Reyinyon sèvis mwa out
Semèn 2 out
Kantik 39
10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Fè kòmantè sou rapò sèvis mwa avril la ni pou peyi a ni pou kongregasyon an. Ankouraje tout pwoklamatè pou yo patisipe nan predikasyon pandan mwa out la.
17 min : “ Annou gen anpil estim pou bèl non Jewova a. ” Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons. Chita sou vèse biblik yo site yo. — Gade liv Vivre éternellement an, paj 184-5.
18 min : “ Fòmasyon lekòl ou anrapò ak objektif espirityèl ou yo. ” Yon papa ap konvèse sou sijè sa a avèk yon pitit gason l oubyen yon pitit fi l. Y ap fè yon revizyon sou enstriksyon yo jwenn nan Réveillez-vous ! 22 desanm 1995, paj 7-11.
Kantik 148 ak priyè final.
Semèn 9 out
Kantik 138
8 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
12 min : Pyonye ap ede lòt moun : ki pwogrè ki te fèt ? Siveyan sèvis la ap fè diskou sa a k ap gen entèvyou ladan l. Gade ankò enstriksyon ki nan Le ministère du Royaume mwa septanm 1998 paj 4. Di ki jan yo bay èd sa a nan kongregasyon an, epi eksplike ki pwogrè moun ki jwenn èd sa yo ap fè. Fè entèvyou ak youn oubyen de pyonye ak kèk pwoklamatè ki benefisye èd nan men yo. Ankouraje moun ki nan lis pou benefisye èd sa a fè tout posib yo pou yo byen pwofite dispozisyon an.
25 min : “ Èske kounye a, pòt sèvis pyonye a ouvè pou ou ? ” Kesyon/repons. Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. Yon fason ankourajan, montre posiblite ki egziste pou plis pwoklamatè pran sèvis pyonye. Fè entèvyou ak pyonye k ap bay eksperyans yo fè sou jan yo te reyisi debat ak pwoblèm e ak obstak yo te jwenn. Egzamine “ Modèl pwogram predikasyon pou pyonye pèmanan ”. Byen montre jan yon bon planifikasyon kapab ede yon moun fè lè a. Anonse nenpòt moun ki swete jwenn yon fèy aplikasyon pou sèvis pyonye kapab jwenn ni apre reyinyon an.
Kantik 202 ak priyè final.
Semèn 16 out
Kantik 131
10 min : Anons lokal. Rete de wikenn sèlman nan mwa out la, poutètsa, ankouraje tout moun pou yo patisipe nan predikasyon anvan mwa a fini. Fè yon revizyon sou sijè “ Jou asanble espesyal k ap vini an ”.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : Èske ou patisipe nan aktivite fè disip la ? Konvèsasyon avèk oditwa a. Pou gwo kantite piblikasyon nou plase, nou ta dwe gen objektif pou nou kòmanse etid biblik kay moun yon fason pou nou kapab ede moun yo benefisye sa ki nan piblikasyon yo resevwa yo. Mande sèten pwoklamatè fè kòmantè sou pwoblèm ki konn anpeche yo fè plis etid : 1) Li difisil pou jwenn moun ki dispoze etidye. 2) Gen moun ki montre yo enterese men yo di yo twò okipe pou yo etidye. 3) Apre yo fin kòmanse yon etid, li difisil pou jwenn moun sa yo lakay yo pou fè etid la chak fwa. Epi montre ki jan kèk pwoklamatè kapab wè aktivite fè etid biblik la : 1) ‘ Mwen pa santi m kalifye pou m anseye. ’ 2) ‘ Mwen pa gen tan pou mwen al fè etid chak semèn. ’ 3) ‘ Mwen pa santi m ka pran angajman ak moun. ’ 4) ‘ Mwen kontante m patisipe nan lòt aspè nan ministè a. ’ Ofri bon sijesyon sou fason pou nou konbat obstak sa yo dekwa pou nou kapab patisipe nan aktivite fè disip la. Mande pwoklamatè ki jwenn bon rezilta pou yo di nou ki jan yo kontan fè etid biblik. — Gade paj mitan Le ministère du Royaume avril 1998 paragraf 3-8, 15.
Kantik 100 ak priyè final.
Semèn 23 out
Kantik 94
10 min : Anons lokal.
15 min : Ede moun ki fèk enterese yo pou yo apresye maryaj kòm yon bagay ki sakre. Yon ansyen ap fè konvèsasyon avèk oditwa a sou baz liv Comment raisonner, paj 224-5. Nou konn rankontre de mesyedam ki gen bonjan dispozisyon pou mesaj Wayòm nan men ki lan pou yo fè pwogrè paske y ap viv ansanm san yo pa marye. Konvèse sou fason pou nou ede moun sa yo konprann kretyen yo dwe soutni enpòtans maryaj genyen. (Gade Réveillez-vous ! 8 janvye 1992, paj 26-7.) Bay kèk sijesyon sou fason pou nou ede mesyedam sa yo wè poukisa yo pa kapab vin manm kongregasyon an toutotan yo pa marye san nou pa choke yo.
20 min : “ Ki sa pou n di yon Boudis ? ” Kesyon/repons. Nou toujou ap mande tèt nou ki sa pou nou di lè nou jwenn moun nan tèritwa a ki nan yon relijyon ki pa konn Kris, moun ki gen doktrin, ki gen pratik ak rit nou pa abitye avèk yo. Sa a se premye nan senk pati ki gen nan sijè a. Fè demonstrasyon byen prepare sou youn nan prezantasyon yo bay yo. Pou jwenn plis enfòmasyon sou relijyon Boudis la, gade paj mitan Le ministère du Royaume mwa fevriye 1998, liv Comment raisonner, pag 21, ak L’humanité à la recherche de Dieu, chapit 6. Si sa pi apwopriye, fè yon diskou pito sou sijè “ Cherchez-vous un conjoint ? ” ki nan La Tour de Garde 15 novanm 1986, paj 26-30.
Kantik 133 ak priyè final.
Semèn 30 out
Kantik 99
10 min : Anons lokal. Fè frè yo sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa out la. Kondiktè etid liv yo ta dwe kontakte tout moun nan gwoup yo a yon fason pou yo kapab gentan fin konpile tout rapò le 6 septanm.
17 min : Nou renmen frè nou yo. Yon ansyen ap fè diskou sa a k ap gen ladan l yon konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou La Tour de Garde, 1e desanm 1995, paj 15-17, paragraf 7-11. Montre jan li pwofitab ni pou youn ni pou lòt lè nou rive konn frè nou yo byen, lè nou youn ankouraje lòt ak lè youn ede lòt andire anba eprèv. Bay sijesyon sou jan sa kapab fèt pi plis toujou. Envite moun nan oditwa a rakonte eksperyans yo fè ki montre jan ankourajman lòt frè te ba yo ak tout kè yo te edifye yo, epi jan sa te ba yo plis fòs.
18 min : Bay rezon esperans ou a. Yon ansyen ap fè entèvyou ak youn oubyen de jèn ki bay bon egzanp nan lekòl yo. Yo toujou jwenn yon seri sitiyasyon kote gen kamarad nan monn nan ki vle konnen poukisa ti jèn nou yo chwazi pou yo pa mele nan aktivite y ap fè. Pandan y ap tou sèvi ak posibilite sa yo pou yo eksplike konviksyon yo ki chita sou Labib, jèn nou yo bezwen kenbe fèm pou yo kapab kontinye reziste. Jèn yo ak ansyen an ap di ki jan yo dwe reyaji si yo ofri yo sigarèt oubyen dwòg. Fè yon revizyon sou rezònman yo prezante nan liv Les jeunes s’interrogent, paj 277-81. Eksplike lè yo defann rezolisyon yo pou yo fè sa ki dwat, se yon pwoteksyon sa ye pou yo epi se yon bon temwayaj.
Kantik 129 ak priyè final.