Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 9 septanm
Kantik 209
13 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè de demonstrasyon tou kout sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 septanm ak Réveillez-vous ! 22 septanm. Sèvi ak sijesyon ki nan paj 8 la pou nou fè demonstrasyon yo. Pou chak demonstrasyon, montre yon fason nou ka reponn objeksyon sa a : “ Priye avè m anvan. ” (Gade nan liv Comment raisonner, paj 289.) Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
17 min : “ Ann ede lòt moun glorifye Jewova. ”a Si gen tan pou sa, mansyone youn ou de pwen ki ka itil, nou jwenn nan liv Comment raisonner a, paj 200-2.
15 min : Poukisa pa gen lafwa konsa nan monn nan ? Konvèsasyon avèk oditwa a. Byen souvan nou rankontre moun ki manke lafwa (2 Tes. 3:2). Pou nou ede yo konnen laverite sou Jewova, premye bagay pou nou fè se chèche konprann rezon ki fè yo gen opinyon yo genyen sou Bondye a. Egzamine 4 aspè ki genyen nan kesyon sa a, jan yo prezante yo nan liv Comment raisonner a, paj 169-70, ki kapab anpeche yon moun gen lafwa. Pou chak ka, envite oditwa bay sijesyon l sou fason nou ka abòde kesyon an. Rakonte yon esperyans ki te fèt ou twouve ki efikas, oubyen sèvi ak sa nou jwenn nan Réveillez-vous ! 22 out 1993 la, paj 14-15.
Kantik 122 ak priyè final.
Semèn 16 septanm
Kantik 163
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Pou pwogram reyinyon sèvis semèn pwochèn nan, ankouraje tout moun pou yo regade nòt yo te pran nan dènye asanble sikonskripsyon yo te asiste a.
18 min : Ki jan sa te ye pou nou ane pase ? Siveyan sèvis la ap fè diskou sa a. Bay pwen enteresan ki genyen nan rapò sèvis kongregasyon an pou ane sèvis 2002 a. Felisite tout moun pou bon travay yo te fè. Konsantre sou sa kongregasyon an te reyalize nan asistans reyinyon, nan fè vizit ak nan etid biblik. Bay kèk sijesyon ki kapab ede yo amelyore nan domèn sa yo. Fikse objektif ki reyalis pou ane k ap vini an.
17 min : Pwoblèm paran konn rankontre lè y ap elve pitit pou kont yo. Yon ansyen ap fè yon ti pale ak youn ou de paran k ap elve pitit yo pou kont yo (oubyen moun mari yo oswa madanm yo pa Temwen Jewova). Objektif entèvyou sa yo se pou fè wè ki jan moun sa yo fè fas ak pwoblèm yo rankontre pandan y ap elve pitit yo. Gendwa se pwoblèm pou yo fòme pitit yo, pou yo disipline yo e pou yo gide yo espirityèlman. Ki jan yo fè pou yo pran swen fanmi yo e anmenmtan pou y al nan reyinyon e pou yo soti nan predikasyon ? Montre kèk sijesyon nou jwenn nan liv Bonheur familial la, paj 104-10. Ann amoni ak sa nou jwenn nan paj 113-15, montre ki jan lòt manm kongregasyon an ka bay moun sa yo koutmen.
Kantik 149 ak priyè final.
Semèn 23 septanm
Kantik 107
10 min : Anons lokal. Mande yon ansyen fè yon demonstrasyon kote l ap prezante Toudegad 1ye oktòb la. Mande yon asistan ministeryèl fè yon demonstrasyon kote l ap prezante Réveillez-vous ! 8 oktòb la. Y ap sèvi ak sijesyon nou jwenn nan paj 8 Ministè Wayòm sa a. Apre chak demonstrasyon, atire atansyon oditwa a sou premye pawòl yo te di pou yo kapte atansyon moun yo t ap pale avèk li a. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
10 min : Bezwen kongregasyon an.
