Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 12 fevriye
Kantik 6
10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Nou pral pale de kasèt videyo La Bible : le livre le plus ancien toujours d’actualité nan reyinyon sèvis semèn 26 fevriye a. Dyalòg la pral fèt dapre kesyon nou jwenn nan paj 7 Ministè Wayòm sa a.
15 min : “ Annou glorifye Jewova pa mwayen bèl zèv nou yo. ”a Ajoute lòt kòmantè nou jwenn nan liv Prédicateurs la, paj 187, § 2-3.
20 min : “ Ki jan pou nou konvenk lòt moun. ” Yon dyalòg ant yon kondiktè etid liv ak yon pyonye oswa yon pwoklamatè konpetan. Y ap baze dyalòg la sou pwen yo chwazi nan atik La Tour de Garde 15 me 1998, paj 21-3. Analize kare ki nan paj 23 a, ki gen tit “ Comment toucher le coeur ”. Apre nou fin chwazi fo kwayans relijye nou abitye tande nan tèritwa nou, dyaloge sou jan pou nou konvenk yon moun ak sa Bib la di sou sijè a.
Kantik 208 ak priyè final.
Semèn 19 fevriye
Kantik 221
8 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
22 min : “ Annou fè konnen non Jewova ansanm ak fason li aji. ”b Yon ansyen ap fè konnen aranjman espesyal ki fèt pou ogmante aktivite nan tèritwa a nan mwa mas ak avril, san l pa bliye ankouraje plis moun posib pou yo pran sèvis pyonye oksilyè. Fè kèk moun ki te pyonye ann avril ane pase di ki satisfaksyon sa te pote pou yo. Atire atansyon sou èd pou nou bay tout pwoklamatè inaktif ki kalifye, pou yo rekòmanse preche ansanm avèk nou. N ap ede timoun ak etidyan yo tou pou yo vin kalifye kòm pwoklamatè ki poko batize. — Gade “ Repons kesyon w yo ” ki nan Ministè Wayòm novanm 2000 lan.
Kantik 27 ak priyè final.
Semèn 26 fevriye
Kantik 48
8 min : Anons lokal. Fè tout pwoklamatè sonje remèt rapò sèvis yo pou fevriye. Si sijè sou telefòn pou semèn pwochèn nan pa apwopriye, ankouraje tout moun prepare chapit 9 nan liv Organisés pour bien remplir notre ministère la, epi mache ak liv la pou reyinyon semèn pwochèn nan.
12 min : Sijesyon pou prezantasyon liv Konesans lan. Èske nou gen yon prezantasyon nan lespri nou pou nou ofri liv Konesans lan nan mwa mas la ? Si nou gade nan dènye paj ansyen Ministè Wayòm yo, n ap jwenn sijesyon pou lè n ap prezante yon moun liv la pou premye fwa. Anpil nan sijesyon sa yo bay ide k ap pèmèt nou retounen vin fè vizit. Pale sou de oswa twa nan prezantasyon yo sijere yo. (Desanm 1995 ; mas, jen, novanm 1996 ; jen 1997 ; mas 1998.) Fè demonstrasyon sou de nan sijesyon nou jwenn nan Le ministère du Royaume novanm 1996 la. Se metòd dirèk k ap pèmèt nou kòmanse etid biblik. Ankouraje tout moun pou yo fè bonjan efò pou kòmanse lòt etid.
25 min : “ Annou fè moun apresye kasèt videyo La Bible : le livre le plus ancien toujours d’actualité. ” Konvèsasyon avèk oditwa a. Sèvi ak kesyon ki nan paj 7 la. Souliye sa : avèk plis pase 100 milyon Bib yo enprime (annantye oswa an pati) nan 37 lang, Traduction du monde nouveau se youn nan Bib yo distribye pi plis. Nan mwa avril, nou pral gade twazyèm kasèt videyo ki nan menm seri sa a . Men tit li : La Bible : une force dans votre vie.
Kantik 64 ak priyè final.
Semèn 5 mas
Kantik 81
5 min : Anons lokal.
18 min : “ Se Jewova ki bay pisans. ”c Mande oditwa a fè kòmantè sou jan pou nou aplike tèks biblik yo.
22 min : “ Predikasyon nan telefòn bay bon rezilta. ”d Patisipasyon pou siveyan sèvis la fè. Ajoute ankourajman nou jwenn nan La Tour de Garde 15 desanm 1999, paj 23, § 17. Al nan kare sa a ankò : “ Ki sa w ap di si se yon repondè ”, nan Ministè Wayòm novanm 2000 lan. Si sa aplikab pou kongregasyon an, eksplike ki tèritwa nou genyen, predikasyon nan telefòn kapab mache ladann. Mande yo rakonte de oswa twa eksperyans tou kout ki montre bon rezilta fòm predikasyon sa a bay nan lokalite a. Si nou rann nou kont sijè sa a pa apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, nou kapab egzamine sijè : “ Comment étendre votre ministère ”. N ap jwenn li nan chapit 9 liv “ Organisés pour bien remplir notre ministère ”. Siveyan sèvis la ap ankouraje oditwa a fè kòmantè ki pa long.
Kantik 108 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
d Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.