BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/00 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Soutit
  • Semèn 13 novanm
  • Semèn 20 novanm
  • Semèn 27 novanm
  • Semèn 4 desanm
Ministè Wayòm nan — 2000
km 11/00 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 13 novanm

Kantik 4

10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Fè oditwa a konnen ki aranjman espesyal ki fèt pou predikasyon 18 novanm.

13 min : Repons kesyon w yo. Diskou pou yon ansyen fè.

22 min : “ Annou kontinye kenbe enterè nou te jwenn lè nou t ap difize Nouvèl Wayòm no 36 la. ” Konvèsasyon sou fòm kesyon/repons, § 1-5. Di ki dispozisyon yo pran nan kongregasyon an pou yo travay tèritwa vyèj yo. Egzamine modèl prezantasyon yo bay nan § 7 ak 8, sou fason nou kapab fè vizit. Fè yon demonstrasyon pou yo chak. Ensiste sou jan li enpòtan pou nou kontinye kenbe tout enterè nou jwenn epi pou nou fè tout sa nou kapab pou nou kòmanse etid biblik ak moun yo. Pou fini, fè kòmantè sou § 9 la ak vèsè yo site ladann yo.

Kantik 63 ak priyè final.

Semèn 20 novanm

Kantik 111

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

15 min : Eksperyans ki te fèt nan difizyon Nouvèl Wayòm no 36 la. Rakonte ki sa nou te rive akonpli antan nou t ap travay tèritwa a. Èske te gen moun nan kongregasyon an ki te kòmanse patisipe nan predikasyon pandan peryòd sa a ? Site kèk kòmantè ankourajan moun nou rankontre yo te fè. Èske te gen kèk pwoklamatè ki te rive kòmanse etid biblik ? Si te genyen, mande yo eksplike ki jan yo te fè, oswa refè l sou fòm demonstrasyon. Fè tout moun sonje nesesite pou yo kontinye kenbe tout enterè yo te jwenn.

20 min : “ Annou kontinye preche ! ” Diskou ak entèvyou. Gen moun ki fè tout vi yo nan òganizasyon Jewova a e ki toujou ap pèsevere nan predikasyon. Se moun yo ki gen yon etadespri pozitif, epi sa ede yo pou yo jwenn jwa nan travay sa a (gade liv Konesans lan, paj 179, § 20 ak La Tour de Garde 1e me 1992, paj 21-2, § 14-15). Mande yon pwoklamatè ki aktif depi anpil ane pou l rakonte rezon ki fè l pèsevere nan predikasyon.

Kantik 141 ak priyè final.

Semèn 27 novanm

Kantik 153

10 min : Anons lokal. Fè tout pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou mwa novanm nan. Piblikasyon n ap ofri an desanm se liv Konesans lan ak Traduction du monde nouveau. Labib egziste nan anpil lang. Montre ki jan Temwen Jewova yo te jwe yon gwo wòl nan sa. — Gade La Tour de Garde 15 oktòb 1997, paj 11-12.

20 min : Se pou nou byen sèvi ak liv Raisonner a. Konvèsasyon sou fòm kesyon/repons ki baze sou paj 7-8. Montre kòman liv sa a fèt pou ede nou prepare nou yon fason pou nou kapab fè yon travay ki bay rannman nan predikasyon. Eksplike ki jan nou kapab sèvi avèk li lè n ap preche nan telefòn. Demonstrasyon. Montre ki jan nou kapab fè pou nou jwenn bonjan enfòmasyon pou nou reponn yon kesyon. Ankouraje tout moun pou yo konnen sa ki nan liv sa a, pou yo toujou mache avè l nan valiz yo epi pou yo sèvi avè l regilyèman.

15 min: Ki jan m kapab limite tan mwen pase devan televizyon ? Yon ansyen ap fè yon dyalòg ak yon jèn frè ki abitye pase anpil tan chak jou ap gade televizyon. Okòmansman, frè a ap diskite, li di pa gen okenn mal nan sa. Pou li menm se senpman yon fason pou yon moun detann li, san sa pa gen move efè sou li. Ansyen an egzamine pwen enpòtan yo bay nan chapit 36 liv Les jeunes s’interrogent la. Li eksplike lè yon moun pase twòp tan ap gade televizyon, sa kapab gaspiye yon tan presye, yon tan moun nan ta kapab konsakre nan lòt aktivite tankou etid pèsonèl, predikasyon oswa èd li ta ka bay kongregasyon an nan lòt domèn ankò. Jèn frè a montre li apresye konsèy yo e li rekonèt se pou byennèt espirityèl li. Poutètsa li di li pral diminye kantite tan li pase devan televizyon.

Kantik 175 ak priyè final.

Semèn 4 desanm

Kantik 189

10 min : Anons lokal. “ Ki sa w ap di si se yon repondè ? ”

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Yon pawòl nou di nan yon moman ki apwopriye. ” Konvèsasyon avèk oditwa a. Demonstrasyon. Anpil moun santi yo pa alawotè lè y ap eseye kòmanse yon konvèsasyon. Yo sipoze (e yo pa gen rezon pou sa) yo bezwen yon talan espesyal pou yo jwenn bon rezilta. Eksplike jan tout moun kapab kòmanse yon konvèsasyon si yo fè bon ti efò, kit se nouvo, kit se jèn pwoklamatè. Egzamine prezantasyon yo sijere yo epi montre jan prezantasyon sa yo senp. Fè demonstrasyon avèk de oswa twa pwoklamatè. Pou lòt referans, ale nan Le ministère du Royaume mwa mas 1998, paj 8. N ap jwenn kèk lòt prezantasyon nou ka itilize. Ankouraje tout moun pou yo montre yo pozitif. Sa va fè yo jwenn plis jwa nan predikasyon.

Kantik 218 ak priyè final.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje