BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/01 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Soutit
  • Semèn 8 janvye
  • Semèn 15 janvye
  • Semèn 22 janvye
  • Semèn 29 janvye
  • Semèn 5 fevriye
Ministè Wayòm nan — 2001
km 1/01 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 8 janvye

Kantik 29

7 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan.

13 min : “ Se pou limyè nou an klere. ”a Ajoute lòt kòmantè nou jwenn nan La Tour de Garde 1e jen 1997, paj 15, § 12-13.

25 min : Dyalòg ant yon ansyen kalifye avèk de oswa twa jèn, otank posib gason ak fi, dapre La Tour de Garde 15 avril 1993, paj 14-9. Mete aksan sou fason kèk sekans nan televizyon kapab diminye respè jèn yo genyen pou prensip biblik ki gen rapò ak moralite. Souliye ki jan lè jèn yo twouve yo twò souvan nan konpayi moun ki pa gen respè pou prensip biblik, sa se yon pyèj. Si gen lòt sitiyasyon ki kapab gate jèn yo, nou kapab mansyone yo tou.

Kantik 1 ak priyè final.

Semèn 15 janvye

Kantik 51

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Èske w egzamine Bib la toulejou ? Diskou avèk entèvyou. Sèvi ak La Tour de Garde 15 desanm 1996, paj 17-18, § 12-14 pou souliye tout sajès sa gen ladann lè fanmi an fè tèks pou jounen an toulejou. Entèvyouwe kèk manm fanmi ki sonje yon dyalòg resan yo te genyen ki pwouve pwofi moun tire sitou nan tèks pou jounen an, epi fè yo bay rezon ki fè sa. Souliye se yon bagay ki ta dwe fè pati yon pwogram etid familyal regilye pou fòtifye moun lakay nou, epi pou kenbe fanmi an aktif nan ministè a.

Kantik 67 ak priyè final.

Semèn 22 janvye

Kantik 90

7 min : Anons lokal.

18 min : Ki jan pou nou prepare entwodiksyon yo. Diskou ak demonstrasyon. Rewè pwen enpòtan ki nan liv Comment raisonner a, paj 9. Montre ki jan nou kapab chwazi entwodiksyon n ap pi alèz avèk yo selon pèsonalite nou e selon tèritwa a. Retounen sou kèk modèl entwodiksyon nou kapab itilize ak bwochi Bondye vle a, epi fè youn oswa de demonstrasyon sou yo. (Gade Le ministère du Royaume avril 1997, paj 8.) Ankouraje tout moun byen sèvi ak sijesyon yo bay nan liv Comment raisonner ak Notre Ministère a nan aktivite predikasyon.

20 min : “ Aprann koute byen. ” Diskou ak konvèsasyon avèk oditwa a. Rewè sa ki di nan liv Manuel pour l’École la, paj 27, § 15-17. Meyè fason pou nou teste si nou abitye koute byen se nan kantite bagay nou kapab raple nou. Envite oditwa a raple kèk pwen enteresan patisipan yo te touche aswè a nan Lekòl ministè teyokratik la.

Kantik 96 ak priyè final.

Semèn 29 janvye

Kantik 139

10 min : Anons lokal. Fè tout pwoklamatè sonje remèt rapò sèvis yo pou janvye. Di ki piblikasyon n ap ofri an fevriye. Atire atansyon sou liv kongregasyon an gen nan estòk li.

15 min : Chèche konnen Kreyatè a pi byen. Diskou dapre La Tour de Garde 15 jen 1999, paj 24-6. Bay kongregasyon an gou pou etid liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? a. Ankouraje jèn yo pou yo patisipe nan etid liv la chak semèn. Tout moun ap prepare lespri yo pou yo asiste etid liv la regilyèman, pou yo chofe pou yo aprann tout sa yo kapab sou Gran Kreyatè nou an.

20 min : “ Paran : Fè yon jan pou nou bay timoun nou yo bon abitid. ” Diskou ak entèvyou avèk paran ki gen pitit ki byen kondi tèt espirityèlman. Paran yo ap pale sou bagay pozitif yo te fè pou predikasyon te kapab enterese pitit yo. Si gen tan, ajoute sijesyon nou jwenn nan liv Bonheur familial la, paj 55-9.

Kantik 149 ak priyè final.

Semèn 5 fevriye

Kantik 168

10 min : Anons lokal.

15 min: “ Annou pran plezi nan sa n ap fè ”b Montre ki bagay k ap ogmante lajwa nou nan sèvis Bondye, jan sa rapòte nan tòm 2 liv Perspicace la, paj 46, § 3-5.

20 min : Nou kapab jwenn bonjan divètisman. Tout yon fanmi ap fè konvèsasyon sou konsèy yo bay nan Réveillez-vous ! 22 me 1997 la. Papa a pran divètisman pou fanmi an oserye. Apre yo fin gade ribrik “ Que sont devenus les divertissements ? ” ​(paj 4-7), yo konsantre yo sou bonjan divètisman ki kapab pwofitab yo. Egzamine sijè ki nan liv Notre ministère la, nan paj 131-2 anba soutit “ La détente ”, ak nan paj 134-5 anba soutit “ Faites tout pour la gloire de Dieu ”. Souliye wòl paran yo ki fèt pou yo alatèt ak nesesite pou tout manm fanmi an kopere pou pwofi tout moun nan kay la.

Kantik 190 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje