Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 8 jiyè
Kantik 201
15 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè de demonstrasyon tou kout sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 jiyè ak Réveillez-vous ! 22 jiyè. Baze demonstrasyon yo sou sijesyon nou jwenn nan paj 4 la. Nan chak demonstrasyon, montre ki jan nou ka reponn objeksyon sa a : “ Nou deja asepte Jezi. ” (Gade nan liv Comment raisonner a, p. 19, nan ribrik “ Nous sommes déjà chrétiens ”.) Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
10 min : Repons kesyon w yo. Diskou pou yon ansyen fè. Adapte pwen yo selon bezwen kongregasyon an.
20 min : Òganize w pou w bay temwayaj enfòmèl. Fè yon konvèsasyon avèk oditwa a dapre paj 94-5 liv Notre Ministère la. Fè de ou twa demonstrasyon tou kout sou fason pou nou bay yon moun temwayaj enfòmèl. Se gen dwa yon moun nou pa konnen, yon vwazen, yon fanmi oswa yon moun nou rekonèt. Sèvi ak sijesyon ki nan paj 3 Ministè Wayòm janvye 2002 a.
Kantik 139 ak priyè final.
Semèn 15 jiyè
Kantik 144
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : Rezon nou genyen pou nou sèvi ak Labib nan predikasyon. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Jezi te konn Bib la byen e li te konn site l anpil lè l ap anseye moun (Lik 24:27, 44-47). Se pa t pawòl pa l li te konn anseye (Jan 7:16-18). Li enpòtan pou nou menm tou nou sèvi ak Pawòl Bondye a. L ap fè plis efè pase sa nou menm nou te kapab di (Jan 12:49, 50 ; Ebre 4:12). Espwa ak konsolasyon Bib la bay atire moun ki gen bon kè. Fikse objektif pou w li omwen yon tèks biblik lè w ap preche yon moun. Yo mete tèks biblik nan prezantasyon peryodik pou mwa sa a. Atire atansyon kongregasyon an sou sa. Mande oditwa a fè kòmantè sou fason yo sèvi ak Bib la nan predikasyon. Fè yo esplike ki efè sa fè ni sou yo menm ni sou moun yo preche yo.
Kantik 215 ak priyè final.
Semèn 22 jiyè
Kantik 47
10 min : Anons lokal. Yon paran k ap preche ansanm ak pitit li ap prezante peryodik. Youn ap prezante La Tour de Garde 1ye out la. Apresa, lòt la ap prezante Réveillez-vous ! 8 out la, dapre sijesyon nou jwenn nan paj 4 la. Ankouraje paran yo pou yo fòme pitit yo yon fason pou yo pwogrese nan predikasyon. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
17 min : Ki sa w ap di yon moun ki poze w kesyon sou relijyon islam ? Diskou ak demonstrasyon. Sèvi ak liv L’humanité à la recherche de Dieu a, chapit 12, pou w bay yon esplikasyon tou kout sou fason Labib sanble ak Koran (gade nan kare ki nan paj 285 lan). Montre diferans ki genyen ant sa relijyon islam nan anseye sou nanm (paj 297-300) ak sa Bib la anseye (gade nòt ki anba paj 299 la). Fè yon demonstrasyon ki baze sou liv Comment raisonner a, paj 27-31. Nan demonstrasyon sa a, montre ki jan nou ka esplike yon moun laverite fèk enterese sa Bib la di sou nanm.
18 min : Ki jan mwen ka evite danje ki gen sou Entènèt ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. L ap baze sou Réveillez-vous ! 22 janvye 2000, paj 19-21. Montre ki pyèj ki genyen lè yon moun sèvi ak Entènèt san kontwòl epi esplike ki jan nou ka evite pran nan pyèj sa yo. Mande moun ki nan oditwa a pou yo di ki pwofi yo jwenn lè yo mete konsèy sa yo an pratik.
Kantik 61 ak priyè final.
Semèn 29 jiyè
Kantik 54
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rapò yo pou mwa jiyè.
10 min : “ Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an. ” Diskou. Bay dat asanble sikonskripsyon an. Ankouraje tout moun pou yo la e pou yo suiv diskou yo avèk atansyon. Ankouraje pwoklamatè ki poko batize yo pou yo reflechi sou kondisyon pou yo ranpli pou yo ka batize. Fè yon efò espesyal pou nou envite etidyan yo.
25 min : “ Se pou nou byen makònen youn ak lòt. ”a Lè nou rive nan paragraf 3 a, ajoute kèk pwen nou jwenn nan Réveillez-vous ! 22 avril 2000 paj 9-10. Nan paragraf 4 la, ajoute kèk pwen nou jwenn nan La Tour de Garde 1ye avril 1995 p. 16-17 § 4-6.
Kantik 81 ak priyè final.
Semèn 5 out
Kantik 38
10 min : Anons lokal.
20 min : “ N ap rasanble moun ki pale tout lang. ”b Ajoute kèk kòmantè nou jwenn nan La Tour de Garde 1ye avril 2002 paj 24. Si sa apwopriye, esplike ki sa ki fèt pou ede moun nan teritwa a ki pa pale lang peyi a epi fè yon demonstrasyon ki baze sou paragraf 4 la.
15 min : Eksperyans pwoklamatè yo fè. Mande pwoklamatè yo pou yo rakonte kèk eksperyans ankourajan yo te fè pandan yo t ap asiste kongrè distri, pandan yo te pyonye oksilyè, oubyen pandan yo t ap patisipe nan yon lòt aktivite teyokratik nan peryòd vakans lan.
Kantik 184 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.