Tout pawòl pwofetik Bondye a ap reyalize !
1 Temwen Jewova te toujou enterese nan pwofesi ki nan Bib la. Konsa nou te trè anchante aprann tèm kongrè distri ane sa a se t ava “ Pawòl pwofetik Bondye a ”. Se pa ti anvi nou te anvi konnen ki sa Jewova sere pou nou kòm “ nouriti nan moman apwopriye ” a. (Mat. 24:45.) Nou pa desi.
2 Pwen enpòtan kongrè a : Diskou kle vandredi a, “ Pawòl pwofetik Bondye a merite atansyon ”, se te yon rale ki fè limyè sou kesyon transfigirasyon an (Mat. 17:1-9). Li te montre kounye a menm nou nan papòt pi bèl epòk la, paske nou trè trè lwen nan tan lafen an avèk nouvo sistèm nan ki anfas nou an ! Yon fason enpòtan nou bezwen montre nou bay Pawòl Bondye a atansyon, se lè nou li l regilyèman. Senposyòm “ Pran plezi pou nou li Pawòl Bondye a ” te bay kèk sijesyon reyalis pou ede nou fè yon lekti Labib ki pi pwofitab e ki pi agreyab.
3 Nan samdi aprèmidi nou te rewè rezon ki fè nou konvenki n ap viv nan dènye jou yo. Èske w sonje tout pwen sa yo ? Dimanch maten, yon fason vivan, pwofesi Abakouk la te aprann nou jan epòk nou an sanble tèt koupe ak epòk pwofèt la, e gen evènman totalkapital ki pral rive talè konsa, lè Jewova pral detwi mechan an pou l sove jis la. Èske w te rive konprann pwen esansyèl ki te nan dram biblik sou Jakòb ak Ezayi a ? Nou dwe aktif nan chèche benediksyon Jewova, pandan n ap lite kont lespri molas ak lespri endiferan an.
4 Yon nouvo liv ki bay anvi konnen : Ala nou te chofe lè nou te resevwa nouvo liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel la ! Sandout nou deja kòmanse li piblikasyon absòban sa a. Oratè a ki te fè prezantasyon an te di : “ Tout pwofesi ki gen nan liv Danyèl la deja akonpli anwetan kèk detay. ” Èske sa pa montre ijans epòk nou an plis toujou ?
5 Pwogram kongrè a te ranfòse konviksyon nou anpil dèske tout pwomès Bondye ki poko reyalize yo ap reyalize kanmenm. Nou santi nou ankouraje pou n kontinye anonse lòt moun yo Pawòl pwofetik Bondye a !