BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/02 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Soutit
  • Semèn 12 out
  • Semèn 19 out
  • Semèn 26 out
  • Semèn 2 septanm
Ministè Wayòm nan — 2002
km 8/02 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 12 out

Kantik 76

13 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Fè de demonstrasyon tou kout sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 out ak Réveillez-vous ! 22 out. Sèvi ak sijesyon ki nan paj 8 la pou nou fè demonstrasyon yo. Nan chak demonstrasyon, montre ki jan nou ka reponn objeksyon sa a : “ Poukisa n ap mache preche konsa? ” ​(Gade nan liv Comment raisonner a, paj 20, nan ribrik “ Pourquoi repassez-vous si souvent ? ”.) Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

20 min : “ Chèche gen objektif espirityèl. ”a Lè nou rive nan paragraf 5 lan, fè kèk kòmantè ankourajan sou sèvis pyonye pèmanan, sèvis misyonè, sèvis Betèl. Baze kòmantè sa yo sou paj 114-16 liv Notre ministère la.

12 min : Eksperyans pwoklamatè yo fè. Mande pwoklamatè yo rakonte eksperyans yo te fè avèk feyè ki rele Aimeriez-vous en savoir plus sur la Bible ? Èske yo te kòmanse etid biblik ? Si wi, esplike ki jan sa te pase, oubyen, fè youn oswa de demonstrasyon pou montre jan sa te pase. Pale sou kare ki te parèt nan paj 4 Ministè Wayòm novanm 2001 an, e ki te gen tit sa a : “ Nan ki okazyon nou ka distribye feyè a ”.

Kantik 123 ak priyè final.

Semèn 19 out

Kantik 182

12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Pale sou “ Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an. ” Anonse dat jounen asanble espesyal la, epi ankouraje tout moun pou yo rive bonè e pou yo rete atantif pandan tout pwogram nan. Ankouraje pwoklamatè yo pou yo envite moun ki fèk enterese nan laverite ak etidyan Labib yo.

15 min : Ki sa k fè yo gen retisans? Konvèsasyon avèk oditwa a. Demonstrasyon. Nan predikasyon, souvan nou rankontre moun ki renka pou yo pale de kwayans yo. Sa ka tounen yon baryè ki anpeche nou ba yo mesaj Wayòm nan. Si nou konnen rezon ki fè yon moun gen retisans, sa ka ede nou prepare sa n ap di a yon fason pou nou ankouraje moun nan di sa l panse. Esplike ki jan nou ka adapte prezantasyon nou, lè nou rankontre jan de moun sa yo : 1) Moun ki pa enterese nan relijyon, menm nan relijyon yo swadizan ladan l lan. 2) Moun ki atache anpil ak tradisyon fanmi yo kite pou yo nan kesyon relijyon. 3) Moun ki pa alèz pou yo pale de kwayans yo, paske yo pa gen ase prèv biblik pou apiye sa yo kwè a. 4) Moun ki gen prejije kont nou akòz move bagay opozan yo di sou nou. Nou ka modifye lis sa a, selon jan nou remake moun ki nan teritwa a konn reyaji lè n ap preche yo. Fè yon demonstrasyon tou kout pou montre kòman nou ka fè yon moun patisipe nan yon konvèsasyon biblik.

18 min : “ Ann montre nou fidèl, antanke kretyen, lè yon manm fanmi nou eskli. ”b (Paragraf 1-8). Yon ansyen ki trè kalifye ap fè patisipasyon sa a. L ap sèvi ak kesyon yo bay yo e l ap mande yon frè ki konn li byen pou l li chak paragraph.

Kantik 136 ak priyè final.

Semèn 26 out

Kantik 189

10 min : Anons lokal. Yon pyonye pèmanan oswa yon pyonye oksilyè ap fè yon demonstrasyon sou fason nou ka prezante Toudegad 1ye septanm. Yon pwoklamatè ap prezante Réveillez-vous ! 8 septanm. Sèvi ak sijesyon ki nan paj 8 la pou nou fè demonstrasyon yo. Ankouraje tout pwoklamatè pou yo sèvi ak yon vèsè biblik nan prezantasyon y ap fè. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

17 min : “ Ann aprann kominike ak lòt moun ! ”c Lè nou fin egzamine atik sa a, ankouraje tout pwoklamatè pou yo li chapit “ Des conversations édifiantes ” nan liv Manuel pour l’École du ministère théocratique, paj 78-84.

18 min : “ Ann montre nou fidèl, antanke kretyen, lè yon manm fanmi nou eskli. ”d (Paragraf 9-14). Yon ansyen ki trè kalifye ap fè patisipasyon sa a. L ap sèvi ak kesyon yo bay yo e l ap mande yon frè ki konn li byen pou l li chak paragraf.

Kantik 125 ak priyè final.

Semèn 2 septanm

Kantik 84

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa out. Fè yon rezime tou kout sou pwen enpòtan nou jwenn nan atik “ Lisez avec vos enfants ” ki te parèt nan La Tour de Garde 1ye me 1999, paj 25.

20 min : Prepare w anvan w ale. Dyaloge avèk oditwa a epi fè demonstrasyon. Yon bon preparasyon ap ede nou vin pi efikas nan predikasyon. Pou rezon sa a, men ki sa nou dwe fè alavans : 1) Chèche gen tout piblikasyon w ap bezwen. 2) Asire w ou gen ase nòt kay an kay (notes de maison en maison) avèk yon plim oswa yon kreyon. 3) Si w ap bezwen transpò, fè aranjman pou sa. 4) Reflechi sou vizit ou gen pou w fè. 5) Prepare sa w pral di. Si se ou menm ki gen pou fè reyinyon predikasyon an, chèche gen ase tèritwa. Dyaloge avèk oditwa a sou de ou twa fason nou ka prezante liv Création an nan predikasyon pandan mwa septanm nan. Sèvi ak youn nan prezantasyon sa yo pou w fè yon demonstrasyon epi pa bliye sèvi ak yon vèsè biblik nan prezantasyon an. — Gade nan Ministè Wayòm septanm 1996, paj 8 ak jen 1995, paj 4 (an fransè).

15 min : Bezwen kongregasyon an. Oubyen mande pwoklamatè yo bay kèk eksperyans yo te fè nan temwayaj enfòmèl. Petèt yo te preche nan paking, nan transpò piblik, sou plas piblik, nan makèt, nan mache, nan estasyon machin oswa lòt kote ki abitye gen moun. Fè youn oswa de demonstrasyon pou montre jan sa te pase.

Kantik 99 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje