BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/00 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Soutit
  • Semèn 9 oktòb
  • Semèn 16 oktòb
  • Semèn 23 oktòb
  • Semèn 30 oktòb
  • Semèn 6 novanm
Ministè Wayòm nan — 2000
km 10/00 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 9 oktòb

Kantik 11

8 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan.

12 min : “ Annou montre nou enterese nan travay estwòdinè Bondye yo. ” Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an, epi kontinye avèk kesyon/repons. Atire atansyon sou kèk foto nan nouvo liv la k ap fè moun vin plis apresye pwofesi Izayi a.

25 min : “ Yon nouvo milenè : ki sa demen sere pou ou  ? ” Konvèsasyon siveyan sèvis la avèk oditwa a. L ap mete anpil vi ladann. Apre lekti anons ki nan lèt 3 jiyè 2000 Lasosyete te voye pou ansyen yo, fè distribye yon Nouvèl Wayòm no 36 bay chak moun nan oditwa a. Lèfini, poze oditwa a kesyon sou atik la. Mansyone dispozisyon yo pran pou travay tèritwa kongregasyon an nèt. Analize ki jan pou yo ede nouvo yo ak timoun yo pou yo ranpli kondisyon pou yo vin pwoklamatè. Fè yon demonstrasyon tou kout. Montre nesesite pou tout moun patisipe nan kanpay sa a san rezèv.

Kantik 53 ak priyè final.

Semèn 16 oktòb

Kantik 104

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè pwoklamatè yo sonje n ap prezante La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! nan wikenn nan, ansanm avèk Nouvèl Wayòm no 36 la.

15 min : “ Enstwi, motive, fòtifye : yon seri zouti ki fèt egzakteman pou sa. ” ​(Paragraf 1 e 2 sèlman.) Fè yon ti pase tou kout sou jan Sosyete a antre nan fè kasèt videyo. (Gade nan liv Prédicateurs a, paj 600-1.) Ankouraje tout moun pou yo gade kasèt Les Témoins de Jéhovah : un nom, une organisation, angiz preparasyon pou reyinyon sèvis semèn 30 oktòb la. Moun ki gen kasèt la kapab prete sa ki pa genyen l, oswa tou yo ka fè aranjman pou yo gade l ansanm.

20 min : Nou tout kapab demontre nou gen lespri pyonye. Konvèsasyon yon kondiktè etid liv ap fè avèk adjwen li, dapre La Tour de Garde 15 oktòb 1997, paj 22-3. Y ap egzamine rezon ki fè l ta bon pou gen plis pyonye nan kongregasyon an, e y ap tou montre ki jan tout moun kapab kontribye pou atenn objektif sa a. Y ap egzamine divès fason pou yo ankouraje moun ki deja pyonye pou yo kenbe la. Y ap ankouraje tout moun nan kongregasyon an pou yo devlope plis zèl nan ministè a.

Kantik 131 ak priyè final.

Semèn 23 oktòb

Kantik 150

10 min : Anons lokal.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Byen prepare reyinyon yo. Diskou epi konvèsasyon ak oditwa a. Pwofi n ap tire nan reyinyon yo depann anpil de efò n ap fè pou n prepare yo. Repale sou sijesyon pratik yo te bay nan La Tour de Garde 1e mas 1998 la, paj 15-16, § 8-11. Envite oditwa a fè kòmantè pou montre ki jan yo fè pou yo pran inisyativ pou yo prepare reyinyon yo e pou yo jwenn tan pou sa.

Kantik 211 ak priyè final.

Semèn 30 oktòb

Kantik 167

8 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou oktòb.

12 min : Eksperyans ki fèt ak Nouvèl Wayòm no 36 la. Mande divès pwoklamatè rakonte bon rezilta yo jwenn nan difizyon Nouvèl Wayòm no 36 la. Envite pyonye pèmanan ak pyonye oksilyè yo pou yo di jan yo apresye anpil aktivite ki te genyen diran kanpay sa a ak okazyon yo te genyen pou yo travay ak anpil pwoklamatè.

25 min : Les Témoins de Jéhovah : un nom, une organisation. Konvèsasyon ak oditwa a. Egzamine kesyon yo bay nan paragraf 3 atik “ Enstwi, motive, fòtifye : yon seri zouti ki fèt egzakteman pou sa ” a. Bay sijesyon sou fason moun kapab sèvi ak kasèt videyo pou ede moun ki enterese yo vin konnen òganizasyon nou an pi byen. Ajoute youn oswa de eksperyans tou kout. — Gade nan La Tour de Garde 1e oktòb 1992, paj 30-1.

Kantik 15 ak priyè final.

Semèn 6 novanm

Kantik 198

15 min : Anons lokal. Repale sou pwogrè ki fèt nan distribye Nouvèl Wayòm no 36 la. Di jis ki bò yo rive nan tèritwa a e ki dispozisyon y ap bezwen pran pou yo fin travay li nèt rive 17 novanm.

20 min : Ki kwayans nou ? Yon frè retounen vizite yon moun ki te mande l : “ Ki sa Temwen Jewova anseye ki fè yo diferan ak lòt relijyon yo ? ” Fè kèk kòmantè sou pati ki nan kare ki nan paj 6 La Tour de Garde 1e oktòb 1998 la. Esplike jan lòt relijyon yo pa konnen verite de baz sa yo oubyen jan yo rejte yo pou yo adopte tradisyon lèzòm.

10 min : Chante : yon pati enpòtan nan adorasyon nou. Yon kondiktè etid liv ap konvèse ak de pwoklamatè sou chante y ap chante nan reyinyon kongregasyon an. Li te remake fason yo chante a sanble yon ti jan manke fòs. Li pataje kèk pwen avèk yo ki soti nan La Tour de Garde 1e novanm 1999, paj 22-4. Yo analize pawòl ki nan youn nan kantik yo pral chante nan etid La Tour de Garde nan semèn nan, jan yo sijere sa nan La Tour de Garde 1e jiyè 1999, paj 20, § 12. Lè nou chante avèk serye, nou mete vi nan louwanj sensè n ap bay Jewova.

Kantik 223 ak priyè final.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje