997, paj 45, ak Réveillez-vous ! 22 oktòb 1996, paj 32. Ankouraje tout moun patisipe nan difizyon peryodik nan fen semèn nan.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : Ki jan pou nou prepare etid La Tour de Garde. Konvèsasyon kondiktè etid La Tour de Garde la avèk oditwa a. Se yon konvèsasyon ki baze sou La Tour de Garde 15 me 1986, paj 19-20, paragraf 16-18, e ki baze sou Manuel pour l’École du ministère théocratique, etid 7 paragraf 11, etid 18, paragraf 4-6. Mande oditwa a reponn kesyon sa yo: 1) Pou ki sa li enpòtan anpil anpil pou nou pwofite o maksimòm de chak atik etid ki nan La Tour de Garde ? 2) Ki sa nou dwe fè lè nou resevwa yon nouvo nimewo ? 3) Site fason nou kapab byen prepare etid La Tour de Garde ? 4) Ki atansyon nou ta dwe bay tèks yo site nan etid la ? 5) Ki jan nou ka fè revizyon sou sa nou aprann ? 6) Sou ki pwen kle nou ta dwe medite lè nou fini etid pèsonèl nou fè sou atik la ? 7) Ki jan nou ta dwe prepare yon kòmantè ? 8) Kouman moun ka bay divès kalite repons pou menm kesyon an ? Mande kèk pwoklamatè esplike ki sa yo fè pèsonèlman pou yo ka tire maksimòm pwofi nan etid La Tour de Garde. — Gade tou nan Organisés pour bien remplir notre ministère, nan paj 65-7.
Kantik 95 e lapriyè final.
Semèn 26 oktòb
Kantik 98
10 min : Anons lokal. Site tout ansyen piblikasyon ki la nan stòk kongregasyon an, nou ta ka ofri nan teritwa a, lè nou jwenn pòtinite pou sa. Piske an novanm ak desanm pral gen vakans, sa ta ka yon bèl okazyon pou jèn ki batize yo anvizaje sèvis pyonye oksilyè.
20 min : Obeyisans pou Bondye nan yon fanmi ki divize nan domèn relijye. Diskou ki baze sou La Tour de Garde 1e jen 1995, paj 26-9. Bay kèk bon ankourajman ak egzòtasyon ki kapab ede moun ki gen mari oswa madanm yo ki enkwayan, pou yo kenbe yon atitid pozitif, e pou yo aktif nan sa k ap fèt nan kongregasyon an.
15 min : Annou rive alè nan reyinyon. De ou twa kondiktè etid liv, oswa asistan ministeryèl ap fè yon ti pale sou kesyon rive alè nan reyinyon. Yo rekonèt gen kèk sitiyasyon sanzatann ki ka rive, tankou yon ijans, move tan, blokis, ak lòt bagay ankò, ki ka lakòz yon moun rive an reta. Sepandan, pou kèk moun, rive an reta se metye yo. Yon fason pozitif, frè yo pale sou sa ki ka fèt pou yon moun toujou alè : 1) Lè ak tout kè nou, nou apresye privilèj nou genyen pou n asiste reyinyon, e nou apresye nouriti espirityèl ak bon konpayi nou jwenn nan reyinyon. 2) Lè nou byen planifye, e nou byen òganize aktivite pèsonèl nou. 3) Lè nou gen volonte pou nou kopere ak lòt manm fanmi nou. 4) Lè nou kite lakay nou bonè, epi nou prevwa tan pou pwoblèm ki ka rive. 5) Lè nou vrèman gen sousi pou nou pa distrè lòt moun ki nan asistans la. Yo tout tonbe dakò sou pwen sa a : pwoblèm rive an reta a gen remèd lè yon moun fè efò san rete pou li amelyore.
Kantik 86 e lapriyè final.