25 min : “ Krenn Bondye epi ba li glwa. ” (Rev. 14:7). Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Se yon patisipasyon ki pral fè yon rale sou pwogram asanble sikonskripsyon nou te asiste nan ane sèvis ane pase a. Mande oditwa a fè kòmantè sou kèk pwen kle yo te aprann. Mande yo esplike ki jan yo te mete pwen sa yo an pratik, kit se nan lavi pa yo pèsonèlman, kit se nan fanmi yo. (Si nou vle, nou ka bay kèk pati nan pwogram nan pou kèk moun prepare byen alavans.) Men kèk pati enpòtan nou ta ka mete nan pwogram nan : 1) “ Ann ede nouvo yo devlope krent pou Bondye. ” Moun ki te asiste Memoryal la, ki jan nou ka fè pou nou ede yo pwogrese nan pwen pou yo vin sèvi Jewova ? 2) “ Lè nou gen krent pou Jewova, sa vle di se pou nou rayi sa ki mal. ” (w87 15/4, paj 16-18). Ki jan Pwovèb 6:16-19 kapab ede nou vire do bay bagay Jewova rayi, tankou ògèy, bay manti, materyalis, divètisman ki malsen, oswa lè nou mal sèvi ak Entènèt ? 3) “ Bat pou w toujou vin pi pwòch ak moun ou renmen. ” Nou renmen Jewova, nou renmen Jezi, nou renmen fanmi nou ansanm ak kretyen parèy nou yo. Lè nou toujou bat pou nou vin pi pwòch avèk moun sa yo, ki jan sa kapab pwoteje nou nan monn nan ? 4) “ Krenn Jewova, pa krenn lèzòm. ” Ki jan lakrent pou w pa fè Jewova fache ede w venk timidite lè w ap preche ? Ki jan sa ede w nan travay ou oswa nan lekòl ou, pou w rete kole ak prensip Bondye yo ? Ki jan sa ede w reziste anba presyon ou konn jwenn nan men patwon w pou w pa rate reyinyon, asanble oswa kongrè ? 5) “ Fè tout bagay pou glwa Bondye. ” (Sòm 119:37 ; Ebre 4:13). Ki jan krent nou genyen pou Bondye kapab anpeche nou lage kò nou nan bwè san gade dèyè ? Ki jan sa ka ede nou refize gade imaj pònografik oswa pou nou pa pratike okenn lòt peche an kachèt ? 6) “ Ann kontinye mache kòm moun ki gen krent pou Jewova. ” Ki benediksyon ou jwenn nan men Jewova dèske w kite lespri sen l travay jan pou l travay nan lavi w ? — Sòm 31:19 ; 33:18 ; 34:9, 17 ; 145:19.
Kantik 171 ak priyè final.
Semèn 30 septanm
Kantik 116
15 min: Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa septanm nan. Egzamine sijè “ Sal Wayòm : Pwogram konstriksyon an ap avanse .”
15 min: Sa ki fè nou ka di pa gen tankou peryodik nou yo ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Pandan mwa oktòb la, nou pral prezante Toudegad ak Réveillez-vous ! Egzamine rezon ki fè nou di pa gen tankou peryodik nou yo : 1) Yo onore non Jewova. 2) Yo ankouraje moun mete lafwa yo nan Jezi. 3) Yo pwoklame Wayòm Bondye a. 4) Yo atire atansyon moun sou Bib la kòm pi gwo otorite ki genyen. 5) Yo esplike ki jan pwofesi nou jwenn nan Bib la akonpli. 6) Yo esplike ki rezon ki kache dèyè evènman k ap pase nan monn nan. 7) Yo montre ki jan nou ka fè fas ak pwoblèm nou rankontre jodi a. 8) Yo kapte atansyon tout moun, kèlkeswa ran sosyal moun nan. 9) Nan domèn politik, yo pa pou, yo pa kont. Fè de demonstrasyon tou kout. Nan chak, montre ki jan nou kapab sèvi ak youn nan pwen sa yo pou nou kòmanse yon konvèsasyon.
15 min: “ Demontre rekonesans pou byen teyokratik yo. ”b Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. Vini ak kèk remak sou sa nou obsève nan kongregasyon an. Montre ki jan frè yo ka montre yo saj nan fason yo sèvi ak piblikasyon nou yo. Ankouraje tout moun pou yo pa mande plis piblikasyon pase sa yo bezwen. Sonje se yon opòtinite nou tout genyen pou nou fè ofrann pou soutni travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a. — Gade atik “ Une façon plus simple de diffuser les publications ” ki te parèt nan Le ministère du Royaume mas 1991, paj 3. Lòt referans ankò : Lèt 15 desanm 1999.
Kantik 21 ak priyè final.
Semèn 7 oktòb
Kantik 129
10 min : Anons lokal.
15 min : Pran pozisyon pou laverite nan lekòl ou. Fè yon ti pale ak youn ou de jèn pwoklamatè ki gentan retounen lekòl e ki rann yo kont nan ki pwen li enpòtan pou yo pa fè zanmi ak kondisip yo ki pa kwayan. Lè yo rankontre pwoblèm nan sans sa a, ki sa yo konte fè ? Lè yo jwenn presyon pou yo patisipe nan seremoni patriyotik, bal ak pwomnad lekòl la ap òganize, ki sa yo konte fè ? E lè gen aktivite espòtif ki pa antre nan kad pwogram lekòl la, ki sa yo konte fè ? Ki sa y ap fè pou yo konsève yon bon konduit ? Vini ak kèk kòmantè ki montre ki sa yo konte fè pou yo preche nan lekòl yo.
20 min : “ Evite kouri dèyè bagay ki ‘ san valè. ’ ”c Lè w fin egzamine paragraf 4, vini ak kèk kòmantè nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm novanm 1999, paragraf 30- 2. Lè w ap egzamine paragraf 5 lan, fè kèk kòmantè ki baze sou kare ki nan paj 8 La Tour de Garde 1ye oktòb 1994 la. Lè w rive nan paragraf 6, fè li l, e apre sa fè li paragraf 18 nan paj mitan Ministè Wayòm novanm 1999 la.
Kantik 105 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.