Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Kote nou gen vizit ak moun ki enterese, nou kapab ofri bwochi Bondye vle a e nou kapab fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid ak moun nan. Novanm : Ki sa Bondye vle nou fè ? oswa Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Si moun yo deja genyen piblikasyon sa yo, nou ka ofri yon ansyen piblikasyon. Si nou pa gen okenn ansyen piblikasyon, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn bò lakay nou pa gen piblikasyon sa yo an plis nan estòk pa yo. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Recueil d’histoires bibliques ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Si kongregasyon an pa gen youn nan 3 piblikasyon sa yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn bò lakay nou pa genyen yo an plis nan estòk pa yo. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1988 kongregasyon an genyen nan estòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn bò lakay nou pa genyen yo an plis nan estòk pa yo. si gen yon kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, li kapab ofri liv L’humanité à la recherche de Dieu.
◼ Paj mitan Ministè Wayòm nan se “ Programme pour l’École du ministère théocratique pour 2003 ”. Nou dwe konsève l pou nou sèvi avè l pandan tout ane a.
◼ Si orè reyinyon kongregasyon nou an ap chanje 1ye janvye, sekretè kongregasyon an ap fè biwo filyal la konn sa etan l ap voye fòmilè Réunions de la congrégation/Demande de feuilles d’invitation (S-5). Si sa nesesè, nou kapab mande lòt fich envitasyon sou menm fòmilè S-5 lan. Nou ta dwe mande fich envitasyon yo omwen uit semèn anvan lè nou ta renmen resevwa yo a.