Sa w te aprann nan kongrè distri “ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ” a, èske w ap mete yo an pratik ?
1 Tout moun ki te asiste kongrè distri ane sa a rann yo kont Temwen Jewova yo deside pou yo akonpli travay yo genyen kòm moun k ap anseyan Pawòl Bondye a (Mat. 28:19, 20). Lè w te retounen lakay ou, ki pwen presi ou te pran desizyon pou w aplike nan lavi w oswa nan ministè w kòm kretyen ?
2 Pawòl Bondye a itil pou anseye : Tèm premye jounen an te chita sou 2 Timote 3:16. Diskou tèm nan te montre, si nou vle vin “ ekipe totalman pou anseye Pawòl Bondye ”, nou dwe apresye Pawòl Bondye a anpil, nou dwe respekte l plis pase nenpòt opinyon moun ap bay, oswa tradisyon lèzòm ap suiv. Anplis, nou dwe toujou sèvi avè l. Yon lòt bò, nou dwe lapriyè chak jou pou lespri sen ede nou nan ministè nou, e nou dwe travay pou nou devlope lanmou, premye fwi lespri a. Epitou, nou dwe pwofite tout reyinyon k ap fèt nan kongregasyon an, defason pou nou ka kite òganizasyon terès Jewova a fòme nou kòm minis.
3 Diskou an twa pati pou jounen vandredi a te gen tit sa a : “ Tout en enseignant les autres, apprenons nous-mêmes. ” Diskou sa a te eksplike ki jan nou dwe bay bon egzanp 1) etan nou rete kole sou tout lwa Bondye bay kretyen yo sou kesyon moralite, 2) etan nou kenbe bonjan abitid pou nou etidye, epi 3) etan nou elimine tout atitid, tout konpòtman nan kè nou oswa nan lespri nou, Dyab la ta ka eksplwate. Annapre, nou te aprann plizyè fason nou ka pwoteje fanmi nou anba fleyo mondyal yo rele pònografi a. Yo te ankouraje paran yo pou yo bay bon egzanp lè yo veye pou yo pa ni gade, ni menm fè yon ti koudèy sou kèlkeswa sèn kote moun ap fè sèks. Yo te ankouraje yo pou yo kontwole fason pitit yo ap sèvi ak Entènèt e pou yo kontwole sa y ap gade nan televizyon. Ki pwen nan pwogram vandredi a, nou deja kòmanse mete an pratik ?
4 Dènye diskou nan jounen an te ogmante rezolisyon nou pran pou nou ancheri limyè Jewova bay, pou nou rete sere kole ak gwoup kretyen wen yo, e pou nou travay pou lapè pèp Jewova a ka vin pi plis. Èske nou gen tan li nouvo liv La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains II ki fèk parèt la ?
5 Nou kapab kalifye kòmsadwa pou n anseye lòt moun : Tèks ki te sèvi kòm baz pou dezyèm jounen an se te 2 Timote 2:2. Pandan nou t ap koute diskou an twa pati ki te fèt samdi maten an, èske nou te note sijesyon yo te bay sou fason 1) pou nou chèche moun ki diy yo, 2) pou nou ede yo pou yo toujou enterese, e 3) pou nou anseye yo pou yo obsève tout sa Kris te kòmande ? Èske n ap mete sa n te aprann yo an pratik, paregzanp pou nou li omwen yon vèsè nan Bib la ak moun n ap pale avè l la, e pou nou poze baz pou yon lòt vizit ?
6 Pwogram apre midi a te ensiste sou enpòtans pou nou imite Jezi Kris, Gran Pwofesè a. Nan ki domèn n ap fè efò pou nou vin pi sanble avèk li ? Daprè sa w te aprann nan dezyèm diskou an twa pati jounen samdi a, “ Tirons pleinement profit de l’instruction théocratique ”, ki jan w santi sa pral pwofitab pou ou ? Ki sijesyon w gen tan mete an pratik pou w ogmante kapasite konsantrasyon w lè w ap fè etid pèsonèl ou, ak lè w nan reyinyon kongregasyon an ?
7 Pa gen dout nan sa, liv Tirez profit de l’École du ministère théocratique ki pral parèt la pral ede nou devlope kapasite nou genyen kòm oratè e kòm moun k ap anseye Pawòl Bondye. Yo pral atire atansyon nou plis toujou sou kalite oratwa sèvitè fidèl Bondye nan tan biblik yo te genyen. Nan nouvo liv la, chak leson ap gen kare k ap bay rezime sa nou dwe fè, k ap di nou poukisa sa enpòtan, e k ap montre nou ki jan pou nou fè l. Yo mete egzèsis tou k ap itil nou. Sè yo pral genyen 29 posiblite pou yo chwazi kad diskou yo. Alavni, jan yo te gentan anonse, pral gen chanjman nan fason lekòl la ap fèt. Èske nou pran bonjan abitid pou nou prepare reyinyon, èske nou renmen etidye, yon fason pou nou pwofite Lekòl ministè teyokratik la an plen chak semèn ?
8 Li lè li tan pou nou tounen anseyan : Ebre 5:12 te prepare lespri oditwa a pou jounen dimanch lan. Diskou an twa pati nan maten an, te gen tèm sa a : “ Pwofesi Malaki a ap prepare nou pou jou Jewova a. ” Li te chofe nou pou nou bay Bondye sa nou genyen ki pi bon an e pou nou rayi tout kalite kou trèt, yon fason pou nou ka chape nan gran jou Jewova a, yon jou k ap bay kè kase. Dram “ Respekte otorite Jewova ” a montre avèk fòs, ki jan ògèy, anbisyon, jalouzi, ak fidelite ki pa nan plas li, Kora ak akolit li yo t ap demontre a, te mennen yo tou dwat al rebele, menm kont Jewova. Diskou annapre a, “ Soumettons-nous fidèlement à l’autorité divine ”, te chita sou nesesite ki genyen kounye a pou nou soumèt nou anba otorite Bondye kit se nan fanmi nou, kit se nan kongregasyon nou. Diskou piblik la, “ Kiyès k ap anseye moun ki nan tout nasyon yo laverite a ? ”, te bay prèv ki montre se sa Temwen Jewova yo ap fè, kontrèman ak lakretyente ki annik pretann se laverite ki sot nan Bib la l ap anseye.
9 Sa klè, Jewova ap ban nou fòmasyon pou nou pi byen anseye Pawòl li. Sa nou te aprann yo, annou mete yo an pratik, ‘ etan nou toujou ap siveye tèt nou ansanm ak ansèyman n ap bay, yon fason pou nou sove ni nou menm ni moun k ap koute nou yo ’. — 1 Tim. 4:16.