BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/01 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Soutit
  • Semèn 13 out
  • Semèn 20 out
  • Semèn 27 out
  • Semèn 3 septanm
Ministè Wayòm nan — 2001
km 8/01 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 13 out

Kantik 30

13 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun pou yo gade kasèt videyo La Société du Monde Nouveau en action an, pou yo ka prepare yo pou dyalòg ki pral fèt nan reyinyon sèvis semèn 27 out la. Pale de “ Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an ”. Anonse dat jounen asanble espesyal k ap vini an, e ankouraje tout moun pou yo pa manke anyen nan pwogram nan. Ankouraje pwoklamatè yo pou yo envite nouvo yo ak etidyan yo pou yo vin nan asanble a.

17 min : “ Èske w vle fè plis ? ”a Bay sijesyon sou fason pou nou bay moun ki pale lòt lang nan tèritwa nou an temwayaj. Fè yon ti kòmantè sou sa yo di nan La Tour de Garde 15 jen 1997, paj 26-9.

15 min : “ Detant fèt pou rete nan plas li. ” Yon kondiktè etid liv ap fè yon konvèsasyon ak de mesyedam marye apre yon etid liv. Avèk jantiyès, li fè yo remake nan dènye jou ki sot pase yo, li pa t wè yo ni nan predikasyon, ni nan reyinyon ki fèt nan wikenn yo. Mesye dam yo esplike aktivite yo t ap mennen nan sezon vakans lan te pran tan yo. Ansyen an egzamine pwen prensipal ki nan atik la, e li ede yo pou yo toujou chèche bay enterè espirityèl yo premye plas la. Yo remèsye ansyen an pou bon rapèl sa yo, e yo dakò pou yo fètatansyon ak sa y ap bay priyorite alavni. (Gade La Tour de Garde 1e oktòb 2000, paj 19-20).

Kantik 68 ak priyè final.

Semèn 20 out

Kantik 33

8 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

15 min : “ Nou vin tounen yon ‘ sèn teyat ’! ” b Pale de kèk eksperyans nan zòn nan kote moun yo konn fè bon kòmantè sou travay oswa sou konduit Temwen Jewova yo. (Gade La Tour de Garde 15 mas 1998, paj 10, ak La Tour de Garde 15 janvye 1999, paj 32).

22 min : “ Bon lizaj : se mak fabrik moun ki gen atachman pou Bondye. ” Yon ansyen ap fè yon diskou pandan 5 minit sou § 1-5. Apre sa, l ap egzamine rès atik la avèk yon lòt ansyen ak yon asistan ministeryèl. Y ap di ki fason yo ka lite ak abitid ki ta ka demontre yo pa gen lizaj, abitid ki depaman ak reyinyon nou yo e ki fè nou pa pwofite yo an plen. Yo fè konnen frekantasyon nou youn ak lòt se yon sous ankourajman toutbon, lè nou demontre nou gen sousi pou enterè lòt moun yo avèk lanmou. — Fil. 2:4.

Kantik 72 ak priyè final.

Semèn 27 out

Kantik 40

10 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa out. Bay youn oswa de sijesyon pou w montre ki jan nou ka ofri liv Création an nan predikasyon pandan mwa septanm nan. (N ap jwenn egzanp nan Le ministère du Royaume septanm 1996, paj 8 ak Le ministère du Royaume jen 1995, paj 4).

10 min : Bezwen kongregasyon an.

25 min : “ La Société du Monde Nouveau en action : Sa listwa rapòte. ” Dyalòg avèk oditwa a. Entèvyou. Apre nou fin egzamine kesyon yo poze yo, entèvyouve moun ki te wè fim orijinal la oswa ki te asiste kongrè entènasyonal ki te fèt nan ane 50 yo. Fè yo di ki sa yo sonje nan evènman sa yo, ki enfliyans sa te genyen sou espirityalite yo, e ki jan sa te konvenk yo, òganizasyon sa a se òganizasyon Jewova. Ann oktòb, n ap gade kasèt videyo Unis grâce à l’enseignement divin.

Kantik 74 ak priyè final.

Semèn 3 septanm

Kantik 80

8 min : Anons lokal.

17 min : “ Ki enpòtans frekantasyon lòt kretyen genyen ? ”c Fè kèk kòmantè ki gen rapò ak soutit “ L’aide de la congrégation ” nou jwenn nan paj 22 La Tour de Garde 15 janvye 1996.

20 min : Si yon moun ta di... Dyalòg ak demonstrasyon. Nan predikasyon, lè moun yo pale de yon seri bagay, oswa yo poze kesyon nou pa t prevwa, nou ta dwe fè efò pou nou reponn olye pou nou kite sa, epi pou nou mete yon pwen final nan konvèsasyon an. Liv Comment raisonner a ap itil nou anpil sou pwen sa a. Di kèk remak moun yo abitye fè, e mande kèk pwoklamatè pou yo montre nan yon demonstrasyon ki jan yo ka reponn selon kòmantè yo jwenn nan liv Comment raisonner a. Paregzanp, sèvi ak objeksyon sa yo : “ Mwen pa kwè nan Bondye. ” ​(paj 111). “ Poukisa nou pa patisipe nan efò k ap fèt pou amelyore lavi moun ? ” ​(paj 402-3). “ Kèlkeswa legliz yon moun ye, sa pa gen enpòtans. ” ​(paj 320). Ankouraje tout moun pou yo sèvi ak posiblite sa a liv Comment raisonner a bay la, lè yo tonbe sou yon sitiyasyon yo pa t atann pandan yo nan predikasyon.

Kantik 121 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje