BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/02 p. 4
  • Kontante w ak sa w genyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kontante w ak sa w genyen
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Ou ka vin rich !
    Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2002
km 6/02 p. 4

Kontante w ak sa w genyen

1 Se vre, Bib la egzòte nou pou nou bay moun lakay nou sa yo bezwen materyèlman, men nou pa ta dwe kite sa tounen prensipal objektif nou nan lavi a. Se pou nou mete aktivite espirityèl yo an premye nan lavi nou (Mat. 6:33 ; 1 Tim. 5:8). Nou dwe rekonèt li pa toujou fasil pou nou jwenn bonjan ekilib nan “ tan difisil ” sa a n ap viv la (2 Tim. 3:1). Men, ki sa k ap ede nou jwenn ekilib sa a ?

2 Chèche wè bagay yo menm jan ak Labib : Pawòl Bondye a pale nou, si n ap kouri dèyè richès, sa ka lakòz malè nou nan domèn espirityèl (Ekl. 5:10 ; Mat. 13:22 ; 1 Tim. 6:9, 10). Nan moman kritik n ap viv la a, se t ava yon katastwòf si nou ta kite travay nou oswa sousi ekonomik fè nou pa bay aktivite espirityèl yo, tankou reyinyon, etid pèsonèl ak predikasyon, premye plas nan lavi nou (Lik 21:34-36). Okontrè, men konsèy Bib la bay : “ Piske nou gen manje ak rad, n ap kontante nou avèk bagay sa yo. ” — 1 Tim. 6:7, 8.

3 Sa pa vle di kretyen yo oblije chwazi viv nan mizè. Men, konsèy Bib la ka ede nou konnen egzakteman ki bezwen materyèl nou, nan kesyon manje, abiye ak kote pou nou rete. Si nou gen sa nou bezwen pou nou viv, nou pa ta dwe ap kouri tout tan dèyè plis bagay pou nou ogmante nivo lavi nou. Lè n ap reflechi pou nou konnen si n ap achte yon bagay oswa si n ap pran yon lòt travay, li bon pou nou mande tèt nou si sa vrèman nesesè. Si nou fè sa, l ap pi fasil pou nou mete konsèy sa a Bib la bay la an pratik : “ Se pou fason n ap viv la pa gen okenn tras lanmou lajan ladan l. Okontrè, kontante nou ak sa nou genyen kounye a. ” — Ebre 13:5.

4 Si nou fè Jewova konfyans, li pap manke pa soutni nou (Pwo. 3:5, 6). Menmsi se dlo n ap bat chak jou pou n fè bè, nou pa dwe kite aktivite n ap mennen yo pran premye plas nan lavi nou. Kit nou rich, kit nou pòv, se sou Jewova nou konte pou nou jwenn sa nou bezwen (Fil. 4:11-13). Kòm rezilta, n ap gen kè kontan, e Jewova ap vide benediksyon sou nou.

5 Imite lafwa lòt kretyen : Te gen yon manman ki t ap leve pitit fi li pou kont li nan chemen laverite. Sa l fè, li senplifye lavi l ti kras pa ti kras. Pa egzanp, byenke li te gen tout konfò li te bezwen nan premye kay li te abite a, li deplase al viv nan yon kay ki pi piti. Apre sa, l al viv nan yon lòt kay ki pi piti toujou epi ki pa endepandan. Sa te pèmèt li diminye kantite tan li te konn fè ap travay, e li te vin ka pase plis tan nan predikasyon. Lè pitit fi l la vin pi gran, e li marye, manman an pran retrèt li anvan lè, menmsi sa t apral fè l touche mwens kòb. Kounye la a, sè nou an gentan sou setyèm ane l kòm pyonye pèmanan, e li pa regrèt sakrifis li te fè pou l mete Wayòm nan an premye nan lavi li.

6 Yon ansyen ansanm ak madanm li te pyonye pandan plizyè ane alòske yo t ap leve twa pitit. Tout fanmi an te aprann kontante yo ak sa yo vrèman bezwen pou yo viv, olye pou y ap kouri dèyè sa k pa vrèman nesesè. Men kòmantè frè a fè : “ Nou te oblije viv pi senp. Byenke nou te pase nan kèk moman difisil, Jewova te toujou ban nou sa nou bezwen (...) Lè m ap gade fason fanmi m mete bagay espirityèl yo an premye nan lavi yo, mwen santi tout bagay nan plas yo, e mwen rann mwen kont gen yon travay ki fèt. ” Men sa madanm nan ajoute : “ Lè m wè mari m byen okipe nan aktivite espirityèl, mwen santi yon gwo kè kontan anvayi m. ” Timoun yo tou, yo kontan wè paran yo pran desizyon pou yo sèvi Jewova a plen tan.

7 Tout moun ki chwazi viv nan atachman pou Bondye olye pou y ap plede kouri dèyè bagay materyèl, Bib la pwomèt y ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a e nan lavi k ap vini an. — 1 Tim. 4:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje