BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/00 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Soutit
  • Semèn 8 me
  • Semèn 15 me
  • Semèn 22 me
  • Semèn 29 me
  • Semèn 5 jen
Ministè Wayòm nan — 2000
km 5/00 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

NOTE SA : Ministè Wayòm nan ap gen pwogram yon reyinyon sèvis pou chak semèn pandan sezon ete a. Piske kongregasyon yo ap gen pou yo asiste kongrè distri “ Moun k ap mete Pawòl Bondye an pratik yo ”, yo kapab fè modifikasyon yo wè ki nesesè nan pwogram nan. Kote sa apwopriye, rezève 15 minit nan dènye reyinyon sèvis la pou nou repale sou paj mitan mwa sa a anvan n al asiste kongrè a. Ankouraje tout moun pran kèk minit pou jete yon koudèy sou pwogram enprime a, anvan yo kòmanse chak sesyon nan maten ak nan apremidi pou nou gen yon ide sou sa yo kapab pale. Sa pral fè l pi fasil pou nou konsantre atansyon nou sou pwogram nan e pou nou pran nòt ki kout e ki gen sans. De a kat semèn apre kongrè a, y ap konsakre 30 minit pou repale sou pwen enpòtan pwogram nan nan reyinyon sèvis la. Nan moman sa a, chak moun ap prepare yo pou yo fè yon kòmantè ki pa long, lè twa frè ki te resevwa patisipasyon sa a envite yo fè l. Sa nou te aprann nan kongrè a, yo kapab fè kòmantè sou jan pou nou aplike yo nan lavi nou e nan predikasyon. Yo kapab rakonte youn ou de eksperyans yo te chwazi ki kout. Bon preparasyon tout moun se kle a k ap fè pati sa a enteresan e se sa k ap enstwi tout moun nan reyinyon sèvis la.

Semèn 8 me

Kantik 125

15 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Yon ansyen ap repale sou nòt ki anwo a anrapò ak modifikasyon ki pou fèt nan reyinyon sèvis la. Fè oditwa a konnen aranjman espesyal ki fèt pou predikasyon 18 me.

15 min : “ Èske nou apresye bagay ki sakre ? ” Diskou pou yon ansyen fè. Mete aksan sou enpòtans pou nou asiste touletwa jou kongrè distri a.

15 min : “ Se pou nou mete lanmou nan tout sa n ap fè. ” Kesyon/repons. Rakonte kèk difikilte ki konn parèt nan aranjman pou transpò lè chak moun pa suiv enstriksyon yo. Montre enpòtans sa genyen pou tout moun kopere ak frè ki reskonsab sèvis transpò a.

Kantik 201 ak priyè final.

Semèn 15 me

Kantik 134

13 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

16 min : “ Koute deklarasyon sakre yo avèk atansyon. ” Kesyon/repons. Souliye poukisa nou tout ta dwe nan plas nou lè chak sesyon kòmanse.

16 min : “ Annou toujou gen yon bèl konduit k ap glorifye Bondye. ” Yon ansyen ap dyaloge ak yon fanmi. Y ap analize sa yo bezwen fè pou yo kenbe lòd, bon mànyè, lapwòpte e pou yo sèvi egzanp nan aparans yo ak nan konduit yo an piblik.

Kantik 203 ak priyè final.

Semèn 22 me

Kantik 36

12 min : Anons lokal. Egzamine Repons kesyon w yo.

20 min : “ Pa kite dòmi pran nou. ” Kesyon/repons. Esplike pouki li ijan pou n pa kite dòmi pran nou espirityèlman menmsi nou pa konnen ni jou a ni lè a. — Gade nan La Tour de Garde 1e novanm 1995, paj 20.

13 min : Ki sa w konte fè pou sezon vakans lan ? Yon fanmi ap konvèse sou sa yo pral fè pou mwa vakans yo. Y ap pale pou yo asiste touletwa jou kongrè distri a e pou yo pyonye oksilyè youn oswa plizyè mwa. Kapab gen posiblite pou yo vizite plas piblik oswa patisipe nan kèk moman detant ki desan. Yo tout dakò pou yo pa neglije aktivite teyokratik yo abitye fè yo.

Kantik 83 ak priyè final.

Semèn 29 me

Kantik 135

12 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa me. Fè demonstrasyon yon prezantasyon tou kout sou piblikasyon n ap ofri nan mwa jen an. Sèvi ak leson 13 nan bwochi Sa Bondye vle a pou montre fason pou n ofri yon etid biblik.

15 min : “ Jwenn lajwa nan sèvis sakre pa w la. ” Diskou. Pale sou rezon ki fè nou jwenn lajwa nan ministè nou. — Gade nan liv Étude perspicace, tòm 2, paj 46.

18 min : Yon lekti Labib ki pwofitab. Diskou ak demonstrasyon dapre Manuel pour l ’école, paj 33-4, § 6-7. Yon pati nan pwogram Lekòl ministè teyokratik la se pwogram lekti Labib regilye ki sèvi pou pwen biblik enteresan yo (Ministè Wayòm desanm 1999, paj 7). Sèvi ak yon fanmi pou fè demonstrasyon jan yon fanmi kapab egzamine yon pòsyon nan lekti pou semèn sa a nan lekòl la. Yo chwazi youn oswa de pwen ki enteresan e yo fè plis rechèch sou yo nan Index des publications oswa nan Étude perspicace des Écritures. Montre jan lekti Labib la kapab vin gen plis sans, epi ekipe nou pi byen pou nou ‘ prezante pawòl verite a kòrèkteman ’. — 2 Tim. 2:15.

Kantik 95 ak priyè final.

Semèn 5 jen

Kantik 37

5 min : Anons lokal.

10 min : Bezwen kongregasyon an.

15 min : “ Yon privilèj ki la pou timoun ki pi piti yo. ” Diskou e konvèsasyon ak oditwa a. Rakonte eksperyans nou jwenn nan La Tour de Garde 1e desanm 1996, paj 13 § 15. Envite kèk jèn pou yo pale sou plezi yo jwenn nan distribye peryodik. Fè youn ou de jèn fè demonstrasyon sou yon prezantasyon peryodik kay an kay ki senp. Ankouraje paran yo mennen pitit yo avèk yo nan jounen peryodik chak semèn.

15 min : “ Ki jan ‘ pou n teste kapasite yo ’? ” Diskou pou yon ansyen fè. Egzamine dispozisyon Bib la bay pou gen asistan ministeryèl nan kongregasyon an. (Gade nan Étude perspicace, tòm 2, paj 289-90.) Montre sa yo dwe fè pou yo kalifye kòm asistan ministeryèl. (Gade nan liv Notre ministère a, paj 55-6.) Montre ki fason asistan ministeryèl yo kapab sèvi, e ankouraje plis frè pou yo chèche atenn privilèj sa a.

Kantik 82 ak priyè final.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje