Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 11 septanm
Kantik 139
10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan.
15 min : “ Benediksyon Jewova fè nou rich. ” Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an, epi kontinye avèk kesyon/repons. — Gade Étude perspicace, tòm 2, paj 798, § 12-13.
20 min : “ Sèvi ak evènman k ap pase yo pou nou fè moun yo enterese. ” Konvèsayon avèk oditwa a epi demonstrasyon. Mansyone plizyè evènman ki te pase nan zòn nan e ki enterese moun yo. Ki enkyetid sa fè moun yo vin genyen pou lavni ? Itilize liv Comment raisonner a, paj 9-10 pou ofri sijesyon sou jan pou n prepare yon entwodiksyon k ap debouche sou yon konvèsasyon biblik. Fè de demonstrasyon pratik, byen prepare.
Kantik 224 ak priyè final.
Semèn 18 septanm
Kantik 2
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : Ki sa nou te fè ane pase ? Diskou siveyan sèvis la. Analize chif enteresan ki nan rapò kongregasyon an pou ane sèvis 2000 lan. Felisite kongregasyon an pou bon travay li te reyalize. Atire atansyon sou domèn ki kapab bezwen amelyore. Souliyen sa kongregasyon an te reyalize nan asistans reyinyon, nan kòmanse ak nan kondi etid biblik epi nan regilarite nan predikasyon. An gwo, fikse objektif ki reyalis pou ane k ap vini an.
20 min : “ Lavi moun yo an danje ! ” Konvèsasyon ak oditwa a. Atire atansyon sou tèks biblik yo site nan atik la.
Kantik 30 ak priyè final.
Semèn 25 septanm
Kantik 93
18 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou septanm. Rezime Repons kesyon w yo epi egzamine bezwen kongregasyon an.
15 min : “ Agrandisman Betèl la fas ak pwogrè teyokratik la. ” Diskou. Fè oditwa a patisipe. Ankouraje tout moun pou yo wè ki jan, pèsonèlman, yo kapab soutni travay k ap fèt la.
12 min : Peryodik nou yo pa pèdi valè yo. Ki sa nou fè ak ansyen nimewo La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! ki ap anpile yo ? Gen kèk pwoklamatè ki gen tandans jete yo. Yo panse sijè ki ladan yo a se bagay pase. Olye de sa, Ministè Wayòm septanm 1993, paj 3, ankouraje nou mache ak kèk ansyen nimewo pou nou ofri lè sa apwopriye. Tanzantan nou kapab chwazi atik ki ta kapab enterese gason, fanm, moun ki pwofesyonèl, granmoun, jenn moun. Men se pou nou gen peryodik yo sou lamen pou lè okazyon an prezante. Fè demonstrasyon sou jan nou kapab chwazi atik yo ak jan nou kapab prezante yo. Rakonte eksperyans pwoklamatè ki te gen siksè nan plase ansyen peryodik.
Kantik 115 ak priyè final.
Semèn 2 oktòb
Kantik 169
15 min : Anons lokal. Fè kongregasyon an konnen planifikasyon pou distribye Nouvèl Wayòm no 36 la. Distribisyon an ap derape lendi 16 oktòb e l ap kontinye rive jis vandredi 17 novanm. Ankouraje tout moun, ni jenn ni nouvo pou yo patisipe anplen nan aktivite sa a. Kondiktè etid liv yo ta dwe kòmanse ankouraje tout moun nan gwoup yo a depi kounye a epi òganize yo otank posib pou yo patisipe nan difizyon an avèk zèl. Ajoute eksperyans ankourajan moun te fè dènye fwa nou te fè difizyon Nouvèl Wayòm nan.
15 min : “ Èske nou ta dwe demenaje ? ” Yon ansyen ap fè diskou sa a. Esplike poukisa disènman nesesè lè n ap pran desizyon pou demenaje al yon lòt kote. Dyaloge sou fason pou n aplike konsèy nou jwenn nan Pwovèb 22:3 a. Ajoute kòmantè sou avètisman nou jwenn nan La Tour de Garde 15 out 1988, paj 22.
15 min : Eksperyans ki fèt nan kòmanse konvèsasyon. Nan pwogram reyinyon sèvis 11 septanm nan, yo te rekòmande nou fè entwodiksyon yo apati evènman k ap pase yo pou fè moun yo enterese epi pou n kòmanse konvèsasyon nan ministè a. Envite oditwa a rakonte bon rezilta yo te jwenn nan mete sijesyon sa yo an pratik.
Kantik 205 ak priyè final.