Ann soutni pwogram alfabetizasyon nan kongregasyon an !
1 Depi semèn 7 janvye 2002, kongregasyon yo ap sèvi ak bwochi Fè jèfò a, pou yo ede moun ki nan tèritwa yo konn li ak ekri. Ki enpòtans pwogram sa a ? Ki wòl nou chak nou ka jwe ? Ki rapò ankourajan nou deja jwenn ?
2 Enpòtans pwogram nan : Toupatou yo rekonèt Temwen Jewova yo kòm moun ki enterese ede pwochen yo. Sonje atik “ Les volontaires : que peuvent-ils changer ? ” nou te jwenn nan Réveillez-vous ! 22 jiyè 2001 an. Nan paj 6 Réveillez-vous ! sa a, yo rakonte ki jan yon pwofesè ki rele Sirley, te sèvi ak bwochi Fè jèfò a, pou l ede plizyè moun nan zòn lakay li aprann li ak ekri. Youn nan elèv li yo, ki rele Amelia, te gen 82 an. Atik la fè konnen, apre yo fin pase 120 èdtan ap suiv kou, elèv yo vin ka li, yo ka ekri, e yo debouye yo avèk chif.
3 Yon bwochi ki senp: Bwochi Fè jèfò a senp ! Li fasil pou nenpòt moun konprann. Enfòmasyon ki anlè tèt kare yo, kote nou jwenn ti men an, se pou monitè a li ye. Li tou di monitè a ki travay pou l fè ak elèv la (patisipan an). Toujou sonje pou nou pa wè twòp bagay ak patisipan an yon sèl kou, epi montre nou ankourajan. Tout monitè yo ta dwe li enfòmasyon ki nan paj 3, ak paj 61-64 nan bwochi a yon fason pou yo pi efikas nan travay alfabetizasyon an.
4 Wòl chak moun : Nou tout ka potekole pou nou reyisi pwogram alfabetizasyon an. Depi nou soti nan predikasyon e nou rankontre moun ki enterese, men ki pa konn ni li ni ekri, jantiman, nou ka envite yo vin nan sant alfabetizasyon kongregasyon an. Men, ki sa pou nou fè si nou rankontre yon moun ki pa kapab vin nan sant lan? Nan ka sa a, pran randevou avèk li pou nou vin montre l li ak ekri. Pa bliye, premye objektif nou se kondui yon etid biblik. Men, n ap divize tan nou te prevwa pou nou fè etid la an de pati, n ap pase mwatye tan ap fè etid la, lòt mwatye a n ap pran l pou nou montre moun nan li ak ekri. Nan fen chak mwa, toujou sonje ranpli yon rapò etid pou chak moun sa yo. Epi ekri sou fich la, moun sa a ap aprann li ak ekri. Bay siveyan etid liv ou a rapò sa a. Li pral fè sekretè a jwenn li. Sekretè a ap mete tout rapò sa yo ansanm, l ap remèt yo bay siveyan Lekòl ministè teyokratik la, pou l voye yo nan filyal la. Nou ankouraje chak pwoklamatè pou l gen objektif pou li aprann yon moun li ak ekri chak ane. Konsa, san konte elèv ki vini nan sant alfabetizasyon yo, n ap ka rive fè 12 000 moun aprann li ak ekri, e sa pral fè 12 000 etid biblik an plis.
5 Yon rapò ankourajan : Li posib pou sant alfabetizasyon yo byen derape, e rezilta yo kapab bay bonjan satisfaksyon. Gade kòman sa te pase nan yon kongregasyon ki pa t gen sant alfabetizasyon anvan janvye 2002. Kolèj ansyen an ansanm avèk siveyan Lekòl ministè teyokratik la, te òganize lekòl la jan sa te prevwa pou semèn 7 janvye 2002 a. Nan 10 semèn, sant sa a te gentan gen 20 elèv k ap aprann li ak ekri. Twa nan elèv sa yo asiste reyinyon regilyèman e youn nan yo gentan vin yon pwoklamatè ki poko batize.
6 Konklizyon : Jezi Kris te gen pitye pou moun bò kote l yo, ki te sanble ak mouton san bèje e sa te pouse l pou l anseye yo anpil bagay (Mak 6:34). Nou menm tou, nou gen pitye pou tout moun ki nan tèritwa nou yo, e nou vle fè efò pou nou anseye yo bon nouvèl Wayòm nan. E, pou yon bon valè ladan yo, sa mande pou nou montre yo li epi montre yo ekri. Annou fè tout posib nou pou nou ede moun sa yo grasa pwogram alfabetizasyon ki tabli nan kongregasyon an.