Frekante lòt kretyen : ki enpòtans sa genyen ?
1 “ Pèsonn pa yon zile .” Pawòl sa yo se pawòl yon powèt ki t ap viv o 17yèm syèk. Yo senpman repete sa Bib la di sou nesesite lèzòm genyen pou yo frekante lòt moun (Pwo. 18:1). Nou ka satisfè nesesite sa a lè nou frekante lòt kretyen parèy nou yo. Nan ki domèn l ap pwofitab pou nou fè sa ?
2 Nan predikasyon : Yon domèn enpòtan kote frè nou yo ap soutni nou e y ap fòtifye nou se nan predikasyon. Jezi te voye disip li yo preche “ de pa de ”. (Mak 6:7 ; Lik 10:1.) Lè nou nan predikasyon n ap travay avèk lòt moun selon modèl sa a, se verifye n ap verifye sa ki di nan Eklezyas 4:9, 10 la. Etan n ap travay ansanm nan predikasyon, lafwa, obeyisans ak lanmou konpayon nou yo demontre, ban nou kouraj ak zèl.
3 Lè nou bezwen èd : Fratènite nou an, se yon sous ankourajman, e se yon gid pou ede nou kòlte ak presyon, pou ede nou reziste anba tantasyon. Konpayon kretyen nou yo kapab montre nou kèk vèsè ki touche yon pwen k ap enkyete nou. Yo gen dwa menm priye pou nou, tankou nou konn fè pou yo (2 Kor. 1:11). Epi bon egzanp yo pap manke pa motive nou pou nou aji byen e sa ap fòtifye nou.
4 Nan reyinyon : Lè nou gen abitid pou nou toujou prezan nan reyinyon, nou pwofite benediksyon nou jwenn nan frekante lòt kretyen (Ebre 10:24, 25). Pwogram reyinyon yo foul ak enstriksyon espirityèl, e lè nou prezan nan reyinyon yo sa fè nou sere kole ak konpayon nou yo. Rasanbleman sa yo ban nou opòtinite pou nou koute frè nou yo ak sè nou yo k ap demontre lafwa yo, keseswa sou estrad la oswa pami asistans lan (Wom. 1:12). Kòd frekantasyon nou youn ak lòt ap vin mare pi sere tank n ap pran abitid fè ti pale anvan e apre reyinyon yo. Nan okazyon sa yo, nou gen posiblite pou nou rakonte pwòp eksperyans nou fè ki kore lafwa nou. Pèsonalite nou ap vin pi swa lè nou kontinye frekante moun ki renmen Jewova, ki renmen Pawòl li, ki renmen travay li, ki renmen pèp li a. — Fil. 2:1, 2.
5 Nou bezwen konpayon kretyen nou yo. San yo, sa t ap pi difisil pou nou mache sou wout jis k ap mennen nan lavi a. Toutfwa, grasa lanmou konpayon nou yo ak ankourajman nou jwenn nan men yo, nou ka kontinye nan chemen k ap mennen nou nan monn nouvo Jewova a, kote ladwati ap domine. — Mat. 7:14.