BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/00 p. 1
  • Yon privilèj ki la pou timoun ki pi piti yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon privilèj ki la pou timoun ki pi piti yo
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Paran, leve pitit ou avèk amou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Pitit nou se yon eritaj ki gen anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Sèvi ak feyè yo pou nou simaye bon nouvèl la
    Ministè Wayòm nan — 2012
Ministè Wayòm nan — 2000
km 5/00 p. 1

Yon privilèj ki la pou timoun ki pi piti yo

1 Se avèk tandrès anpil moun ki paran kounye a raple yo yon privilèj yo te renmen pandan yo t ap grandi nan laverite : se jounen peryodik. Se te yon aktivite yo te mete sou pye nan tout kongregasyon nan ane 1949. Yon jou chak semèn, tout moun te konsantre sou difizyon La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! nan lari, kay an kay, magazen an magazen ak lòt fason ankò. Ti jèn proklamatè yo espesyalman t ap tann avèk enpasyans pou yo patisipe nan travay sa a, paske li te ba yo posiblite patisipe nan menm aktivite ak granmoun yo nan kongregasyon an. Èske sa te konsa pou ou tou lè w te piti ?

2 Mete timoun nou yo ladann : Timoun tou piti yo ki poko pare pou fè yon konvèsasyon biblik lakay moun, kapab toujou ofri peryodik. Sa sèlman mande pou yo aprann yon prezantasyon senp avèk dezoutwa ti fraz kout. Petèt yon kòmantè tou kout sou foto ki sou po a kapab sifi. Anpil mèt kay fasilman konn asepte jounal nan men timoun piti yo. Souvantfwa yo fè bon kòmantè apwopo senserite ak bèl konduit jèn sa yo. Si nou bay timoun yo yon ti èd, y ap ka fè fòm sèvis sa a trè byen e se yon bèl kontribisyon l ap ye pou etann mesaj Wayòm nan. Natirèlman ofiramezi timoun yo ap vin pi gran, l ap bon pou paran timoun sa yo ede yo kontinye fè pwogrè pou yo vin gen plis ladrès nan predikasyon.

3 Manuel te kòmanse preche kay an kay depi l te gen 3 an. Paran l te aprann li yon prezantasyon pa kè, yon prezantasyon tou kout. Li preche bò kote yo avèk zèl, li plase anpil peryodik, anpil bwochi ak anpil depliyan. Li fè temwayaj enfòmèl tou. Yon lè, paran l te mennen l sou yon plas piblik pou yo pran yon ti detant. Manuel te pran inisyativ distribye kèk depliyan bay moun ki te sou plas la. Kwak Manuel toujou trè jèn, antouzyas li pou ministè a se yon sous ankourajman toutbon pou paran l ansanm ak tout kongregasyon an. — Pwo. 22:6.

4 Nan Calendrier des Témoins de Jéhovah 2000 lan, chak samdi se “ jounen peryodik ”. Paran, nou konseye nou pou nou enterese ankò nan travay sa a. Ede timoun nou yo fè tout posib yo pou yo patisipe regilyèman nan privilèj sèvis sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje