Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 12 mas
Kantik 112
10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Avril : yon epòk ‘ pou nou travay di e pou nou lite ’. ” (§ 1-13). Patisipasyon pou siveyan prezidan an fè avèk antouzyas, sou fòm yon konvèsasyon konsènan sa nou ta renmen fè ann avril. Ankouraje chak moun nan kongregasyon an potekole pou nou atenn objektif 100 % patisipasyon nan ministè a pou mwa sa a.
Kantik 147 ak priyè final.
Semèn 19 mas
Kantik 166
8 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
17 min : Se pou w byen sèvi ak Annuaire 2001 an. Diskou epi konvèsasyon ak oditwa a. Gade ribrik “ Totaux pour 2000 ” ki nan paj 31 an. Fè yon ti pale sou “ Lettre du Collège central ” ki nan paj 3-5 lan. Mande yon moun nan asistans lan pou l rakonte yon eksperyans li te li nan Annuaire la, ki te ankouraje l e ki te fòtifye l. Ankouraje fanmi yo pou yo li tout Annuaire la ansanm pandan ane a, tankou fanmi Betèl la fè sa nan lemonnantye. Atire atansyon moun yo sou kesyon ki nan paj 255 lan k ap ede nou repase sa nou te aprann nan Annuaire la. Mande oditwa a pou l bay sijesyon sou fason nou ka sèvi ak Annuaire la pou nou ede etidyan Labib yo pou yo pi byen apresye òganizasyon Jewova a e pou yo pi byen apresye privilèj yo genyen pou yo fè pati òganizasyon sa a.
20 min : “ Avril : yon epòk ‘ pou nou travay di e pou nou lite ’. ” (§ 14-30). Patisipasyon pou siveyan sèvis la fè sou fòm diskou. Li ka fè kèk pati li chwazi avèk kesyon/repons. Chak moun ta dwe tabli yon pwogram pratik pou l patisipe otan l kapab nan predikasyon pandan mwa d avril la. Fè konnen tout pwogram randevou pou predikasyon ki genyen pandan mwa sa a. Ankouraje tout moun ki kapab pou yo pran sèvis pyonye oksilyè, e pou yo tou mande yon fich pyonye aprè reyinyon an.
Kantik 188 ak priyè final.
Semèn 26 mas
Kantik 204
10 min : Anons lokal. Raple frè yo solèy la kouche pi ta sèjousi. Sa pral pèmèt pyonye oksilyè yo rive atenn objektif yo. Eksplike li pa twò ta pou nou ranpli yon fich pyonye oksilyè pou mwa d avril. Ankouraje tout moun pou yo suiv pwogram lekti Labib pou Memoryal la, soti 3 rive 8 avril, jan sa parèt nan bwochi Examinons les Écritures chaque jour — 2001 an. Fè konnen ki lè y ap fè etid La Tour de Garde nan semèn Memoryal la. Pa bliye, diskou espesyal la ap fèt dimanch 1e avril. Men tit li : “ Qui sera sauvé ? ” Ankouraje tout moun pou yo soti nan predikasyon nan wikenn sa a pou yo ka byen derape mwa d avril la.
20 min : “ Se pou nou tout onore Jewova ak Pitit li a. ” Diskou pou yon ansyen fè, ki baze sou Bib la e ki pouse moun aji. Ankouraje tout moun pou yo patisipe otan yo kapab nan aktivite espesyal ki pwograme pou mwa d avril la, e pou yo fè anpil efò pou yo envite moun nan Memoryal la.
15 min : Annou prepare fason n ap prezante peryodik nou yo. Nou pral ofri La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pandan mwa d avril la. Sèvi ak p. 8, § 3 ak § 10 nan Le ministère du Royaume oktòb 1996 la. Nan dènye peryodik ki parèt yo, bay egzanp 1) yon atik, 2) yon pwen ki ka sèvi pou nou fè konvèsasyon, 3) yon kesyon ki ka eksite enterè moun yo, ak 4) yon vèsè apwopriye, nou ta kapab itilize pou nou prezante chak peryodik. Fè efò pou nou sèvi ak bwochi Bondye vle a oswa liv Konesans lan, pou nou kòmanse etidye Bib la avèk moun ki enterese. Pou fini, fè yon demonstrasyon ki byen prepare sou fason nou ta ka prezante yon moun peryodik pou premye fwa nou wè avè l.
Kantik 207 ak priyè final.
Semèn 2 avril
Kantik 220
9 min : Anons lokal. Fè tout pwoklamatè sonje remèt rapò sèvis yo pou mas. Fè sijè “ Rapèl pou Memoryal la ”.
18 min : “ Lanmou pouse nou preche. ”a Byen sèvi ak tèks Labib ki gen nan atik sa a. Nou ka ajoute kèk ide nou jwenn nan liv Étude perspicace, vol. 2, p. 633, § 3. Envite yon pwoklamatè k ap preche depi plizyè ane e ki toujou aktif, pou l eksplike ki jan lanmou pou Bondye motive l pou li pèsevere nan travay predikasyon an. Ankouraje tout pwoklamatè pou yo patisipe nan travay bay temwayaj la ni nan mwa d avril la ni nan mwa k ap vini annapre yo.
18 min : “ Ede lòt moun asiste reyinyon. ”b Nan paj mitan Le ministère du Royaume jiyè 1996 la, nan § 14-16, nou jwenn lòt sijesyon ki pou ede nou mennen etidyan Labib yo nan òganizasyon an. Montre ki jan ni bwochi Bondye vle a, (leson 5, § 7) ni liv Konesans lan (chapit 5, § 22) ka sèvi depi nan kòmansman etid la, pou nou ankouraje etidyan an asiste reyinyon. Mande yon pwoklamatè ki efikas pou l fè yon demonstrasyon byen prepare kote l ap ankouraje yon etidyan avèk antouzyas, pou li reflechi seryezman sou kesyon asiste reyinyon yo.
Kantik 47 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.