BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/99 p. 2
  • Reyinyon sèvis mwa me

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Reyinyon sèvis mwa me
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Soutit
  • Semèn 3 me
  • Semèn 10 me
  • Semèn 17 me
  • Semèn 24 me
  • Semèn 31 me
Ministè Wayòm nan — 1999
km 5/99 p. 2

Reyinyon sèvis mwa me

NÒT : Ministè Wayòm nan ap gen pwogram yon reyinyon sèvis pou chak semèn pandan sezon ete a. Piske kongregasyon yo ap gen pou yo asiste kongrè distri : “ Pawòl pwofetik Bondye a ” ​(“ La Parole prophétique de Dieu ”), yo ka fè modifikasyon yo wè yo bezwen nan pwogram nan epi y ap konsakre 30 minit nan semèn apre kongrè a pou fè revizyon pwen frapan yo. Yon rezime ap fèt pou chak jou. Y ap chwazi davans twa frè konpetan ki pral fè yon revizyon sou ide prensipal yo. Y ap byen prepare revizyon an defason pou frè yo nan kongregasyon an ka kenbe ide enpòtan nan tèt yo, sa ap ede yo mete an pratik sa yo te aprann yo e nan lavi yo e lè yo nan predikasyon. Kòmantè oditwa a ap bay ak eksperyans y ap site yo dwe kout, yo dwe dirèk.

Semèn 3 me

Kantik 7

8 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Nouvèl teyokratik.

17 min : “ Annou anseye pwochen nou yo pou byen yo. ” Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons. Sèvi ak chapit 13 liv Connaissance lan, montre ki jan sa itil moun lè yo etidye prensip biblik yo, lè yo konprann yo, e lè yo mete yo an pratik.

20 min : “ Fason pou w laji ministè w. ” Pou egzamine atik la de ansyen ap reponn kesyon plizyè moun diferan nan oditwa ap poze. Yon pwoklamatè ki nan adolesans li, de mesyedam marye, epi yon frè ki nan laj retrèt ap mande ansyen yo ki jan yo ka fè pou yo laji ministè yo. Ansyen yo ap ba yo sijesyon pratik yo pran nan atik la ak nan chapit 9 liv Notre ministère, sitou sijesyon ki nan soutit “ Quels sont vos objectifs spirituels ? ” ki nan paj 116-18. Pwoklamatè yo ap di rekonesans yo genyen pou kalite bon enfòmasyon Lasosyete ban nou ki fè nou wè ki jan li posib pou nou ranje pwogram nou pou laji ministè nou nan ped tan.

Kantik 11 ak priyè final.

Semèn 10 me

Kantik 15

8 min : Anons lokal. Anonse aranjman espesyal yo fè nan kongregasyon an pou preche 18 me. Rapò sou sèvis kont.

12 min : Ki pwojè ou genyen pou sezon ete a ? Yon fanmi ap pale ansanm sou aranjamn y ap fè pou y al nan kongrè, pou yo pyonye oksilyè, pou y al an vakans epi pou yo detann yo. (Gade paj 7 Le ministère du Royaume mwa me 1998 la.) Y ap pale ansanm sou fason yo ka prepare pou bay temwayaj enfòmèl epi y ap fè yon demonstrasyon k ap montre ki jan pou kòmanse yon konvèsayon. Y ap peze sou nesesite pou yo etidye Labib, yo chak pou kont yo e pou yo etidye l an fanmi, pou yo asiste reyinyon pandan yo pa la a e pou yo voye rapò yo bay kongregasyon an. Y ap repase bèl eksperyans yo te fè lè yo t ap vizite lòt kongregasyon epi jan yo te santi yo kontan lè sa a. Y ap reflechi ansanm sou fason yo ka pran ka frè ki an vizit nan kongregasyon an.

25 min : “ ‘ Pawòl pwofetik Bondye a ’ — Kongrè distri 1999. ” ​(Paragraf 1-16.) Kesyon/repons. Li paragraf 6, 8, 11, ak 16. Peze sou rezon ki fè nou dwe asiste tout kongrè a nèt, menm jounen vandredi a. Montre enpòtans pou nou swiv sa Lasosyete di sou manje nou pou nou pote pou chak jou kongrè a.

Kantik 19 ak priyè final.

Semèn 17 me

Kantik 27

10 min : Anons lokal.

15 min : “ Ranje pwogram nou davans ! ” Diskou k ap bay tout aktivite teyokratik yo prevwa nan kongregasyon an pou mwa k ap vini yo. Ankouraje chak moun pou yo make dat aktivite sa yo nan kalandriye yo a epi pou yo pa kite anyen pran pye sou yo.

20 min : “ ‘ Pawòl Pwofetik Bondye a ’ — Kongrè distri 1999. ” ​(Paragraf 17-24.) Kesyon/repons. Li paragraf 18-21. Sèvi ni ak tèks biblik yo site yo ni ak sa yo bay an referans yo pou souliyen sa k fè nou dwe pote tout atansyon nou sou jan n ap abiye, sou kout peny ak koup n ap pran, e pou nou veye sou kondwit nou.

Kantik 29 ak priyè final.

Semèn 24 me

Kantik 41

15 min : Anons lokal. Eksplike frè yo sa pou yo fè lè yo rankontre moun ki soud oubyen moun ki bèbè nan tèritwa a. Si pa gen pwoklamatè nan kongregasyon an ki konn lang siy, y ap bay sekretè kongregasyon an non moun nan ak adrès li. Sekretè a ap voye enfòmasyon an swa bay filyal la swa bay yon kongregasyon nan zòn nan ki gen pwoklamatè ki konn lang siy. Pou Pòtoprens ak zòn alantou li yo, si pa gen kongregasyon pi pre ki tradwi reyinyon yo nan lang siy, annatadan nou ka envite moun ki bèbè ak moun ki soud yo nan kongregasyon Kwamisyon Sid, ki fè reyinyon chak jedi a 6 è pou 8 è diswa, chak dimanch a 5 è edmi pou 7 è edmi diswa. Men adrès Sal Wayòm nan : Wout nasyonal nimewo 1, anfas Damyen, ri Papo, nimewo 32, Kwamisyon. Telefòn 238-8245

12 min : Repons kesyon w yo. Yon ansyen ap fè diskou sa a.

18 min : Èske n ap patisipe nan yon travay separasyon ? Siveyan sèvis la ap fè diskou sa a yon jan pou chofe frè yo. Sèvi ak La Tour de Garde 1e jiyè 1997, p. 30-1.

Kantik 32 ak priyè final.

Semèn 31 me

Kantik 43

15 min : Anons lokal. Fè frè yo sonje remèt rapò sèvis pou mwa me a. Gade ankò ki piblikasyon n ap ofri nan mwa jen an. Lè n ap ofri liv Connaisance lan, nou ka ofri l ansanm avèk yon ansyen liv 192 paj kongregasyon an gen anpil nan estòk li. Fè yon demonstrasyon sou jan pou nou prezante liv yo.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

15 min : Ki sa ki pa mache byen nan relijyon m nan ? De asistan ministeryèl ap fè yon konvèsasyon ant yo de a. Nou konn rankontre anpil moun ki pa rayi laverite a e ki renmen wè Temwen Jewova yo. Men kòd ki mare yo ak legliz yo a kenbe yo la. Yo mal pou yo kwè ni si se nou ki fè pati sèl vrè relijyon an ni si jan y ap adore a fo. Sa se yon gwo baryè ki anpeche yo fè pwogrè espirityèl. Frè yo ap rezime 6 pwen nan liv Comment raisonner a paj 398-399, ki montre byen klè lòt relijyon yo pap swiv Bib la. Ankouraje asistan yo pou yo sèvi ak ide sa yo avèk tak defason pou yo ede moun ki sensè yo teste kwayans relijyon yo a.

Kantik 50 ak priyè final.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje