Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 14 oktòb
Kantik 103
10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun, anvan yo gade kasèt videyo Egzanp pou ban nou leson nan tan pa nou an, pou yo li Nonb chapit 25 ak paj 302 § 4-6 nan liv Étude perspicace des Écritures, volume 2, pou yo ka prepare yo pou konvèsasyon ki pral fèt nan reyinyon sèvis semèn 28 oktòb la. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 oktòb ak Réveillez-vous ! 22 oktòb. Nan chak ka, sèvi ak yon fason diferan pou nou montre ki jan nou ka reponn objeksyon sa a : “ Mwen deja byen konnen travay n ap fè a. ” (Gade nan paj 20 liv Comment raisonner a, nan ribrik “ Je connais très bien votre oeuvre .”) Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Fason siveyan etid liv yo demontre yo enterese nan nou pèsonèlman. ” Yon siveyan etid liv ap fè pati sa a sou fòm kesyon/repons. Pou kòmanse, fè yon ti esplike ki jan reyinyon etid liv te kòmanse fèt (jv p. 237 § 4). Fè de oubyen twa pwoklamatè prepare kòmantè alavans pou yo di ki jan atansyon yo ba yo pèsonèlman nan etid liv la bon pou yo.
Kantik 65 ak priyè final.
Semèn 21 oktòb
Kantik 206
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
35 min : “ Annou tire yon pwofi total nan kongrè distri ‘ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ’. ” Kondiktè etid Toudegad la ap fè patisipasyon sa a. Apre w fin fè yon entwodiksyon ki dire yon minit, sèvi ak kesyon yo poze nan atik la pou w fè yon konvèsasyon avèk oditwa a sou pwogram kongrè distri a. Prevwa yon tan apwopriye pou chak pati. Ou ka fè kèk kòmantè tou kout pou w raple oditwa a pwen ki pi enpòtan yo. Lè sa apwopriye, mande oditwa a ki jan yo te aplike sa yo te aprann yo e ki pwofi yo jwenn poutèt yo aji konsa.
Kantik 194 ak priyè final.
Semèn 28 oktòb
Kantik 110
8 min : Anons lokal. Envite tout moun pou yo repase nòt yo te pran nan dènye asanble espesyal la pou yo ka prepare yo pou konvèsasyon ki pral fèt nan reyinyon sèvis semèn pwochèn nan. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa oktòb la. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye novanm ak Réveillez-vous ! 8 novanm. Yon sè ap prezante Toudegad 1ye novanm nan, e yon frè ap prezante Réveillez-vous ! 8 novanm nan. Apre chak demonstrasyon, san w pa pèdi anpil tan, fè wè yon pwen sou fason yo prezante peryodik yo ki te byen bon. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
12 min : Eksperyans lokal. Envite pwoklamatè yo pou yo rakonte eksperyans yo te fè pandan yo te nan wout pou y ale nan kongrè distri a, e pandan yo t ap retounen. Oubyen yo ka rakonte ki jan yo te bay temwayaj enfòmèl nan travay, nan lekòl, lè y al achte, e nan lòt sikonstans.
25 min : Jusqu’où ne pas “ aller trop loin ” ? Diskou pou yon ansyen fè, ki baze sou Réveillez-vous ! 22 oktòb 93, p. 20-22. Oubyen “ Tanpri, koute konsèy nou jwenn nan kasèt videyo Egzanp pou ban nou leson nan tan pa nou an. ” Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an, epi, tou antre nan yon konvèsasyon avèk oditwa a sou chak kesyon ki nan atik la. Nan mwa desanm, nou pral gade kasèt videyo Pas de sang : la médecine relève le défi.
Kantik 41 ak priyè final.
Semèn 4 novanm
Kantik 66
10 min : Anons lokal. Fè yon ti rapèl sou kèk sijesyon yo te bay nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a, sou fason pou nou prezante bwochi Bondye vle a ak liv Konesans lan. Fè demonstrasyon sou youn nan prezantasyon yo.
13 min : Yo pa wont bon nouvèl la (Wom. 1:16). Yon jèn ap pwoche bò kote papa l pou l esplike l yon pwoblèm. Li di papa l li pa fin twò vle kite moun konnen si l se Temwen Jewova, paske li pè pou jèn parèy li yo pa pase l nan betiz. Papa a felisite jèn nan pou franchiz li. Li rakonte ki jan Pyè te reyaji yon lè akoz presyon li te jwenn (Mat. 26:69-74). Papa a bay konsèy sa a : nou pa ta dwe janm wont paske nou se kretyen (Mak 8:38). Li bon pou w fè konnen ou se Temwen Jewova nan lekòl ou. Anpil pwofesè, lè yo konn sa, ap respekte kwayans ou, e yo pap chèche fè w antre nan aktivite ki ka twouble konsyans ou. Menm jan an tou, jèn ki pap suiv prensip Bondye yo pap eseye fè presyon sou ou pou w al fè sa k pa sa. Kamarad lekòl ou yo ap pi fasil konprann poukisa ou chwazi pou w pa antre nan renmen, poukisa w pa patisipe nan espò oubyen lòt aktivite ki pa antre nan kad lekòl la. Si gen tan pou sa, papa a ak jèn nan ap fè yon ti pale sou pwen ki nan soutit “ Faites la déclaration publique de votre amitié avec Dieu ” nan paj 315-18 liv Les jeunes s’interrogent la. Jèn nan remèsye papa l pou bon konsèy li ba li.
22 min : Soumèt nou devan Bondye. Opoze ak Dyab la (Jak 4:7). Yon ansyen ap sèvi ak kesyon ki nan atik la pou l fè yon konvèsasyon ki byen anime sou jounen asanble espesyal ane pase a. Envite pwoklamatè yo pou yo di ki jan yo te rive aplike sa yo te aprann nan asanble a. (Nou ka bay kèk pati alavans pou pwoklamatè yo prepare.) Souliye pwen sa yo ki te parèt nan pwogram asanble a : 1) “ Annou soumèt nou devan Bondye nan yon monn ki nan esklavaj. ” Poukisa nou dwe veyatif pou nou evite pyèj monn nan ? 2) “ Annou demontre nou soumèt devan Bondye nan fanmi nou. ” Poukisa, nan òganizasyon Jewova a, li ijan anpil pou nou ranfòse bonjan relasyon nan fanmi nou ? Ki jan nou ka fè sa ? 3) “ Ede nouvo yo pou yo pran pozisyon bò kote Jewova yon fason fèm. ” Ki sa n ka fè pou n ede nouvo yo pou yo venk obstak k ap teste lafwa yo ? 4) “ Ki sa sa vle di pou nou opoze ak Dyab la ? ” Ki pwen kle k ap ede yon moun reziste kòrèkteman kont Dyab la ? Nan ki sans ekipman sòlda yo dekri nan Efezyen 6:11-18 la pwoteje nou (w92 15/5 21-3) ? 5) “ Jèn ki reziste kont mechan an kòrèkteman ”, “ Jèn ki tire pwofi paske yo soumèt devan Bondye. ” Kont ki plan Satan, jèn yo bezwen toujou rete sou pinga yo ? Ki rekonpans jèn yo jwenn paske yo soumèt yo devan Jewova (w90 1/8 13-14, § 15-17) ? 6) “ Soumisyon devan Bondye bay bon rezilta. ” Esplike ki jan kretyen yo demontre yo soumèt devan gouvènman yo, devan patwon yo, nan fanmi yo, e nan kongregasyon an. Ki kalite k ap ede nou fè sa ?
Kantik 185 ak priyè final.