BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/00 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Soutit
  • Semèn 11 desanm
  • Semèn 18 desanm
  • Semèn 25 desanm
  • Semèn 1e janvye
Ministè Wayòm nan — 2000
km 12/00 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 11 desanm

Kantik 50

10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Si kongregasyon an gen liv Le plus grand homme oswa Grand Enseignant nan estòk li, montre jan yo ka itilize yo avèk efikasite nan ministè a pandan peryòd fèt la. Ankouraje tout moun pou yo gade kasèt videyo La Bible : un récit historique exact, des prophéties dignes de foi nan preparasyon y ap fè pou dyalòg nan reyinyon sèvis semèn 25 desanm nan. Moun ki gen kasèt videyo kapab prete lòt moun ki pa genyen li, oubyen petèt yo ka gade li ansanm.

15 min : “ Se pou nou gen lakrentif pou Jewova 24 sou 24. ”a Ajoute esplikasyon yo bay sou lakrentif pou Bondye nou jwenn nan paj 26 Réveillez-vous ! 8 janvye 1998 la. Souliye ki bonjan pwofi moun tire lè yo gen lakrentif pou Jewova.

20 min : “ Enfliyans lòt moun sou privilèj ou genyen pou w preche a. ” Diskou avèk entèvyou. Envite kèk moun ki te sibi enfliyans lòt moun pou yo rakonte ki jan yo te fè malgre sa pou yo rete aktif nan travay predikasyon an.

Kantik 78 ak priyè final.

Semèn 18 desanm

Kantik 94

15 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè konnen aranjman espesyal ki fèt pou predikasyon 25 desanm ak 1e janvye. Reponn kesyon : Èske gen mal pou moun patisipe nan fèt ki pa soti nan sous kretyen si se pa pou rezon relijye y ap fete yo ? — Gade Comment raisonner, paj 164-66.

12 min : “ Lekòl ministè teyokratik pou lan 2001. ” Siveyan Lekòl ministè teyokratik la ap fè diskou sa a. Ankouraje tout moun pou yo ajou ak lekti Labib yo a pou semèn nan e pou yo byen prezante ekspoze yo ba yo fè nan Lekòl la.

18 min : “ Èske w gen kran pou w preche ? ”b Ankouraje kòmantè sou tèks biblik ki nan atik la. Sèvi ak liv Notre Ministère la, paj 86-7 pou montre jan nou kapab vin gen plis kran e jan nou kapab vin pi efikas nan predikasyon.

Kantik 124 ak priyè final.

Semèn 25 desanm

Kantik 126

10 min : Anons lokal. Envite oditwa a rakonte eksperyans yo te fè dènyèman nan aktivite predikasyon. Repale sou piblikasyon n ap ofri an janvye.

10 min : Bezwen kongregasyon an.

25 min : “ Annou aprann nan kasèt videyo La Bible : un récit historique exact, des prophéties dignes de foi. ” Konvèsasyon avèk oditwa a. Bay sijesyon sou jan yo ka sèvi ak kasèt videyo sa a pou chofe lòt moun (Annuaire 1999, paj 51-2). An fevriye nou pral gade dezyèm kasèt videyo nan seri sa a : La Bible : le livre le plus ancien toujours d’actualité.

Kantik 151 ak priyè final.

Semèn 1e janvye

NOTE SA :  Kongregasyon yo pa fèt pou chanje jou reyinyon sèvis semèn 1e janvye a pou yon lòt jou, amwenske se vizit siveyan sikonskripsyon. Nan chak kongregasyon yo fèt pou yo egzamine paj mitan ki pale de kongrè a nan reyinyon sèvis la jan sa pwograme a. Si gen asanble sikonskripsyon semèn sa a, kondiktè etid liv yo ta dwe anonse kote kongrè a ap fèt ak dat la nan randevou etid pa yo a. Yo kapab bay kèk enfòmasyon ki nesesè sou kesyon lojman an.

Kantik 171

8 min : Anons lokal. Si orè reyinyon kongregasyon nou ap chanje pou ane k ap vini an, ankouraje tout moun jantiman pou yo kontinye asiste reyinyon yo regilyèman nan nouvo orè a. N ap enfòme etidyan yo ak lòt moun ki enterese yo sou tout chanjman ki fèt. Kòmanse sèvi ak fich envitasyon ki gen nouvo orè a. Fè kèk kòmantè sou rapò sèvis peyi a ak sou rapò sèvis kongregasyon an. Fè tout pwoklamatè sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou desanm.

17 min : Ki jan pou nou prepare nou pou fè vizit. Yon papa ap fè konvèsasyon ak fanmi li sou jan yo kapab jwenn pi bon rezilta nan ministè yo. Li souliye rezon Bib la bay pou nou suiv tout enterè nou jwenn. Se pou yo sèvi ak metòd yo bay nan La Tour de Garde 1e jiyè 1999, paj 22 § 18 la pou yo prepare yo pou fè vizit. Yo tout yo rekonèt yo gen moun yo te pran kontak avèk yo, yo ta dwe revizite yo. Chak moun ap dekri reyaksyon yo te jwenn nan premye pase a, epi lòt moun nan fanmi an ap sijere yon ide ansanm ak yon tèks biblik yo ka itilize nan vizit la. Y ap jwenn pwen nan bwochi Ki sa Bondye vle a yo kapab itilize yon fason ki efikas. Paran yo ap chwazi youn nan timoun yo pou fè repete sa l pral di nan vizit pa l la. Y ap pwograme yon moman presi pou yo fè vizit nan semèn k ap vini an.

20 min : “ ‘ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ’ — Kongrè distri Temwen Jewova yo pou 2001. ” Sekretè a ap fè sijè ki nan paj mitan an sou fòm kesyon/repons. Toudabò, li lèt 15 desanm 2000 la ki anonse kongrè kongregasyon an ap genyen pou l asiste a. Sèvi ak tèks yo site yo pou montre poukisa nou tout fèt pou suiv de prè enstriksyon Sosyete a. Souliye enpòtans pou chak moun fikse dat y ap pran konje nan travay yo dèke sa posib, dekwa pou yo lib pou yo asiste touletwa jou kongrè a. Felisite frè ak sè yo pou koperasyon yo ak dispozisyon Sosyete a.

Kantik 212 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje