BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/02 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Soutit
  • Semèn 11 fevriye
  • Semèn 18 fevriye
  • Semèn 25 fevriye
  • Semèn 4 mas
Ministè Wayòm nan — 2002
km 2/02 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 11 fevriye

Kantik 6

12 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun pou yo li Jenèz 6:1 rive nan Jenèz 9:19, e pou yo gade kasèt videyo Noé : il marchait avec Dieu a, pou yo prepare yo pou konvèsasyon ki pral fèt nan Reyinyon sèvis semèn 25 fevriye a.

20 min : “ Preche pawòl Bondye a nèt. ”a (§ 1-13). Pati pou siveyan prezidan an fè. Fè li sou fòm yon konvèsasyon anime sou sa nou ta vle reyalize nan mwa mas ak nan mwa k ap vini yo. Tout moun ta dwe sèvi avèk kalandriye yo bay nan paj mitan an, pou yo planifye yon pwogram ki bon pou yo, pou yo patisipe otan yo kapab nan predikasyon pandan mwa mas la. Ankouraje tout moun ki kapab, pou yo pran sèvis pyonye oksilyè nan mwa sa a. Lè nou rive nan paragraf 7 ak 8, mande moun yo pou yo pale de benediksyon yo jwenn etan yo te pyonye oksilyè ane pase, nan epòk Memoryal la. Fè konnen y ap jwenn fich pyonye oksilyè apre reyinyon an.

13 min : “ Jan pou nou prezante peryodik yo. ” Mande pwoklamatè yo pou yo fè konnen ki jan ribrik sa a ede yo pou yo pi byen prepare, pou yo jwenn atik ki byen tonbe ak evènman makawon n ap viv nan tan kritik sa a. Bay eksperyans kèk moun fè etan yo t ap rekonfòte moun yo, etan yo t ap montre yo jan Bib la reponn kesyon ki twouble yo. Fè de demonstrasyon tou kout ki montre ki jan nou ka prezante La Tour de Garde 15 fevriye ak Réveillez-vous ! 22 fevriye. Si nou poko resevwa nimewo sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo.

Kantik 49 ak priyè final.

Semèn 18 fevriye

Kantik 95

8 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

12 min : “ Moun ki gen plis kè kontan sou tè a. ”b Fè yon ti pale tou piti sou kare “ Des pas qui mènent au bonheur ” nou jwenn nan paj 6 La Tour de Garde 15 oktòb 1997 la.

25 min : “ Preche Pawòl Bondye a nèt. ”c (§ 14-23). Pati pou siveyan sèvis la fè. Pale de planifikasyon espesyal yo fè nan kongregasyon an pou ogmante aktivite nan mwa mas la. Fè konnen tout pwogram reyinyon pou predikasyon yo planifye pou mwa sa a. Ensiste sou posiblite pou ede inaktif yo rekòmanse aktivite yo e pou ede ni timoun yo, ni etidyan Labib yo pou yo kalifye kòm pwoklamatè ki poko batize. Fè konnen non moun ki deja ranpli fich pyonye oksilyè pou mwa mas, epi ankouraje plis moun toujou, pou yo reflechi sou posiblite yo genyen pou yo pran menm sèvis la e pou yo priye Jewova sou sa.

Kantik 143 ak priyè final.

Semèn 25 fevriye

Kantik 174

15 min : Anons lokal. Fè de demonstrasyon tou kout sou fason pou nou prezante peryodik. Nan youn, n ap sèvi ak La Tour de Garde 1ye mas, nan lòt la, n ap sèvi ak Réveillez-vous ! 8 mas. Fè yon jèn fè youn nan demonstrasyon sa yo. Si nou poko resevwa nimewo sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo. Raple pwoklamatè yo pou yo remèt rapò sèvis yo pou mwa fevriye.

15 min : “ Kasèt videyo yo bay temwayaj avèk fòs. ” Konvèsasyon avèk oditwa a. Pou jis kounye la a, nou gentan wè uit nan videyo nou yo nan pwogram Reyinyon sèvis la. Apre w fin fè yon konvèsasyon tou kout sou egzanp ki bay nan atik la, mande pwoklamatè yo pou yo rakonte ki bonjan rezilta yo te jwenn etan yo t ap montre moun videyo sa yo.

15 min : “ Tout moun kapab aprann nan kasèt videyo Noé : il marchait avec Dieu a. ” Tou kòmanse yon konvèsasyon ansanm avèk oditwa a sou kasèt videyo Noé a. Sèvi ak kesyon yo bay nan kare ki nan paj 7 la sèlman. Ann avril nou pral gade kasèt videyo Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis ?

Kantik 215 ak priyè final.

Semèn 4 mas

Kantik 207

5 min : Anons lokal.

12 min : Bezwen kongregasyon an.

12 min : Sèvi ak liv Konesans lan pou nou kòmanse etid biblik. Pandan mwa mas la, nou vle fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Pale de eksperyans ki parèt nan § 8 ki nan paj 4 Ministè Wayòm out 1998 la, san w pa pèdi anpil tan. Si yon moun apèn kòmanse etidye nan liv Konesans lan, repwodui fason sa te rive fèt. Raple tout moun “ Sijesyon yo ban nou pou nou ofri liv Konesans lan ”, ki te parèt nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a, sou fason pou nou prezante liv Konesans lan. Sèvi avèk liv la, pou w demontre youn nan sijesyon yo bay nan paj 6 la, nan paj mitan an, sou “ Metòd dirèk ” la.

16 min : “ Poukisa nou kontinye ap preche ? ”d Nan fen patisipasyon an, entèvyouwe youn oswa de pwoklamatè ki kenbe la ap preche depi yon pakèt ane. Mande yo pou yo fè nou konnen jan yo santi yo, poukisa yo kontinye nan travay sa a, e ki pwofi yo tire.

Kantik 223 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje