BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/00 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Soutit
  • Semèn 10 avril
  • Semèn 17 avril
  • Semèn 24 avril
  • Semèn 1e me
Ministè Wayòm nan — 2000
km 4/00 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 10 avril

Kantik 122

10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Pa bliye anonse diskou espesyal 16 avril la. Men tit li : “ Pourquoi l’humanité a-t-elle besoin d’une rançon ? ” Ankouraje tout moun suiv pwogram lekti biblik soti 14 rive 19 avril la, jan l parèt nan Examinons les Écritures chaque jour — 2000 la. Revize “ Rapèl pou Memoryal la ” nan paj 4 paj mitan Ministè Wayòm sa a.

15 min : “ Èske w montre w sansib devan lanmou Kris la ”? Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons. Ajoute kèk panse nou jwenn nan La Tour de Garde 1e me 1998, paj 16-17 § 12-13. Ankouraje tout moun fè yon efò espesyal pou envite moun nan Memoryal la.

20 min : “ Avril : yon epòk pou moun zele nan fè bèl travay !” Kesyon/repons. Yon konvèsasyon antouzyas sou sa nou vle reyalize ann avril. Sèvi ak twa ou kat dènye minit yo pou rewè “ Zèl k ap chofe pifò konpayèl nou yo ”.

Kantik 199 ak priyè final.

Semèn 17 avril

Kantik 25

13 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Rete sèlman de semèn nan mwa avril la, konsa ankouraje tout moun pou yo patisipe nan ministè a anvan fen mwa a. Sèvi ak dènye peryodik yo pou fè yon demonstrasyon sou yon prezantasyon tou kout. Piske nou oblije reponn moun ki vle nou patisipe nan koutim fèt Pak yo a, revize sa ki di nan liv Comment raisonner a nan paj 165-66.

16 min : “ Èske ou gen lespri sakrifis ?” Kesyon/repons. Nou bezwen etabli priyorite. Mete bagay ki premye an premye. Sa mande inisyativ ak metriz pou n pèsiste nan fè sa k ap pwofitab pou espirityalite nou. Esplike sa egzanp Jezi a kapab aprann nou. — Gade nan Étude perspicace, Volim 2, paj 32 § 5 a paj 33 § 1.

16 min : Plase peryodik yo kote y ap bay meyè rezilta a. Diskou e konvèsasyon ak oditwa a. Rewè sijesyon ki nan Réveillez-vous ! 8 janvye 1995 la, paj 22-4. Esplike poukisa li bon pou n chèche moun ki kapab pi enterese ak atik ki fèt espesyalman pou yo. Egzamine kèk ansyen peryodik epi gade ki tit ki ka enterese divès kategori moun, komèsan oswa òganizasyon nan tèritwa nou. Envite oditwa a rakonte eksperyans ki montre jan yo jwenn bon rezilta nan sèvi ak metòd sa a.

Kantik 71 ak priyè final.

Semèn 24 avril

Kantik 137

10 min : Anons lokal. Anonse kongregasyon an kantite moun ki te nan Memoryal la. Envite oditwa a di ki kòmantè moun ki te vin asiste premye fwa yo te fè.

17 min : Ede nouvo yo pou yo asiste reyinyon. Yon diskou dapre liv Connaissance lan paj 161-3, § 5-8. Apre nouvo yo fin etidye pandan yon valè tan, li esansyèl pou yo kòmanse vin nan reyinyon. Se kapab yon defi pou rive fè yo vin asiste reyinyon. Ki sa w kapab fè pou w chofe yo ? Moun k ap kondi etid yo ta dwe pran tan pou revize enfòmasyon sa a nan liv Connaissance lan avèk etidyan yo epi fè aranjman fiks avèk yo pou ede yo vin jwenn avèk nou nan vrè adorasyon an.

18 min : “ Èske w se yon pwoklamatè regilye ? ” Diskou pou sekretè a fè ki gen ladan l konvèsasyon avèk oditwa a. Esplike poukisa nou fè rapò sou aktivite predikasyon nou. (Gade nan liv Notre ministère, paj 106-8.) Rakonte pwoblèm ki devlope lè nou pa remèt rapò nou rapidman. Envite oditwa a di sa yo fè pou yo sèten yo remèt rapò yo atan. Endike kòman kondiktè etid liv yo kapab bay èd yo. Gen sèlman yon wikenn ki rete nan avril la, konsa souliye enpòtans pou chak moun patisipe nan sèvis la epi pou yo bay rapò aktivite yo nan fen mwa a.

Kantik 200 ak priyè final.

Semèn 1e me

Kantik 213

12 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou avril. Kondiktè etid liv kongregasyon yo ta dwe tyeke avèk chak moun nan group yo a dekwa pou yo kapab gentan konte tout rapò anvan 6 me. Rewè Repons kesyon w yo, e fè aplikasyon lokal.

18 min : Bezwen kongregasyon an.

15 min : “ Fè tout sa w kapab pou w retounen !” Konvèsasyon ak oditwa a. Egzamine rezon ki konn fè moun pa retounen fè vizit. Esplike poukisa pran nòt ki presi ak volonte pou retounen, se bagay enpòtan. Sijere pou yo rezève yon ti tan chak semèn pou fè vizit. Revize sa ki di nan liv Notre ministère a, paj 89-90. Rakonte eksperyans Annuaire 1995 lan rapòte nan paj 45 lan. — 1 Kor. 3:6, 7.

Kantik 68 ak priyè final.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje